Asirans Inondasyon ak Ogmantasyon Pri Konfòmite - Ki jan li ede

Release Date:
February 27, 2023

Si w gen yon kontra avèk Pwogram Nasyonal Asirans Inondasyon (National Flood Insurance Program, NFIP) epi siklòn Ian oswa Nicole te andomaje kay ou anpil, ou ka kalifye pou plis pwoteksyon anba kontra ou a.

Ki asistans ki disponib?

Apre yon evènman inondasyon, ofisyèl lokal yo detèmine si yon estrikti te "andomaje anpil."

Kouvèti Ogmantasyon Pri Konfòmite (Increased Cost of Compliance, ICC) enkli nan yon Règleman Asirans Inondasyon Estanda epi li ajoute a kouvèti asirans regilye kont inondasyon pou reparasyon domaj aktyèl fizik bilding nan ki te koze pa inondasyon.

Dapre pwoteksyon sa a, ou ka elijib pou resevwa jiska $30,000 pou ede peye depans pou mete kay ou an konfòmite ak egzijans jesyon plenn inondasyon kominote w la.

Lajan ICC yo ka ede peye depans pou yo fè elve, pwoteksyon inondasyon, demoli oswa deplase yon estrikti rezidansyèl. Kouvèti ICC disponib tou sou bilding ki pa rezidansyèl yo, tankou bilding piblik oswa gouvènman an tankou lekòl, bibliyotèk ak estrikti minisipal ki gen asirans dapre yon politik NFIP.

Ou ka mande moun k ap fè regleman reklamasyon ou oswa ajan asirans ou sou kouvèti ICC. Sa a aplike a kay ki nan yon Zòn Espesyal Danje Inondasyon, oswa yon zòn inondasyon.

Aktivite alèjman ki finanse pa peman ICC a dwe fini pa pita pase sis ane apre dat pèt inondasyon an. Si travay la pa pase enspeksyon final la anvan dat limit la, pwopriyetè kay la ka mande konpayi asirans lan yon dewogasyon pou dat finisman an, men li dwe bay dokiman sou rezon ki fè yo ta dwe akòde dewogason sa a.

Pou plis enfòmasyon sou asirans jeneral inondasyon, kontakte ajan asirans ou oswa NFIP nan 800-427-4661. Ou ka voye yon imèl tou pou FloodSmart@dhs.gov pou mande enfòmasyon nan yon lang ki pa Anglè. Enfòmasyon yo disponib tou sou FEMA.gov ak FloodSmart.gov.

Tags:
Dènye mizajou