FEMA Pwolonje Delè Siplemantè pou Renouvèlman Peman Mansyèl Asirans Inondasyon

Release Date Release Number
HQ-20-040
Release Date:
March 29, 2020

WASHINGTON – FEMA ap kontinye pran mezi pwo-aktif pou adrese pandemi COVID-19 la.  Pou ede desèvi kliyan Pwogram Asirans Inondasyon Nasyonal (National Flood Insurance Program, NFIP) li yo ki ka gen difikilte finansye, ajans lan ap pwolonje delè siplemantè a pou renouvèlman polis asirans inondasyon yo de 30 a 120 jou. Ekstansyon sa a aplike pou polis asirans inondasyon NFIP yo ki gen dat ekspirasyon ant 13 fevriye ak 15 jen 2020.

Pou evite yon sispansyon nan pwoteksyon an, genyen yon delè siplemantè 30 jou pou renouvle polis yo. Sepandan, akoz deranjman ekonomik jeneral ki rive poutèt pandemi sa a, FEMA rekonèt ke benefisyè asirans inondasyon yo ka pa kapab fè fas a delè estanda pou renouvèlman polis la.

Dapre David Maurstad, ki se administratè adjwen Administrasyon Asirans Federal ak Mitigasyon FEMA a, ki sipèvize NFIP a, “FEMA konprann sans ijans ki genyen parapò avèk difikilte finansye yo e l vle aji defason pwo-aktif." "Nou vle asire nou benefisyè yo pa gen enkyetid ke polis yo a pral anile pandan sezon inondasyon prentan an oswa nan kòmansman sezon siklòn nan.  Nou swete ekstansyon sa a pral bay benefisyè yo kèk soulajman e l pral pèmèt yo tan anplis pou yo renouvle polis yo pou asire yo gen pwoteksyon si ta vin gen inondasyon."

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou renouvèlman polis asirans inondasyon yo oswa pou rezoud yon peman w manke, benefisyè yo kapab rele konpayi asirans yo oswa rele Sant Dapèl pou Pwogram Asirans Inondasyon Nasyonal la nan 1-877-336-2627.

###

Related Links:
Tags:
Dènye mizajou