alert - warning

This page has not been translated into Kreyòl. Visit the Kreyòl page for resources in that language.

Nouvèl & Laprès: Dezas 4570

Nòt Laprès & Fich Enfòmasyon

73

Sou demann eta a, FEMA aktyèlman ap bay apeprè 1,946 kay ki se sivivan siklòn Laura ak Delta avèk tan siplemantè pou rete nan yon lojman ke ajans lan bay pandan yap konplete etap final nan rekiperasyon yo. Fen inisyal pou pwogram lan te pwograme pou 28 Fevriye.
illustration of page of paper Nòt Laprès |

BATON ROUGE, La.Èske w te enskri pou asistans nan FEMA apre siklòn Laura oswa Delta epi w toujou bezwen yon kote pou w rete? Oswa, èske sikonstans yo te chanje, epi ou bezwen lojman kounye apre w te fin di FEMA ou pat bezwen? Si se konsa, FEMA bezwen tande w anvan vandredi, 28 me.

Aplikan yo ta dwe rele Liy Dirèk Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).

FEMA ap travay sou lojman pou apeprè 700 fanmi ki toujou sou lis aplikan ki kalifye yo pou lojman tanporè dirèk.

illustration of page of paper Nòt Laprès |

BATON ROUGE, La. – Avril se Mwa Nasyonal Sansibilizasyon Estrès. Rezidan eta Lwizyàn sibi kont estrès yo nan ane ki sot pase a –anpil Lwizyanè ap debat pou yo retabli anba frap youn dèyè lòt yo sibi nan siklòn Laura, Delta, Zeta avèk anba gwo tanpèt nèj, met sou preske yon ane estrès ak enkyetid pandemi a charye. Se menm bagay la tout kote sou teritwa nasyonal la kote te gen siklòn, gwo dife, ak lòt dezas ki vin youn apre lòt pandan laperèz Covid-19 ap pwopaje.

illustration of page of paper Nòt Laprès |

Lè yon dezas frape, popilasyon moun aje yo se youn nan moun ki pi vilnerab, espesyalman pou sila yo k ap viv pou kont yo. Gen mezi Ameriken ki pi aje yo ka pran pou kòmanse prepare pou ijans yo anvan yo rive. Pa egzanp, si li difisil pou w deplase poukont ou oswa ou bezwen asistans pou abri lakay ou oswa pou evakye, ou bezwen konnen davans kilès ki pral ede.  

illustration of page of paper Fich Enfòmasyon |

Anvan rivyè yo monte nan inondasyon prentan, gen aksyon ou kapab pran pou asire dlo pa koze pwoblèm nan kay ou.

Tanperati kap monte ak yon Gulf of Mexico ki pi cho ka vle di plis imidite nan lè a ak plis sistèm move tan tankou sa ki te genyen nan Out 2016 ki te devaste pati nan sid Louisiana ki te lakoz plizyè milyon dola nan domaj.

illustration of page of paper Fich Enfòmasyon |

PDFs, Grafik & Miltimedya

View the Disaster Multimedia Toolkit for social media and video content to help communicate about general disaster recovery.

Pa gen ankenn fichye ki klase nan lang sa a sou dezas sa a.