Rete Yon (1) Mwa pou Moun Florida yo Aplike pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
043
Release Date:
Oktòb 30, 2023

LAKE MARY, Fla. – Moun Florida ki fè pèt lakoz Siklòn Idalia gen yon (1) mwa pou yo aplike pou asistans federal. Dat limit la se 29 novanm 2023.

Jiska dat jodi a, finansman federal pou asistans nan kay, prè pou katastwòf ak asirans pou inondasyon ak enterè ki ba tankou:

  •  $72.7 milyon dola sibvansyon FEMA pou 34,690 kay. 
  • $63.9 milyon dola prè pou katastwòf nan Administrasyon Ti Antrepriz Etazini yo
  • $195 milyon gras ak reklamasyon Pwogram Asirans Nasyonal Kont Inondasyon (National Flood Insurance Program); 5,100 reklamasyon ki te depoze

Espesyalis FEMA yo ale depòtanpòt nan kominote ki frape yo pou ede moun pou aplike pou asistans. Jiska dat jodi a, yo te vizite 140,000 kay ak 9,000 espas piblik. Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo te resevwa 17,500 vizitè. 

Si ou gen bagay ou pedi lakòz Siklòn Idalia epi w ap viv nan konte Charlotte, Citrus, Columbia, Dixie, Gilchrist, Hamilton, Hernando, Jefferson, Lafayette, Levy, Madison, Pasco, Pinellas, Suwannee ak Taylor yo FEMA gen dwa kapab ede w. FEMA ka bay asistans finansye pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay, pèt pwopriyete pèsonèl ak lòt depans ki pa gen asirans.

Rele liy gratis la nan 800-621-3362, ale sou entènèt la souDisasterAssistance.gov, telechaje FEMA Apppou aparèy mobil yo oswa ale nan Sant Rekiperasyon Katastwòf. Liy telefòn nan ouvè chak jou soti nan 7 a.m. jiska 10 p.m, Lè Lès Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (Video Relay Service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye Mizajou