Ki Kalite Asistans FEMA Kapab Bay Sivivan Inondasyon konte Broward la?

Release Date:
May 3, 2023

Floridians who were impacted by the April 12 – 14 severe storms, tornadoes and flooding in Broward County may be eligible for FEMA assistance for temporary lodging, basic home repairs, personal property losses and other eligible expenses.

Ranbousman depans pou lojman

Dapre pwogram Endividi ak Fanmi FEMA a, depans pou lojman yo ka elijib pou ranbousman si yon aplikan:

  • Verifye ke li okipe yon rezidans prensipal nan Konte Broward.
  • Verifye ke rezidans prensipal la inabitab oswa li pa aksesib akòz tanpèt la.

Asistans pou Lwaye pou Lojman Tanporè

FEMA gendwa kapab bay lwaye, ki gen ladann yon depo sekirite, si tanpèt la te rann rezidans prensipal ou a inabitab. Asistans la ka gen ladan sèvis piblik esansyèl tankou elektrisite ak dlo.

Gwo Reparasyon ak lòt Depans.

Pwogram Asistans endividi ak fanmi FEMA a fèt pou satisfè bezwen debaz fanmi w, pa pou retabli kay ou ak tout atik pèsonèl ou nan kondisyon yo anvan tanpèt la.

  • “Assistance pou lojman” kouvri reparasyon nan pati estriktirèl lakay ou. Sa a gen ladann fenèt, pòt, planche, mi, plafon, kabinèt, sistèm chofaj, vantilasyon ak klimatizasyon, sèvis piblik (elektrik, plonbri ak sistèm gaz), ak fason pou antre. FEMA ka ranbouse tou pou reparasyon oswa ranplasman founo, pi ak sistèm septik ou.
  • “Asistans pou Lòt Bezwen” ka bay pwopriyetè kay ak lokatè yo ranbousman pou depans sa yo ki pa gen asirans oswa ki mal asire, ki gen rapò ak tanpèt tankou:
    • Depans medikal ak dantè; depans pou fineray ak antèman; reparasyon, netwayaj, oswa ranplasman rad; mèb ak aparèy nan kay la; zouti espesyalize ou itilize nan travay ou; materyèl edikatif ak demenajman, depo ak lòt depans nesesè ki gen rapò ak tanpèt la ak inondasyon an.
    • Machin ak kamyon ou posede pèsonèlman, ki andomaje akòz katastwòf ou yo kapab elijib tou pou reparasyon oswa ranplasman pa FEMA.
    • FEMA kapab ranbouse aplikan ki te lwe oswa achte jeneratris pou rezidans prensipal yo pandan yon pan kouran ki te koze pa gwo tanpèt ak inondasyon yo.

Aplike nan FEMA

  • Pou w kalifye pou Pwogram Endividi ak Fanmi FEMA a, ou dwe aplike nan FEMA. Gen twa fason pou ou aplike: 1) DisasterAssistance.gov, 2) telechaje Aplikasyon FEMA pou aparèy mobil, 3) rele Liy Asistans FEMA nan nimewo gratis 800-621-3362. Liy telefòn lan disponib soti 7 a.m. rive 11 p.m. ET. Èd la disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.
  • Pou yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou asistans, ale nan, FEMA Accessible: Twa Fason pou Enskri pou Asistans FEMA pou Katastwòf.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florid apre gwo tanpèt, tònad ak inondasyon, vizite floridadisaster.org/info ak fema.gov/disaster/4709. Suiv FEMA sou Twitter nan FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter ak nan facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou