Asistans Fineray pou COVID-19 ap ede diminye estrès finansye pou Fanmi yo

Release Date Release Number
04
Release Date:
August 4, 2021

ST. CROIX, U.S. Virgin IslandsPandemi COVID-19 te pote anpil lapenn akablan pou anpil fanmi. Nan nivo sa, FEMA ap ede soulaje estrès finansye ak chaj maladi kowonaviris te koze.

Daprè Lwa 2021 sou Repons Kowonaviris ak Soulajman Siplemantè ak Lwa 2021 sou Plan Sekou Ameriken, FEMA bay asistans finansye pou depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 ki te fèt apre 20 Janvye 2020.

Moun sila yo ki te fè depans fineray akoz kowonaviris ka aplike pou Asistans Fineray COVID-19 FEMA lè yo rele 844-684-6333 (TTY: 800-462-7585) apati 9 a.m. pou rive 9 p.m. EDT, Lendi jiska Vandredi. Sèvis nan plizyè lang disponib.

Apre premye apèl, FEMA pral voye bay aplikan an yon Demann pou Enfòmasyon (RFI) sa ki mete aksan sou tout dokiman ki nesesè yo pout rete aplikasyon Asistans pou Fineray ki gen rapò avèk COVID-19. Pou w jwenn plis enfòmasyon, aplikan yo ka vizite tou seksyon kesyon yo poze souvan nan sit entènèt FEMA nan Kesyon Yo Poze Souvan yo sou Asistans Finerè.

Jiska dat, FEMA te resevwa 17 aplikasyon pou depans fineray ki gen rapò avèk COVID-19 e li te debouse $44,066 pou asistans sa a nan Zile Vyèj Etazini.

FEMA pral kontinye fè patenarya avèk gouvènman Zile Vyèj yo epi ansanm nou pral asire livrezon ekitab pwogram yo kòm li rete yon gwo priyorite.

Tags:
Dènye mizajou