Ou Toujou Bezwen Asistans pou Lojman? FEMA Bezwen Tande W

Release Date Release Number
DR-4559-4570-LA NR 019
Release Date:
April 23, 2021

BATON ROUGE, La.Èske w te enskri pou asistans nan FEMA apre siklòn Laura oswa Delta epi w toujou bezwen yon kote pou w rete? Oswa, èske sikonstans yo te chanje, epi ou bezwen lojman kounye apre w te fin di FEMA ou pat bezwen? Si se konsa, FEMA bezwen tande w anvan vandredi, 28 me.

Aplikan yo ta dwe rele Liy Dirèk Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585).

FEMA ap travay sou lojman pou apeprè 700 fanmi ki toujou sou lis aplikan ki kalifye yo pou lojman tanporè dirèk.

Aplikan yo kapab kalifye pou lojman tanporè dirèk si yo se pwopriyetè kay oswa lokatè ki genyen kay yo ki:

  • Ki te detwi oswa ki te genyen gwo domaj (domaje totalman oswa ki gen domaj estriktirèl epi ki pa ansekirite sanitè ak fonksyonèl pou viv ladan yo) akòz siklòn Laura oswa Delta (baze sou detèminasyon FEMA); epi ki se
  • Rezidan anvan dezas yo nan youn (1) nan douz pawas ki te deziyen pou pwogram Lojman Tanporè Dirèk la: Acadia, Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Grant, Jefferson Davis, Rapides, St. Landry, St. Martin, Vermilion ak Vernon.

FEMA bezwen tande moun sa yo:

  • Aplikan ki gen kay yo ki te detwi oswa ki te resevwa gwo domaj nan siklòn yo (baze sou detèminasyon FEMA) epi FEMA poko kontakte pou detèmine si yo bezwen lojman tanporè.  
  • Aplikan ki okòmansman endike yo pat bezwen asistans pou lojman tanporè, men sikonstans yo chanje, epi yo kapab bezwen asistans pou lojman kounye a.
  • Aplikan FEMA pat kapab kontakte yo pou konplete entèvyou a. Si w panse FEMA ta dwe kontakte w oswa ou ta genyen enfòmasyon anplis sou kondisyon kay ou.

Dat limit lan pou w kontakte FEMA konsènan asistans pou lojman tanporè se vandredi, 28 me.

Aplikan yo kapab kontakte FEMA si yo rele Liy Dirèk pou Èd FEMA a nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585). Moun yo ki sèvi ak yon sèvis relè tankou yon telefòn-videyo, InnoCaption oswa CapTel ta dwe enfòme FEMA pou bay nimewo espesifik yo asiyen pou sèvis sa a.

Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite sitwèb Louisiana Hurricane Laura (DR-4559-LA). Pou dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, vizite sitwèb Louisiana Hurricane Delta (DR-4570-LA). Swiv Rejyon 6 FEMA a sou kont Twitter li a nan FEMA Region 6 (@FEMARegion6) / Twitter.

Tags:
Dènye mizajou