Main Content

U.S. Virgin Islands Hurricane Maria (DR-4340)

Ensidan Peryòd: September 16, 2017 - September 22, 2017
Major Disaster Declaration te deklare sou September 20, 2017

Aplikasyon Asistans Endividyèl
Approved: 7,434

Total Individual & Households Program
Dollars Approved: $19,552,771.54

Total Sibvansyon Asistans Piblik
Dollars Obligated: $113,017,737.74


lang yo                                                                                         dènye nouvèl yo
angle | English                                                                             nouvèl lage

panyòl | Español                                                                         Swiv nou sou Facebook | Swiv nou sou Twitter

Yo te pwolonje dat limit pou enskri opre FEMA pou jwenn asistans jiska: 8 janvye 2018

Aplike Pou Asistans

Deklarasyon desas prezidansyel pou siklon Irma ansanm ak Maria rann Asistans Endividyel FEMA disponib lan Zil Viej Eta Zini pou ede met kay, lokate ak tout met biznis kampe.

Sivivan ki sibi domaj oswa pet gen dwa elijib pou asistans Fema. Li enpotan ampil pou pwosedi rekouvreman pou anregistre ak FEMA lan DisasterAssistance.gov oswa 800-621-3362.

Ou ka anregistre tou lan nenpot Sant Rekouvreman Desas. Ou ka jwen Sant Rekouvreman  Desas ki pi prew lan  DRC locator.

Fason pouw anregistre:

  • Entenet: www.DisasterAssistance.gov
  • An Peson: Vizite yon Sant Rekouvreman Desas (DRC). Jwen yon Sant Rekouvreman Desas ki prew ak DRC locator.
  • Telefon: Rele 1-800-621-3362 (711/Sevis Rele Video), TTY 1-800-462-7585.

Enfomasyon Wap Bezwen:

  • Nimewo Sosyal Sekirite
  • Adres kay oswa apatman ki domaje a
  • Deskripsyon domaj la
  • Enfomasyon sou kouveti asirans
  • Yon kontak nimewo telefon ki a jou
  • Yon adres kotew ka resevwa la pos
  • Nimewo kont an bank ak routing pou yo ka depoze fon yon direk

Si yo ta mande, SVP rampli e soumet aplikasyon pre pou SBA. SBA ofri pre desas a bas entere e a lon tem a tout kalite biznis (inkli met kayl lan lwaye), ONG (tankou legliz ak sant charite), met kay ak lokate.

An ka de rejet, yo gen dwa voye aplikan tounen jwen FEMA, posibleman pou Asistans Lot Bezwen (ONA), ki inkli propryete pesonel o prive, ramplasement ou reparasyon machinn, depans ki fet pou stroraj ak demenajman.

FEMA gen dwa bay ceten sibvansyon pou kouvri bezwen specifik-tou kom swen ti moun oswa depans medikal e dantiske desas la la koz- ki pa mande pouw aplike pou yon pre SBA pouw elijib.

Aprann plis sou etap e opsyon disponib pou Individual Assistance.

Sant Rekouvreman Desas (DRCs)

Sant Rekouvreman Desas (DRCs) louve, e yap ofri tout met kay, lokate, met biznis ki lan Zil Viej (Virgin Islands) sipo fas pou fas a koz deklarasyon desas ke siklon Irma ak tout Maria koze.

Tout DRCs ki lan Zil Viej (Virgen Islands) la louve aktyelman a pati de 8:00 AM rive jouk 5:00 PM, Lendi jouk pou Samdi.

Not: A pati de Dimanch, 12 Novanm, tout DRCs sou teritwa-a ap femen le Dimanch.

St. Croix:

  • St. Peter’s Episcopal Church, 38-44 Castle Coakley, Christiansted
  • The Old Post Office Building at Church and Company streets, Christiansted
  • Rotary Club West, 40 KA-KD Estate LaGrange, Frederiksted

St. Thomas:

  • The former Scotiabank, 81 CC&DD Kronprindsens Gade, Charlotte Amalie
  • Bordeaux Farmers Market, 109 East Bordeaux, Estate Bordeaux
  • Tutu Park Mall, 4605 Tutu Park Mall, Suite 233, Charlotte Amalie

St. John:

  • U.S. Virgin Islands Legislature, St. John Annex, 1D Cruz Bay
  • Town & Country Building, 8-1 Estate Emmaus, Coral Bay

Ajans Federal Gestyon Ijans (FEMA) ansanm ak Administrasyon Ti Biznis U.S (SBA)  gen spesyalis rekouvreman ki disponib pou ede sivivan anregistre pou asistans, pou bay enfomasyon sou ed federal ki disponib, e pou reponn kesyon.

Le nap aplike pou asistans, genyen enfomasyon swivan sa yo avek nou:

  • Nimewo Sosyal Sekirite (yon pa kay)
  • Adres kay oswa apatman ki domaje a
  • Deskripsyon domaj la
  • Enfomasyon sou kouveti asirans
  • Yon kontak nimewo telefon ki a jou
  • Yon adres kotew ka resevwa la pos
  • Nimewo kont an bank ak routing pou yo ka depoze fon yo direk.
  • Sivivan ka anregistre pou asistans lan DisasterAssistance.gov, oswa yo ka rele 800-621-3362. Moun ki  gen pwoblem pale ak pwoblem tande e ki sevi ak  TTY dwe rele 800-462-7585 direkteman. Sak sevi ak 711 oswa Sevis Rele Video (VRS) gem dwa rele 800-621-3362.
  • Operate telefon disponib pou asiste sivivan lan tout kalite lang komanse 7:00 AM rive jouk 11:00 PM (le lokal) 7 jou pa semen

Inspeksyon Kay

Yon fwa ke met kay yo finn anregistre ak Agans Federal Gesyon Ijans, yon enspekte kay FEMA ap kontakte sivivan yo pou pran yon randevou pou enspekte kay la. Men kisa pou sivivan yo konen a pwopo pwocedi enspeksyon:

Tout moun ta sipoze konen:

  • Enspekte FEMA-a ap montre badj li ak tout fotol.
  • Si yo pa montrew badj ak foto moun lan sou badj la, PA KITE ENSPEKSYON AN FET.
  • Siw sispek yon moun ap fe tet li pase kom enspekte FEMA, rele Nimewo Cho Desas Fwod FEMA oswa rele la polis.    
  • Ou gen dwa gen plis ke yon enspekte ki vizitew, lot enspekte gen dwa reprezante ajans federal oswa teritoryal, Administrasyon Ti Biznis Eta Zini, Pwogram Asirans Nasyonal d’inondasyon e/ou compayi asirans.
  • Reprezantan oswa volonte ajans gen dwa kontaktew pou ofriw sevis yo.

Ede Enspekte Kay Jwen Ou

Pwoblem konstan kominikasyon lan tout Zil Viej la fel yon ti jan difisil lan kelke ka pou enspekte kay FEMA-a jwen ak sivivan yo pou yo verifye ki domaj ki rive lan kay  yo. Enspeksyon kay la se yon etap kritik lan jwen asistans sibvansyon pou sivivan elijib yo. Siw deja anregistre ak FEMA e wap tann pou enspekte a relew, gen twa bagay ou ka fe pou ede kontak la fet:

  1. Ale lan yon Sant Rekouvreman Desas (DRC): Tout DRCs ki lan Zil Viej Eta Zini gen lis enspekte kay FEMA yo, nimewo telefon yo ak tout nom aplikan ki anregistre ke enspekte a gen poul rann visit. Ou gen dwa al lan sant rekouvreman ki pi prew la epi mande nom ak nimewo telefon enspekte kay ki gen dosyew la, epi relel pouw pran randevou avel. Nenpot manb DRC ka edew ak sa.
  2. Reponn Mesaj SMS Esnpekte Kay yo: Gen de enspekte kap eseye pran kontak ak aplikan pa SMS, men pwoblem ki vinn krey, sivivan yo pa finn two kwe si moun sa-a se amplwaye FEMA li ye vre. Men yon bon rekomandasyon pou sa. Siw resevwa yon SMS kote moun lan di se enspekte kay FEMA li ye, reponn li, mandel nimewo regitrasyon FEMA ou a. Si moun la voye nimewo registrasyon korek la, ou ka pran randevou avel pou fe enspeksyon kay la. Sonje pouw pa janm voye oswa di nenpot moun nimewo inik rejistrasyon lan- anik konfime ke se nimewo paw la li voye ba wou lan SMS li voye pou wou a.
  3. Mete Kontak Enfomasyon ou a Jou: Siw chanje nimewo telefon depi le ou anrejistre ak FEMA, SVP, mete enfomasyon sa-a a jou le pli vit ke posib. Ale online lan www.DisasterAssistance.gov oswa rele nou lan 800-621-3362 pouw pale, 711, oswaSevis Rele Video. Sivivan ki soud, ki gen pwoblem tande oswa pwoblem pale e ki sevi ak yon TTY ta dwe rele 800-462-7585 direkteman.

Avan enspeksyon FEMA, li enpotan pouw konnen:

  • Asirew ke nimewo kay la oswa nimewo plot vizib de la ri a.
  • Respekte randevouw oswa fe enspekte a konnen ke ou vle ranvoye randevou a.
  • Asirew ke yo ka jwen ou. Siw paka ret lan kay la, se pa yon move lide pouw fe vwazinaj la konnen ki kote yo ka jwen ou.
  • FEMA konnen ke gen kek moun ZIl Viej ki gen kay kraze al rete yon lot kote tanpore. Sivivan sa yo ki kite Zile a gen dwa deziyen yon fanm, zanmi oswa vwazen pou otorize enspekte a rantre lan propryete a. Men moun sa-a, fok li gen o mwen 18 an.
  • Se pou moun sa-a gen dokiman swivan yo:
    • Idantifikasyon ak foto;
    • Prev ke li se met kay ki kraze a e ke li te rete lan kay la kom: tax bi propryete; bil peman mogaj la oswa resi, oswa bil kouran, dlo; (lokate gen pou bay prev yo lwe e ret lan kay la. Yo ka montre kontra lwaye, resi peman lwaye, oswa bill kouran.
    • Dokiman ki montre li se met kay ak tout asirans machin;
    • Lis moun ki te rete lan kay la le desas la pase; e
    • Lis tout bagay lan kay la ke siklon lan domaje ak obje ki te an dedan kay la.

Depi enspekte kay FEMA rive lakay ou, ya montrew badj kontrakte ofisyel ak fotol. Si badj la pa visib, li enpotan pouw mande we li. Sa ede nou anpeche fwod fet. SVP, konnen ke enspekte FEMA pa janm fe sivivan peye pou sevis yo, non plis tou, yo pap janm rekomandew anken kontrakte spesifik. Si yon moun mandew kob pou enspekte kay la oswa ap fe pwomosyon yon kontrakte, se gen dwa moun kap cheche fe fwod.

Yon enspeksyon pran an general ant 15-30 minit poul fet. Sonje ke se pa travay enspekte a poul detemine elijibilite aplakan pou asistans. Yo selman rantre enfomasyon elektronikman lan odinate FEMA. Travay yo se verifye domaj, men yo pa oblije dokimante tout domaj. Yo revize domaj striktirel, fou, frijide, machin a lave, fos septik, pwi.

Ou pa bezwen tann. Ou met komanse netwaye kounyen an. Sivivan ta dwe komanse netwayaj san ke sote sou kesyon pedi asistans. Asirew ke ou dokimante tout domaj ak foto, e drese yon lis tout obje ki domaje.

Kijan Pouw Fe Apel Sou Desizyon FEMA

Aplikan gen dwa fe apel sou desizyon FEMA.

Gen sivivan ki anrejistre pou asistans federal pou desas ki gen dwa resevwa yon let de Ajans Federal Gestyon Ijans ki di ke yo pa elijib. Rezon disizyon sa-a gen dwa solisyone byen fasil, tankou soumet dokiman asirans oswa efomasyon nouvo kontak.

Le sivivan yo aplike pou asistans desas individyel a trave FEMA, bezwen yo evalye sou yon kantite fakte, inkli condisyon elijibilite ke lwa a mande. Pafwa moun pa kalifye pou ed financye imedyatman. Kek lan rezon po reje insyal la ka:Sa pou fè si w pa dakò ak lèt ki bay desizyon FEMA pran an1. Li lèt la avèk anpil atansyon pou chèche konnen pou ki rezon yo te pran desizyon an.Èske w bezwen bay plis enfòmasyon?•	Lèt detèminasyon asirans.•	Prèv ou rete nan kay la oswa ou se mèt kay la.•	Prèv idantifikasyon.•	Siyati aplikan an.Rezon komen ki fè yo konn pran desizyon inisyal la:•	Domaj la se nan yon dezyèm kay ou genyen oswa yon kay ou mete nan lwaye, epi se pa kay prensipal kote w rete.•	Yon lòt moun nan kay la te aplike epi li te resevwa asistans.•	Yo pat ka verifye pèt ki gen rapò ak katastwòf la.Asirans te kouvri tout pèt yo.2. Kontakte FEMA pou èd pou fè yon apèl a desizyon an oswa si w gen nenpòt kesyon.RELE800-621-3362(711 oswa Video Relay Service disponib)800-462-7585 (TTY)VIZITEYon sant retablisman pou katastwòf3. Fè yon apèl alekri.Eksplike rezon ki fè w panse desizyon an pa t kòrèk.•	Bay enfòmasyon ak dokiman ki sipòte eksplikasyon w lan.•	Mete nimewo anrejistreman FEMA w la sou tout dokiman yo.•	Siyen lèt la.Poste apèl ou a oswa voye l pa faks nan yon espas 60 jou apati dat ki sou lèt desizyon an, oswa ou ka depoze l nan yon sant retablisman pou katastwòf.(Haitian Creole)

  • Li posib ke ou poko resevwa kob asirans lan;
  • Li posib ke ou pa bay FEMA tout sa li mandew;
  • Ou gen dwa pa bay prev ke se met kay la ou ye oswa ke ou ret lan kay la;
  • Ou gen dwa poko remet aplikasyon pre desas Administrasyon Ti Biznis Eta Zini an;
  • Ou gen dwa pa bay anken dokiman ki demontre ke kay domaje a se te rezidans primew ke li te ye le li domaje a ;
  • Gen dwa gen dokiman esansyel ke ou pa siyen.

Li let ou a ak ampil atansyon. FEMA gen dwa selman bezwen ke ou bay enfomasyon adisyonel. Apel la ta sipoze genyen la danl nouvo enfomasyon oswa enfomasyon ki te manke, dokiman ak tout pwofoma reparasyon dega fi pou bay demand apel la jaret. Si bagay yo pa kle, oswa ou bezwen plis enfomasyon, yon spesyalis ka edew lan nimewo ed FEMA ki se 800-621-3362 (vwa, 711, sevis rele video).  Sak sevi ak TTY ka rele lan 800-462-7585. Nimewo apel gratis yo louve depi 7:00 AM rive jouk 11:00 PM, 7 jou pa semen.

Tout apel sipoze fet a trave yon let siyen dan lespas 60 jou a pati de jou ou resevwa let deteminasyon an. Enpotan pou ou met dat sou let apel la epi voyel lan adres swivan an:

FEMA National Processing Service Center
P. O. Box 10055
Hyattsville, MD 20782-7055

Ou gen dwa faxe apel la you lan nimewo: 1-800-827-8112, Atansyon: FEMA. Ou ka rele nimewo ed la tou lan 800-621-FEMA (3362) oswa TTY 800-462-7585 oswa vizite yon Sant Rekouvreman Desas, kote wap jwen yon moun ki ka pale avew sou dosyew la

Tout moun ta dwe li let yo ak ampil atansyon, poze kesyon, mande yo edew, e fe nou konnen siw panse gen yon bagay ki pa sa. Nou la pou seviw-sivivan desas la- e se tout dwaw pouw mande nou rekonsidere desizyon nou an.

Konsey Netwayaj ak konsey sekirite

Gouvenman Teritoryal Zil Viej Eta Zini, ansanm ak Ajans Federal Gestyon Ijans ofri met kay, lokate ak met biznis konsey swivan yo le yap netwaye pwopryete yo.Konsèy Sekirite Pandan y ap Retabli Kouran anEvite kab elektrik k ap bay etensèl, menmsi ou nan yon machin.Si ou wè kab elektrik k ap fè entensèl, rele 911.Pa kite timoun pwoche ekipman elektrik ak kab elektrik.Pa itilize yon bwatye admisyon elektrik (power inlet box) ak yon switch transfè pou konekte kab elektrik lakay ou. Sèvi ak kab ekstansyon (ralonj) pou konekte aparèy elektrik dirèkteman nan jeneratris ou an.Pa konekte jeneratris ou dirèkteman nan sistèm kab kay ou an.Pa ploge jeneratris ou an nan yon priz kouran nòmal lakay ou oswa nan yon priz domestik. Si ou wè kamyon sèvis piblik nan katye w, etenn jeneratris la pou pa kreye plis danje pou teknisyen yo pandan y ap travay. 

Konsey Sekirite:

  • Evite debri, fil kouran ki tombe, ak dlo inondasyon, ki ka gen kouran ladanl oswa ki ka ap kache debri danjere, oswa gen kote ate a ki ka fe fon.
  • Pa manyen oswa koupe fil kouran ki ate a.
  • Janw ka ede travaye ijans yo: se pa rete sou wout yo e eseye jenen yo le mwens ke posib.
  • Pran ampil prekosyon le wap komdwi, sitou lan nwit.

Itilizaj Delko:

Siw pa gen kouran, sevi ak delko an sekirite oswa sevi ak flash ki pran pil.

  • Pa janm sevi ak yon delko an dedan kay, sou teren, depo oswa pakinn menm si pot a fenet yo louve.
  • Met delko a deyo kay la, lwen fenet, pot ak vantilasyon. Li ni enstriksyon ki sou delko a an ansanm ak manyel la e swiv enstriksyon yo.
  • Evite ploge delko ijans lan awtlet kouran oswa ploge yo direk lan sistem kouran kay la-yo ka voye elekrisite a tounen lan fil kouran yo, paske sa ap mete ni wou, ni ekip kap travay sou fil yo an danje.

Anvan netwayaj la, sivivan yo ta sipoze:

  • Fe foto dega yo avan ou  komanse pwosedi netwayaj la. Asirew ou fe foto ni deyo, ni an dedan bildin lan, ansanm ak propryete pesonel ki sibi domaj e make yo pa chanm avan ou retire kelke swa sal ye a. Siw gen asirans, asirew ke ou fe foto mak, model ak nimewo seri atik elektwo menaje tan kou machin a lave/cheche, pomp dlo cho, ati kwizin, televizyon ak odinate.
  • Sere tout resiw.
  • Siw gen asirans, separe tout obje ki sibi domaj yo de obje ki pa sibi domaj yo. Ajiste asirans lan ap genyen poul dokimante tou atik ki sibi domaj yo le lap fe enspeksyon an. Si posib, kembe moso tapi, papye mi, materyel ki ate a, rido, etc.
  • Jete tout obje ke inondasyon domaje ki ka reprezante yon danje pou sante nou. Kou nou finn fe foto, jete imedyatman tout obje domaje pa inondasyon ki ka reprezante yon danje pou sante nou apre ke obje sila yo finn pran kontak ak dlo inodasyon, tan kou manje perisab, rad, koucen, matla ak zoreye.

Le nao sove ak netwaye yon pwopriyete ki sibi domaj siklon:

  • Toujou met rad pwotektif sou wou.  Sa enkli chemiz manch long, pantalon long, gan plastik oswa kawotchou ak bot oswa soulyer ka ka pran dlo.
  • Mete tout bagay mouye deyo.  Kay ou gen dwa kontamine ak mwazi, ki ka agrandi danje sante moun ki soufri las, aleji ak pwoblem respire. Pou konsey detaye sou zafe netwaye mwazi an sekirite, vizite sit Sant pou Kontwol Maladi lan https://www.cdc.gov/mold/cleanup.htm.
  • Netwaye tout sifas ki di ak klorox.  Si posib, lave tout materyel mouye lan dlo cho.
  • Atansyon ak ligne kouran ki domaje, ligne gaz ansanm ak domaj striktirel. Ni an dedan, ni deyo bildin lan, veye obje file tankou klou, vis, aliminyom, ak ve kase.
  • Etenn swich kouran prisipal la ansanm ak sistem dlo. Pa sevi ak atik ki mache a gaz tou to tan yon pwofesyonel pa enspekte yo.
  • Cheke ni plafon ni pake pou siyal afesman oswa danje potansyel domaj striktirel.  Retire tout draywal ak ensilasyon ki te ka rantre an kontak ak dlo inondasyon.
  • Jete tout sak pa ka netwaye.  Enkli matla, tapi, nounous, nempot bagay ki absobe dlo a e ki pa ka netwaye oswa dezenfekte.
  • Siw gen asirans, kontakte ajan wou pouw rapotel tout domaj ou sibi a koz siklon lan epi tou rampli you reklamasyon. Ajan asirans ou a ka baw tout opsyon ou genyen. Asirew ke fe foto tout dega yo pou dokimantasyon ou.

Konsey pou sove tout obje familyal de vale ak eritaj:

  • Obje de vale ak eritaj tankou foto, let, lot obje ki pa ka ramplase ka sibi domaj lan inondasyon, siklon, oswa toubiyon. Ampil fwa obje sila yo ka sove ak yon ti pasyans, aksyon imedya e konsey sa yo de Heritage Emergency National Task Force lan: Salvaging family valuables fact sheet

Debri

Gouvenman teritoryal la avize sivivan yo pou yo byen klasifye debri yo epi pouse yo lan kan kay la, tou pre la ri a, pou yo ka pran yo. Pou yo ranmase debri yo, se po yo klasifye an 4 kategori:

  • Blan (atik)
  • Elektwonik
  • Pye bwa, ak
  • Materyel konstriksyon ak tet kay

 Aparèy elektrik pou kay, Aparèy elektwonik, Matryo konstrikyon (Metal galvanize, materyo pou twa, miray plat, elatriye), Vejetasyon (branch, pyebwa, fèy, elatriye)

Nouvel Lage ak Multimedia

Swiv nou sou Facebook ak Twitter pou resevwa mis a jou rekouvreman, enfomasyon ak resous a tan sou USVI siklon Irma ak Maria.

Kontwol Rime

  • Rime:Li difisil pouw pouw jwen mis a jou sou stati aplikasyon pre desas a bas enterelan men US Small Business Administration (SBA).
  • Reyalite: Sivivan met kontakte SBA nempot le yo vle pou poze yo kesyon sou aplikasyon yo. Yo ka releSant Sevis Kliyantel SBA lan 800-659-2955 oswa TTY 800-877-8339. Yo gen dwa voye yon email avek kesyon yo lan disastercustomerservice@sba.gov. Spesyalis pre SBA yo disponib tou lan Sant Rekouvreman Desas a trave teritwa-a.
     
  • Rime: Siw pa bezwen prete kob, li pa nesese pou wou rampli yon aplikasyon pre desas SBA.
  • Reyalite: FEMA ankouraje tout sivivan rampli e remet aplikasyon pre SBA si yo ofri yo yon. Se pou sivivan yo konnen ke yo pa oblije aksepte kob la. Toutfwa, si yo rampli aplikasyon an e yo remet li, epi yo pa kalifye pou jwen yon pre, SBA ap voye yo tounen bay FEMA e le sa-a, yo ka konsidere yo pou lot sibvansyon FEMA tankou Other Needs Assistance (ONA). Asistans sa-a kouvri reparasyon machin ki domaje a koz desas, rad, atik mezon e latrye. Yo pa ka konsidere sivivan sa yo pou sibvansyon sila yo a mwens ke yo rampli e remet aplikasyon pre SBA la.
     
  • Rime: Anplwaye FEMA touche komisyon pou chak sivivan desas yo anrejistre oswa bay asistans.
  • Reyalite: Staf FEMA pa ni chaje kob ni touche komisyon le yo anrejistre sivivan. Kom pwoblem kominikasyon sou Zil Viej Eta Zini rann li difisil pou sivivan yo anrejistre sou entenet oswa rele ligne cho a pou anrejistre, staf FEMA met kol deyo lan kominote a trave zile a pou ede ak anrejistreman. Nou vle asire nou ke tout sivivan jwen opotinite ak FEMA avan dat limit 8 janvye 2018 lan.
     
  • Rime: Dat limit pou anrejistre ak FEMA pou asistans desas ap rive..
  • Reyalite: FEMA ranvwaye dat limit pou tou le de desas yo pou 8 janvye 2018 pou sivivan ni siklon Irma ni siklon Maria jwen opotinite anrejistre pou asistans. Sivivan ki pa gen konektivite gen dwa vini lan nempot lan 9 Disaster Recovery Center a trave teritwa-a pou anrejistre pou asistans e pou yo tou aprann ki pwogram asistans federal ki disponib pou yo.
     
  • Rime: Enspekte kay FEMA yo pa pran kontak ak sivivan yo, e yo pa vizite kay ki gen asirans yo.
  • Reyalite: Enspekte kay yo ap fe tout efo posib pou kontakte sivivan yo pou kase randevou ak yo pou enspeksyon. A pati de 11/9/2017, gen nempot 11,000 enspeksyon kay ki fet a trave teritwa-a. A koz pwoblem kominikasyon ki genyen sou Zile a pafwa li difisil pou enspekte kay Fema yo jwen ak sivivan yo pou yal fe konsta domaj lan kay yo. Pou ede koneksyon fet,  sivivan ki poko janm tande enspekte yo met vizite nempot Disaster Recovery Centers a trave teritwa-a pou jwen nom ak nimewo enspekte kay ki korespon yo. Enspeksyon fet menm si kay la gen asirans. Fema pa diplike peman asirans, men aplikan ki pa gen ase asirans ka elijib pou kek asistans.
     
  • Rime: Sivivan ki lokate lan kay ki sibi domaj siklon pa ka jwen asistans FEMA. De tout fason, compayi gesyon propryete ap peye pou dega yo.
  • Reyalite: Lokate ke kay yo vinn inabitab a koz desas gen dwa elijib pou sibvansyon desas FEMA, asistans lokasyon, e lot bezwen ki gen pou we ak desas. Siw se lokate, ou ta sipoze anrejistre ak FEMA pou we si nou ka edew. Pa panse ke compayi gesyon pwopriete a ap kouvri pet pwopriete pesonel ou, byen ke ou gen dwa gen kouveti siw te pran asirans lokate a trave yon compayi prive.
     
  • Rime: Sivivan pa ta dwe netwaye kay yo, pa zavan enspekte kay FEMA rann vizit.
  • Reyalite: Yo Nou ankouraje sivivan netwaye kay ak bizniss yo le pli to ke posib. Sa pap afekte elijibilite yo pou jwen asistans. Sere resi nou. Nou met pran foto dega yo pou dosye nou, malgre ke FEMA pa oblije genyen yo pou enspeksyon e yo pap ranbouse nou pou materyel foto.
     
  • Rime: FEMA ap bay tou sivivan $500.00, an swit li voye yo bay U.S Small Business Administration pou yon pre.
  • Reyalite: A koz yon sitiyasyon inik lan Zil Viej, FEMA ap bay $500.00 an Critical Needs Assistance a aplikan elijib ki gen bezwen imedia oswa critik. Sivivan ka elijib pou asistans FEMA pou reparasyon kay an ijans, pet pwopryete pesonel ki pat asire ak lot depans ki fe a koz desas la. Ou ta dwe rampli e remet yon aplikasyon pre SBA si yo baw yon, pwiske yon pre gen dwa edew repare e rebati kay ou pi byen. Ou pa blije asepte pre a, men si yo pa apwouvew pre a, ou ka elijib pou asistans adisyonel FEMA.
     
  • Rime: Sivivan resevwa $500.00 otomatik depi yo anrejistre pou asistans ak FEMA.
  • Reyalite: FEMA pa bay kob lew anrejistre, tout fwa, a koz sitiyasyon inik lan ZIl Viej, asistans adisyonel gen dwa disponib a aplikan pou Critical Need Assistance, aplikan ki gen bezwen imedia oswa kritik paske yo pa ka ret lakay yo. Fema bay asistans sila depandaman de bezwen. Ka pa ka.

Fason pou Ede

Pou ede moun ki afekte nan siklòn nan, ale nan paj @nvoad pou jwenn yon lis òganizasyon fyab yo. Pou bay èd la, sonje:

  • Lajan kach pi bon. Kontribisyon lajan ba òganizasyon sekou mou rekonèt yo se metòd ki pi rapid, pi fleksib ak pi efikas pou fè don. Òganizasyon ki sou teren an konnen ki atik ak kantite ki nesesè, yo achte angwo souvan avèk rabè epi posib, yo achte nan biznis zòn nan ki sipòte redrèsman ekonomik lan.
  • Konfime don ki nesesè yo. Bezwen ki enpòtan anpil yo chanje vit – konfime atik ki nesesè yo ANVAN ou ranmase yo, anpile yo epi make yo avèk anpil prekosyon; konfime adrès livrezon yo, fè aranjman pou transpò a. Machandiz yo pa mande ki PA nesesè ap toumante mwayen òganizasyon lokal yo pou satisfè bezwen konfime sivivan yo, y ap atire mendèv enpòtan volontè yo, sèvis transpò ak espas nan depo yo.
  • Konekte avèk volontè yo Òganizasyon fyab k ap opere nan zòn ki afekte a konnen kote volontè yo nesesè, epi yo kapab asire sekirite, fòmasyon ak lojman  volontè yo kòmsadwa.

Mèsi pou enterè ou nan ede sivivan  Ouragan Irma yo gen kèk lòt fason pou ede. Lè gen katastwòf, Lamerik konte sou FEMApou sipòte sivivan yo ak premye sekouris yo nan kominote yo ki toupatou nan peyi a.  pou kounye an ap chèche moun ki gen talan ak moun k ap travay di pou ede sipòte repons lan ak redrèsman an.

Fason pou Ede Timoun yo Siviv

Timoun yo ka siviv yon fason ki pi efikas avèk yon katastwòf lè yo panse yo konprann sa k ap pase a ak sa yo kapab f pou ede pwoteje tèt yo, fanmi yo, ak zanmi yo.

Men ki jan ou kapab ede yo siviv:

  •     Pale konsènan enkyetid sou siklòn nan avèk timoun yo. Pa pale sou sa ki fè li menm pi menasan nan lide timoun ou yo. Kòmanse mande sa timoun ou yo te tande deja ak ki konpreyansyon yo genyen. Pandan timoun ou yo ap eksplike, koute fo enfòmasyon yo, move konsepsyon yo ak laperèz oswa enkyetid anba-anba yo epi answit bay repons pou yo.
  • Eksplike- avèk mo ki senp otank posib- sa k ap pase oswa sa ki ka vin pase a. Kantite enfòmasyon ou bay y k  ap itil pou timoun yo depannde laj yo ak nivo devlòpmantal yo ak fason y ap siviv la tou. Pa egzanp, anjeneral pi gran timoun yo vle epi y ap jwenn avantaj nan enfòmasyon ki pi detaye yo pase timoun ki pi jèn yo. Paske chak timoun diferan, pran endis yo nan men pitit pa ou yo tankou kantite enfòmasyon pou bay.
  • Ankouraje timoun ou yo pou yo poze kesyon, epi reponn kesyon yo dirèkteman. Tankou adilt yo, timoun yo pi kapab siviv avèk yon kriz si yo panse yo konprann li. Echanj kesyon-ak-repons yo ap ede asire sipò san rete lè timoun ou yo kòmanse konprann kriz la ak repons pou li.
  • Limite kantite tan pou gade televizyon sou katastwòf yo ak lòt evènman kriz yo, sitou pou pi jèn timoun yo. Anvizaje repòtaj sou nan tout medya yo, tankou entènèt ak medya sosyal yo. Lè pi gran timoun yo ap gade televizyon, eseye gade avèk yo epi itilize okazyon an pou diskite sou sa yo wè a ak fason sa lakòz oumenm ak timoun ou yo santi yo.
  • Bay timoun yo garanti gen etap k ap fèt pou kenbe yo an sekirite. Katastwòf yo ak lòt kriz yo fè nou sonje nou pa janm an sekirite nèt kont domaj. Kounye a pou toutan li enpòtan pou ay timoun yo garanti pou fè yo konnen, an reyalite, yo ta dwe santi yo an sekirite nan lekòl yo, lakay yo, ak nan kominote yo.
  • Anvizaje fè timoun Ou yo konnen santiman ou yo konsènan yon kriz. Se yon okazyon pou ou pou jwe yon wòl sou fason pou siviv ak fason pou planifye pou pidevan./span>Men, anvan ou kontakte yo, asire ou kapab eksprime yon plan pozitif oswa k ap gen chans.
  • Ede timoun ou yo idantifye bon jan aksyon yo kapab fè pou ede moun ki afekte nan dènye evènman yo. Olye ou konsantre sou sa te kapab fèt pou evite yon katastwòf oswa lòt kriz, konsantre sou sa ki kapab fèt kounye a pou ede moun ki afekte nan evènman an.
  • Jwe kèk jwèt epi fè kèk aktivite pou kreye dyalòg serye epitou ofri yon distraksyon.
  • Si ou gen enkyetid sou konpòtman timoun ou yo, kontakte pedyat yo, lòt pwofesyonèl swen sante prensipal, oswa yon pwofesyonèl sante mantal kalifye.

Asistans Finanacial

Asistans endividyèl - Dollars Approved

$19,552,771.54

Total endividyèl ak Kay Pwogram - Dollars Approved*

$15,830,303.54

Total Asistans Lojman - Dollars Approved*

$3,722,468.00

Total Lòt Bezwen Asistans - Dollars Approved*

7,434

Total Asistans Endividyèl - Applications Approved*

Asistans Piblik - Dollars Approved

$113,017,737.74

Total Sibvansyon Asistans Piblik - Dollars Obligated✝

$105,604,189.74

Travay Ijans (Kategori A-B) - Dollars Obligated✝

* Dola Apwouve: dola Asistans apwouve men se pa nesesèman debouse.
✝ Dollars Obligated: Fon disponib nan Eta a atravè transfè elektwonik yo revizyon final FEMA ak apwobasyon nan pwojè Asistans Piblik.

Learn more about FEMA Disaster definitions. Last Updated: 2017-12-15 13:40

Last Updated: 2017-12-15 13:40