Sivivan siklòn Laura ak Delta kap viv nan Inite Lojman FEMA yo jwenn ekstansyon jiska 31 Oktòb pou sekirize Lojman Pèmanan

Release Date Release Number
NR 022
Release Date:
January 25, 2022

BATON ROUGE, La. – Sou demann eta a, FEMA aktyèlman ap bay apeprè  1,946 kay ki se sivivan siklòn Laura ak Delta avèk tan siplemantè pou rete nan yon lojman ke ajans lan bay pandan yap konplete etap final nan rekiperasyon yo. Fen inisyal pou pwogram lan te pwograme pou 28 Fevriye.

Ekstansyon pwogram lojman tanporè a ka pèmèt okipan yo konplete plan lojman yo jiska 31 Oktòb.  Nan kad ekstansyon an ak yon akò avèk eta, apati 1ye Mas, okipan yo pral kòmanse chaje yon lwaye pa mwa ki gen rapò avèk revni ki kapab enferyè avèk to mache a pou pwopriyete konparab yo. Otorite FEMA yo ankouraje okipan yo pou konplete oswa swiv nenpòt demann pou rediksyon lwaye nan dènye delè 28 Fevriye, dènye delè pou fè redwi estimasyon lwaye ekitab sou mache inite lojman an.

Pwogram elijiblite FEMA ak kontinyasyon okipasyon detèmine chak mwa pou mèt kay yo ak sou yon baz chak de semèn pou lokatè yo. Pou rete elijib, okipan yo dwe montre ke yap kontinye fè pwogrè sou plan lojman pèmanan yo.

Nan mitan pwogram lan, te gen 2,400 kay elijib ki te gen lisans nan kay mobil FEMA bay, yo te plase nan 12 pawas. Prèske 75% rete nan inite lojman FEMA yo.

Patnè lokal, eta ak federal yo ap ogmante efò yo anvan nouvo dat limit la pou ede sivivan Laura ak Delta ki elijib yo antre nan kay yo repare oswa nouvo kay pèmanan yo.

FEMA ak ekip konjwen Resètifikasyon lojman Eta ap kontinye rankontre regilyèman ak okipan yo pou sipòte travay di li mande pou retounen nan lojman pèmanan. Ekip yo regilyèman gide okipan yo nan resous ki disponib epi ba yo konsèy sou egzijans pwogram nan ak dat limit yo.

Ofisyèl rekiperasyon yo note ke plizyè kominote Lwizyana yo te pase egzanpsyon dekoupaj an zòn tanporè pou pèmèt kay mobil FEMA sou pwopriyete prive oswa nan zòn espesyal ki gen danje nan plenn inondasyon. Gen kèk egzanpsyon yo te fikse pou ekspire nan dat fen orijinal 28 fevriye.

Tags:
Dènye mizajou