Konprann Lèt FEMA ou a

Release Date Release Number
036
Release Date:
October 20, 2023

LAKE MARY, Fla –Sivivan ki aplike pou asistans FEMAapre Siklòn Idalia pral resevwa lèt kalifikasyon ki soti nan  FEMA eksplike estati aplikasyon ou an.

Li enpòtan pou li lèt la byen paske li ap gen ladan l nenpòt montan FEMA ap bay ak enfòmasyon sou fason ki pi bon pou itilize lajan asistans pou katastwòf yo. 

Si moun ki aplike a pa kalifye, li lèt la ak anpil atansyon paske li pral eksplike w rezon refi a ak sa ou kapab gen bezwen pou soumèt ak yon lèt apèl.

Aplikasyon FEMAse yon pwosesis epi nou vle asire n sivivan yo resevwa tout asistans yo kalifye yo.

Sivivan yo kapab sèlman bezwen soumèt plis enfòmasyon oswa dokiman sipò pou FEMA kapab kontinye ak pwosesis aplikasyon an. Egzanp dokiman ki kapab manke  oswa ki ka oblije fe aksyon yo kapab se:

  • Règleman reklamasyon asirans oswa lèt refi founisè asirans lan
  • Prèv idantite
  • Prèv w ap viv nan pwopriyete a 
  • Prèv ou se mèt pwopriyete a:
  • Pwouve pwopriyete ki genyen domaj lan se rezidans prensipal ou li te ye nan moman katastwòf lan pase a.
  • Ranpli Aplikasyon Prè SBA ou an

Tout kesyon ou genyen konsènan lèt la w ap jwenn repons lè w rele liy asistans pou katastwòf la nan 800-621-3362.

Sivivan ki pa dakò ak diskalifikasyon yo a oswa ak kantite oswa objektif asistans ki apwouve kapab kontestedetèminasyon FEMA. Yo eksplike pwosedi kontestasyon a nan lèt la.

Pou yon videyo aksesib sou kalifikasyon lèt FEMA ale sou, Aksesibilite FEMA: Understanding Your Letter - YouTube.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou