FEMA Ap Bay Plis Enfòmasyon sou Lojman Dirèk sou Videyo YouTube yo

Release Date:
December 22, 2020

BATON ROUGE, La. — FEMA ap travay lepli rapid posib pou l plase fanmi ki kalifye yo nan inite lojman tanporè. Nan seri ti videyo kout sa yo sou YouTube, FEMA ap reponn kesyon sou asistans Pwogram Lojman Dirèk (Direct Housing Program) nan apre pasaj Siklòn Laura nan Louisiana.

 

Atravè Pwogram Lojman Dirèk la, FEMA ka bay inite lojman tanporè apre yon katastwòf lè kay yo domaje oswa detwi epi lè pa gen ase kote ki disponib pou sivivan yo amenaje ladan yo.

 

Chak segman videyo reponn kesyon sou aspè byen presi nan efò Pwogram Lojman Dirèk la.

 

Ou ka gade videyo yo nan https://www.youtube.com/playlist?app=desktop&list=PL720Kw_OojlKw3tTD-G5UcenyG2Yq2bmk.

 

Tit segman yo se:

 

Èske mwen ka fè lòt moun rete nan inite a oswa èske mwen ka lwe yon chanm nan inite lojman mobil mwen an? (Can I have others live in the unit or rent out a bedroom of my mobile housing unit?)   

 

Èske mwen ka vini ak bèt domestik mwen yo nan trelè a? (Can I bring my pets with me into the travel trailer?)  

 

Kisa ki pral pase trelè mwen an si mwen pa fin fè reparasyon yo nan 18 mwa? (What will happen to my trailer if I'm not finished with repairs in 18 months?)  

 

Kijan FEMA detèmine nan ki lòd moun pral jwenn lojman tanporè? (How does FEMA determine the order of who gets a temporary housing?)  

 

Èske si yon moun resevwa lojman tanporè sa pral afekte lòt avantaj federal yo? (Does receiving a temporary home affect other federal benefits?)  

 

Èske gen kèk bagay mwen ka fè pou ekspedye pwosesis la? (Is there anything I can do to make the process go faster?)  

 

Pou poze kesyon sou repris oswa pou soumèt enfòmasyon bay FEMA: Rele Liy Asistans FEMA a nan 800- 621- 3362 (TTY 800- 462- 7585); ale sou www.DisasterAssistance.gov oswa teledechaje Aplikasyon Mobil FEMA a nan fema.gov/about/news-multimedia/app.

 

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou fema.gov/disaster/4559. Oswa swiv kont Twitter FEMA Region 6 la sou twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou