Konte Jefferson Elijib pou Asistans Piblik FEMA; Lòt Konte yo Elijib pou Plis Èd

Release Date Release Number
NR 013
Release Date:
October 14, 2020

PENSACOLA, Fla. –  Konte Jefferson elijib kounye a pou sibvansyon Asistans Piblik FEMA pou repriz apre Siklòn Sally.

Anplis, konte Bay, Calhoun, Franklin, Gadsden, Gulf, Holmes, Jackson, Liberty, Okaloosa, Walton ak Washington yo elijib kounye a pou plis kategori Asistans Piblik, ki gen ladan l anlèvman debri ak reparasyon pèmanan.

Nan dat 13 oktòb 2020, yon amannman nan deklarasyon pou gwo katastwòf la vle di ke konte sa yo menm jan ak konte Escambia ak Santa Rosa yo vin elijib pou resevwa ranbousman pou anlèvman debri, mezi dijans ak reparasyon oswa ranplasman enstalasyon piblik ki domaje akòz katastwòf, tankou wout ak pon yo, enstalasyon kontwòl dlo, bilding ak ekipman, sèvis piblik ak pak yo.

Tags:
Dènye mizajou