Florida Hurricane Nicole

DR-4680-FL
Florida

Peryòd Ensidan: Nov 7, 2022 - Nov 30, 2022

Dat Deklarasyon: Dec 13, 2022

Kounye a fèmen: Peryòd pou aplike pou asistans pou katastwòf

alert - warning

Dènye jou pou endividyèl ak fanmi yo aplike pou asistans apre katastwòf sa a fin pase. Ou pa kapab kòmanse yon nouvo reklamasyon ankò.

Pou tcheke estati yon reklamasyon ki deja soumèt, vizite DisasterAssistance.gov.

Yo te di m pou m rele Administrasyon Ti Biznis Etazini

FEMA pa gen dwa bay asistans pou katastwòf pou sèten pèt ki kouvri pa prè pou katastwòf Administrasyon Ti Biznis Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA). SBA bay endividyèl ak fwaye yo prè pou katastwòf ak enterè ki ba pou ede yo ak pèt dezas yo. FEMA travay ak SBA pou detèmine si ou ka kalifye pou Asistans Pwopriyete Pèsonèl, Asistans Transpò, oswa yon Règleman Asirans Gwoup Inondasyon.

FEMA pral refere w otomatikman bay SBA pou konsidere w pou yon prè pou katastwòf si w satisfè nòm revni SBA yo. FEMA sèvi ak revni anyèl brit lakay ou ak kantite moun ki depandan yo pou detèmine si yo ta dwe refere w bay SBA.

Si yo refere w bay SBA, FEMA ap kontakte w atravè yon sistèm kominikasyon otomatik pou eksplike kijan pou aplike pou yon prè pou katastwòf. Ou dwe ranpli epi retounen yon aplikasyon prè pou w konsidere w pou yon prè SBA oswa sèten kalite asistans FEMA. Ou pa oblije aksepte yon òf prè SBA. Sepandan, si yo apwouve w pou yon prè SBA, epi ou pa aksepte li, yo p ap voye w tounen bay FEMA pou byen pèsonèl oswa asistans transpò.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram prè SBA pou katastwòf la, tanpri rele SBA nan 800-659-2955 (TTY: 800-877-8339). Enfòmasyon SBA disponib tou nan www.SBA.gov/disaster oswa pa imèl nan disastercustomerservice@sba.gov.

Aprann plis sou prè SBA a

Mwen te aplike pou asistans. E Annapre?

Si Ou Gen Asirans

Tanpri kontakte konpayi asirans ou pi vit posib pou w fè yon reklamasyon. FEMA kapab bay lajan sèlman apre ou fin resevwa règleman asirans ou a. Si asirans ou a pa kouvri tout depans pou reparasyon oswa rekonstwiksyon kay ou a, FEMA gendwa kapab ede w.

FEMA pa ka bay lajan pou depans ki kouvri pa asirans oswa benefis doub ke yon lòt sous te founi. Lè ou jwenn règleman asirans ou oswa refi, tanpri voye yon kopi bay FEMA osito ou kapab.

Si règleman asirans ou an reta plis pase 30 jou apati lè ou fè reklamasyon ou a, rele Liy Èd FEMA a nan 800-621-3362.

Aprann plis sou etap apre w fin aplike

Si Ou Pa Gen Asirans

FEMA pral verifye pèt ke katastwòf la te koze yo. Ajans la pral pwograme yon lè pou enspekte kay ou a si ou te rapòte domaj nan kay ou a oswa pwopriyete pèsonèl ou. Oswa FEMA ap mande w voye dokiman pou verifye depans ou yo.

W ap resevwa lèt notifikasyon nan men FEMA swa pa lapòs oswa korespondans elektwonik ki eksplike pwochen etap ou yo. Si sa nesesè dapre pèt ou rapòte yo, yon enspektè ap kontakte w pa telefòn pou pran yon randevou pou yon enspeksyon. Si w rate apèl la, y ap kite yon mesaj tep epi fè plizyè tantativ pou yo kontakte w. Enspektè a pa ta dwe bezwen wè resi reparasyon oswa foto domaj la. Men, si w kòmanse netwaye anvan enspeksyon an, FEMA sijere ou pran foto, fè yon lis pèt ou yo, epi kenbe resi pou tout depans ki lye a dezas la.

Jwenn yon Konseye pou Kay

Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (Department of Housing and Urban Development, HUD) bay sipò nan yon rezo ajans konsèy lojman (housing counseling agencies, HCA) ak konseye sètifye nan tout peyi a. HCA k ap patisipe ak HUD yo apwouve epi pran fòmasyon pou bay zouti pou pwopriyetè ak lokatè aktyèl oswa k ap vini pou yo ka fè chwa ki responsab konsènan bezwen kay yo genyen selon sitiyasyon finansyè yo.

Verifye Pwopriyetè oswa Lokatè Kay

FEMA oblije verifye ou te rete nan adrès ki nan aplikasyon w lan kòm rezidans prensipal ou anvan yo akòde w majorite kalite asistans. FEMA dwe verifye tou ke kay la se pou ou avan pou l bay Reparasyon Kay oswa Asistans Ranplasman. Aprann plis sou pwosesis aplikasyon an.

Nan efò n ap fè pou rann èd pou asistans katastwòf la pi rapid epi redui travay moun k ap aplike yo, nou eseye verifye pwopriyetè ak lokatè lè nou itilize yon rechèch otomatik nan dokiman piblik.

Si nou pa ka verifye ke w ap viv oswa ou posede kay ou mete nan aplikasyon an, n ap mande w pou w bay dokiman ki pwouve ou rete epi/oswa ou posede l pou ede nou detèmine si w elijib pou asistans.

Kijan Mwen ka fè Apèl Desizyon an?

Si w resevwa yon lèt ki di ou pa elijib pou asistans oswa aplikasyon w lan pa konplè, ou ka toujou fin ranpli aplikasyon an oswa fè apèl pou desizyon an nan 60 jou ou fin resevwa yon lèt desizyon. Lèt la ka swa vin jwen ou pa lapòs oswa yo mete l nan kont Sant Asistans pou Katastwòf ou a, si ou te kreye yon kont.

Aprann Plis sou apèl yo

Kesyon yo Poze Souvan ak Rimè

Aprann plis konsènanrimè ki abitye sikile sou katastwòfepi ki jan pou wrapòte fwod. Ou ka jwenn repons tou pou kesyon yo poze souvan sou abri ijans, asistans pou katastwòf, asirans pou inondasyon ak plis ankò.

Resous plizyè lang

Ou ka jwenn grafik medya sosyal ak mesaj sekirite enpòtan nan plizyè lang, tankou Anglè, Chinwa, Panyòl ak Vyetnamyen.

Nou gen videyo tou nan langaj siy Ameriken (American Sign Language, ASL) sou sijè tankou:

Ki jan pou ede

Benevola ak Donasyon

Rekiperasyon an ka pran plizyè ane apre yon dezas. Gen anpil fason pou ede tankou bay donasyon kach, bay bagay moun bezwen oswa bay tan w. Aprann plis sou fason pou ede moun ki nan bezwen yo.

Pa al deplwaye pwòp tèt ou nan zòn dezas yo. Òganizasyon de konfyans nan zòn ki afekte yo konnen ki kote yo bezwen volontè yo. Travay ak yon òganizasyon ki etabli pou asire w ke ou gen sekirite apwopriye, fòmasyon ak konpetans ki nesesè pou reponn.

Ajans Lyezon Volontè FEMA (Voluntary Agency Liaisons, VALs)  bati relasyon ak kowòdone efò ak òganizasyon volontè, ki baze sou lafwa ak òganizasyon kominotè ki aktif lè gen katastwòf.

Fè Biznis ak FEMA

Si w enterese bay sèvis ak machandiz peye pou sekou pou katastwòf, vizite paj Fè Biznis ak FEMA nou an pou kòmanse.

Si ou posede yon biznis ki enplike nan retire debri epi ou swete patisipe nan efò netwayaj nan zòn ki afekte yo, tanpri kontakte gouvènman lokal la nan zòn ki afekte yo pou ofri sèvis ou yo.

Resous Lokal

Nouvèl & Laprès Lokal

Vizite paj Nouvèl & Laprès pou jwenn aktyalite, fich ransèyman, nòt laprès, ak lòt resous miltimedya.

Local Resources Custom Text

Disaster Recovery Centers (DRC)

Impacted survivors from the approved designated counties can visit the nearest DRC for help to apply for assistance. Representatives from FEMA and U.S. Small Business Administration are available at these centers to explain disaster assistance programs, answer questions about written correspondence and provide literature about repairs and rebuilding to make homes more disaster resistant.

Residents who previously registered for assistance do not need to visit the DRC, but can ask questions or seek further information in person at the DRC in addition to online or by phone.

Citizenship and FEMA Eligibility

FEMA is committed to helping all eligible disaster survivors recover from Hurricane Ian, including U.S. citizens, non-citizen nationals and qualified aliens.

Learn more about Citizenship and Immigration Status Requirements for Federal Public Benefits

How Do I Appeal the Final Decision?

If you receive a letter stating that you are ineligible for assistance or that your application is incomplete, you can still complete the application or appeal the decision within 60 days of receiving a decision letter. The letter would either be mailed to you or placed into your Disaster Assistance Center account, if you have set up an account.

Learn More on Appeals

Frequently Asked Questions and Rumors

Learn more about common disaster-related rumors and how to report fraud. You can also get answers to frequently asked questions about emergency shelters, disaster assistance, flood insurance and more.

Verifying Home Ownership or Occupancy

FEMA is required to verify you lived at the address in your application as your primary residence before providing most types of IHP Assistance. FEMA is also required to verify you owned your home before providing Home Repair or Replacement Assistance.

As part of our effort to make the disaster assistance process quicker and reduce the burden on applicants, we try to verify occupancy and ownership by using an automated public records search.

If we cannot verify you lived in or owned the home that you listed in your application, we will ask you to provide documents to prove occupancy and/or ownership to help us determine if you are eligible for assistance.

Learn More

Kouman pou Ede

Benevola ak Donasyon

Rekiperasyon an ka pran plizyè ane apre yon dezas. Gen anpil fason pou ede tankou bay donasyon kach, bay bagay moun bezwen oswa bay tan w. Aprann plis sou fason pou ede moun ki nan bezwen yo.

Pa al deplwaye pwòp tèt ou nan zòn dezas yo. Òganizasyon de konfyans nan zòn ki afekte yo konnen ki kote yo bezwen volontè yo. Travay ak yon òganizasyon ki etabli pou asire w ke ou gen sekirite apwopriye, fòmasyon ak konpetans ki nesesè pou reponn.

Ajans Lyezon Volontè FEMA (Voluntary Agency Liaisons, VALs)  bati relasyon ak kowòdone efò ak òganizasyon volontè, ki baze sou lafwa ak òganizasyon kominotè ki aktif lè gen katastwòf.

Fè Biznis ak FEMA

Si w enterese bay sèvis ak machandiz peye pou sekou pou katastwòf, vizite paj Fè Biznis ak FEMA nou an pou kòmanse.

Si ou posede yon biznis ki enplike nan retire debri epi ou swete patisipe nan efò netwayaj nan zòn ki afekte yo, tanpri kontakte gouvènman lokal la nan zòn ki afekte yo pou ofri sèvis ou yo.

Obligasyon Finansman

Asistans Endividyèl Montan
Total Asistans Lojman (Housing Assistance - HA) - Dola ki Apwouve $6,110,291.96
Total Asistans Lòt Bezwen (Other Needs Assistance - ONA) - Dola ki Apwouve $859,920.48
Total Pogram Endividyèl & Kay Dola ki Apwouve $6,970,212.44
Aplikasyon Asistans Endividyèl ki Apwouve 1952
Asistans Piblik Montan
Emergency Work (Categories A-B) - Dollars Obligated $22,897,927.82
Permanent Work (Categories C-G) - Dollars Obligated $53,172,940.67
Total Asistans Piblik Sibvansyon Dola Akòde $79,630,058.71
Asistans pou Atenye Malè Pandye Montan
Pogram Sibvansyon pou Atenye Malè Pandye (Hazard Mitigation Grant Program - HMGP) - Dola Akòde $1,231,448.20

Lis Sant Rekiperasyon pou Dezas (DRC)

Nothing to show.
Dènye mizajou