Sant Rekiperasyon pou Katastwòf FEMA yo retounen nan Konte Buncombe

Release Date Release Number
042
Release Date:
Novanm 1, 2024

RALEIGH, N.C. – Anplis sit fiks yo, Sant mobil pou rekiperasyon pou katastwòf (M-DRC yo) kontinye ap fonksyone nan Konte Buncombe. 

Lokal, dat ak lè operasyon M-DRC yo endike anba a: 

Swannanoa Fire Rescue - Bee Tree Fire Sub Station

510 Bee Tree Rd. 

Swannanoa, NC 28778

Ouvè: 8 a.m. – 7 p.m. 2–5 Novanm, ak 11–14 Novanm. 

 

Buncombe County Sports Park (Teren Pakin)

58 Apac Dr. 

Asheville, NC 28806

Ouvè: 8 a.m. – 5 p.m. 6–9 Novanm, ak 15–18 Novanm. 

 

Yon DRC se yon sant dacha yonsèl-arè kote sivivan yo ka rankontre fasafas ak reprezantan FEMA yo, aplike pou asistans FEMA, resevwa referans pou asistans lokal nan zòn yo, aplike ak Administrasyon Ti Biznis Etazini (SBA) pou yon prè katastwòf san enterè ak plis ankò.

Asistans finansyè FEMA ka gen ladan lajan pou reparasyon debaz kay, pèt pwopriyete pèsonèl oswa lòt bezwen ki pa gen asirans, ki gen rapò ak katastwòf, tankou gadri, transpò, bezwen medikal, fineray oswa depans dantè. 

Pou jwenn tout lokal DRC yo, ale sou fema.gov/drc  oswa voye tèks “DRC” ak yon kòd postal nan 43362. Lòt sant rekiperasyon yo ap ouvri toutalè. Tout sant yo aksesib pou moun ki gen andikap oswa ki bezwen aksè epi ki ekipe ak teknoloji asistans fonksyonèl.

Pwopriyetè ak lokatè yo nan 39 konte nan North Carolina ak manm tribi nan Eastern Band of Cherokee Indians kapab vizite nenpòt sant ki ouvè enkli lokasyon nan lòt eta yo. Okenn randevou pa nesesè.  

Li pa nesesè pou ale nan yon sant pou aplike pou asistans FEMA. Fason ki pi rapid pou aplike se sou Entènèt nan DisasterAssistance.gov oswa atravè aplikasyon FEMA. Ou ka rele tou nan 800-621-3362. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo, telefòn ki gen tit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.

Tags:
Dènye Mizajou