Ak Kisa pou w Atann ou Lè w ap Aplike pou FEMA

Release Date Release Number
NR 006
Release Date:
September 15, 2021

Èd FEMA an pa ranplase yon asirans men li kapa ede nan bezwen debaz yo pou ede w kòmanse rekipere. Sa gen ladan li èd pou fè reparasyon nan kay ki esansyèl, jwenn yon kote tanporè pou rete epi repare oswa ranplase kèk bagay nan yon kay.

Reparasyon nan Kay

  • Moun sinistre ki gen kay yo ki sibi dega nan moman Siklòn Ida an epi ki pa asire oswa ki pa asire ase yo kapab kalifye pou jwenn èd nan men FEMA pou repare kay yo nan yon kondisyon kote yo kapab viv ladan l.
  • Èd federal FEMA an founi sèlman bagay debaz ki nesesè pou yon kay - tankou twalèt, yon twati, sèvis ki pi enpòtan yo, fenèt ak pòt. Egzanp bagay ki pa kalifye kapab gen ladan yo plaka yo ak pòt garaj yo.
  • Yon enspeksyon kay la obligatwa pou kalkile epi evalye pèt la.
  • Kay moun kapab viv ladan yo ranpli kondisyon sa ki pi ba yo:
  •  Pati deyò an gen yon estrikti ki solid, tankou pòt, twati ak fenèt yo.
  • Sistèm kouran, gaz, chofaj, plonbri, ak tou rego ak fòs twalèt yo fonksyone kòmsadwa.
  • Pati andedan yo gen yon estrikti ki solid, tankou plafon ak sòl la.
  • Yo kapab itilize kay lan pou sa yo te fèl la.

EGZANP

  • Aparèy: FEMA kapab ede nan ranplasman oswa reparasyon sistèm chofaj ak sistèm chofaj dlo ki kraze nan moman katastwòf la. Atik ki pa esansyèl tankou sistèm lavaj veso ak ekipman son ak imaj yo pa p kouvri.
  • Dega nan Plafon oswa Twati: FEMA kapab ede nan reparasyon twou katastwòf la fè nan twati yo ki lakòz dega nan plafon ak pati elektik ki ldan yo tankou limyè nan plafon yo. Depans pou repare ti tach ki se rezilta twati koule pa ranbousab.
  • Sòl: FEMA kapab ede nan repare sousòl nan pati ki gen moun nan kay la ki te sibi dega nan moman katastwòf la.
  • Fenèt: FEMA kapab ede nan fenèt ki kraze pandan moman katastwòf la, men li p ap repare pèsyèn oswa rido.
  • Kalkil FEMA pou evalye pèt yo varye paske sitiyasyon chak kandida diferan, kidonk prim ki ap bay yo ap varye nan mitan moun sinistre yo.

Yon Kote pou Rete

Pwopriyetè kay oswa lokatè kapab resevwa asistans finansyè tanporè pou jwenn yon lòt kote pou viv si pa gen mwayen pou viv nan kap la apre Siklòn Ida an epi si yon moun sinistre pa gen kouvèti asirans pou lojman tanporè an.

Lòt Kategori Èd

Èd finansyè disponib pou depans nesesè ak bezwen ki enpòtan ki se rezilta dirèk katastwòf la, tankou:

  • Depans pou pran swen timoun
  • Depans medikal ak dan
  • Depans ki gen pou wè ak antèman
  • Dega nan bagay ki nesesè nan kay la:
  • Founiti pou chanm
  • Aparèy
  • Rad
  • Zouti espesyal, epi rad ak ekipman ki nesesè pou yon travay
  • Materyèl edikatif ki nesesè tankou òdinatè, liv lekòl ak founiti
  • Dega nan yon machin ki nesesè (li obligatwa pou genyen yon asirans responsabilte sivil pou yo deside founi asistans nan reparasyon/ranplasman)
  • Depans demenajman ak depo ki se rezilta katastwòf la
  • Bagay divès ki te achte nan kad katastwòf la tankou jeneratris, si ak chèn oswa aparèy pou imidite.
Tags:
Dènye mizajou