Asistans Lojman Tanporè

Release Date:
September 3, 2021

Kesyon: Kisa TSA ye?

Repons: Asistans Lojman Tanporè (Transitional Sheltering Assistance, TSA) se yon pwogram FEMA e se yon Eta ki dwe fè demann pou pwogram sa. Li pèmèt moun sinistre ki kalifye jwenn amenajman tanporè, akoutèm lè pa gen lòt opsyon lojman ki disponib apre yon katastwòf prezidan an deklare.

Kesyon:  Ki moun ki kalifye pou TSA?

Repons: Yon moun sinistre dwa premyèman aplike bòkote FEMA. Epitou yo dwe:

Pase verifikasyon idantifikasyon

  • Premye rezidans avan katastwòf la dwe tabli nan limit yon Pawas yo chwazi pou TSA
  • Te verifye prezans lokatè
  • Te deplase kite oswa pa kapab viv nan rezidans anvan katastwòf yo an.

Kesyon: Èske yon moun sinistre apre yon katastwòf kapab fè yon demann TSA?

Repons: Non. FEMA pral idantifye moun sinistre ki kapab kalifye epi genyen bezwen yon asistans espesifik yo. FEMA pral kominike kalifikasyon pou TSA an atravè yon kantite metòd tankou telefòn, tèks ak imèl.

Kesyon: Kòman pou m aplike pou asistans FEMA an?

Repons: Moun sinistre nan youn nan pawas yo chwazi pou Asistans Endividyèl yo kapab aplike ak FEMA pou asistans pandan y ap itilize aplikasyon FEMA an, anliy nan www.disasterassistance.gov oswa atravè telefòn nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-758.  Moun ki ap itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, Innocaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo espesifik yo genyen ki asosye ak sèvis sa. .

Kesyon: Èske se yon moun sinistre ki gen pou rezève chanm otèl pa li?

Repons: Wi. Se kandida ki kalifye pou TSA yo ki gen pou rezève chanm otèl pa yo. Lis otèl ki patisipe yo pral afiche nan DisasterAssistance.gov, nan lyen Transitional Sheltering Assistance Program oswa ou kapab jwenn li pandan w ap rele nan liy asistans FEMA an ki se 800-621-3362. Pou TTY rele nan 800-462-7585. Pou 711 oswa Sèvis Relè Videyo (Video Relay Service, VRS), rele nan 800-621-3362.

Kandida ki andikape yo oswa ki gen bezwen aksè ak bezwen fonksyonèl yo dwe verifye bòkote otèl yo pou asire gen amenajman apwopriye ki disponib anvan yo konfime yon rezèvasyon. Pwopriyetè zannimo domestik yo dwe verifye pou konnen si yo asepte zannimo domestik yo. Kandida yo dwe montre foto idantifikasyon yo epi aplike tout egzijans anrejistreman otèl la.

Kesyon: Èske mwen ka rete nan yon lòt eta?

Repons: Poutèt yo itilize otèl/motèl yo anpil nan zòn ki afekte an, li kapab difisil pou lokalize yon sèvis lojman ki ap patisipe nan pwogram lan. Yon moun sinistre kapab gen pou vwayaje sou yon gwo distans pou li kapab lokalize yon chanm ki disponib sa ki kapab mande pou li fè rechèch andeyò eta an.

Pou deklarasyon katastwòf Siklòn Ida an nan Louisiana, otèl TSA te apwouve yo chita kò yo sèlman nan Louisiana, Alabama, Arkansas, Georgia, Florida, Mississippi, New Mexico, Oklahoma, Tennessee ak Texas.

Kesyon: Èske FEMA peye pou repa, lesiv oswa pakin mwen pandna mwen nan otèl la?

Repons: Non. FEMA sèlman peye pou chanm lan ak nenpòt taks aplikab ak depans pou zannimo domestik. Kandida kalifye an responsab tout lòt depans (manje, transpò, elatriye)

Kesyon: Pandan konbyen tan mwen ka rete nan otèl la?

Repons: Pou DR-4611-LA, kandida ki kalifye yo ap jwenn enfòmasyon ki ap fè yo konnen premye asistans lan se pou yon dire 30 jou ki kòmanse apati dat 2 Septanm rive 2 Oktòb 2021.

Kesyon: Mwen te rete anndan chanm yon otèl depi anvan dat 2 Septanm 2021 an, èske FEMA ap peye fakti otèl mwen an?

Repons: Kalifikasyon pou TSA an pa gen efè sou peryòd tan anvan pwogram lan kòmanse an. Sepandan, moun sinistre yo kapab bay resi yo epi remèt yo bay FEMA. Yo kapab kalifye pou ranbousman depans lojman pou depans yo fè ak lajan pòch yo ki pa t antre nan kad frè lojman adisyonèl oswa lòt asistans lojman gras ak yon konpayi asirans.

Kesyon: Èske se yon moun sinistre gen pou li siyen nenpòt bagay pandan li ap anrejistre an?

Repons: Moun sinistre yo dwe siyen yon dokiman Tèm ak Kondisyon lè yo ap anrejistre nan yon otèl TSA. Lè yo siyen Tèm ak Kondisyon yo, yo asepte aplike direktiv pwogram TSA an pou yo rete kalifye.

Kesyon: Mwen se yon pwopriyetè lojman. Kijan mwen kapab ajoute pwopriyete mwen an nan lis apwouve FEMA an?

Repons:  Si pwopriyetè lojman yo enterese patisipe nan pwogram TSA FEMA pou moun sinistre apre katastwòf yo, yo kapab voye yon mesaj imèl nan femahousing@clclodging.com oswa rele nan 866-545-9865 pou pale ak reprezantan nan Corporate Lodging Consultants, ki ap jere enskripsyon founisè sèvis lojman yo.  Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou lojman annijans nan Emergency Lodging Assistance Program.

Tags:
Dènye mizajou