FEMA Bay Sipò Adisyonèl nan lit kont COVID-19 sou Teritwa a

Release Date Release Number
7
Release Date:
May 4, 2023

ST. CROIX, Zile Vyèj Ameriken yo -- FEMA te angaje yon lòt $33.5 milyon dola pou Zile Vyèj Ameriken yo pou ranbouse teritwa a pou sèvis medikal ijans pandan pandemi COVID-19 la.

Sibvansyon Asistans Piblik $33.5 milyon dola a pral ranbouse Depatman Sante Zile Vyèj Ameriken yo pou kontra avèk sèvis medikal ijans pou bay anbilans, pèsonèl, ekipman ak founiti pou ede a lite kont COVID-19 sou teritwa a soti 2 Jiyè 2022 jiska 28 Fevriye 2023.

“Patenarya ant FEMA ak teritwa a pèmèt inifye efò yo e sipòte mezi pou sove lavi ak soutni lavi pandan yon tan difisil pou Zile Vyèj Ameriken yo ak nasyon an,” te di Koòdonatè Biwo Zòn Karayib yo nan Zile Vyèj FEMA Mark A. Walters. "Nou te reponn demann teritwa a pou sipòte lit kont COVID-19 li a an as 2020 e se te yon privilèj pou sipòte efò li yo pou bese pwopagasyon viris la pandan twa dènye ane yo."

“Depatman Sante a kontan anpil lè l aprann ke FEMA te bay fon adisyonèl pou kouvri depans sèvis enpòtan ki sove lavi moun nan Teritwa sa a. Sèvis yo te rann yo se te yon avantaj enpòtan ak vital nan repons Teritwa a bay COVID e yo te jwe yon wòl detèminan nan kapasite USVI pou retounen nan nòmal. Nouvoye anpil mèsi pou ekip FEMA a ki kontinye ap kolabore ak travay ansanm ak Teritwa a an repons a katastwòf natirèl ak dezas natirèl,” te di Justa Encarnacion, Komisyonè Depatman Sante Zile Vyèj.

Apati 3 Me 2023, FEMA te angaje $146.1 milyon dola bay Zile Vyèj Ameriken yo pou ranbouse teritwa a pou repons COVID-19 li. Sipò FEMA pou repons COVID-19 teritwa a gen ladan finansman ak sipò teknik pou:

  • Sant vaksen, sant operasyon ijans, ekipman pwoteksyon pèsonèl (PPE), ranfòseman swen medikal konstriksyon, anplwaye, tès ak repons pou ijans.
      1. Asistans Piblik FEMA a bay sibvansyon siplemantè bay gouvènman eta, tribi, teritwa ak lokal yo, ak sèten kalite òganizasyon prive san bi likratif pou kominote yo ka byen vit reponn ak rekipere apre gwo katastwòf oswa ijans. Aprann plis nan www.fema.gov/assistance/public. Pou aprann plis sou repons COVID-19 nan Zile Vyèj Ameriken yo, vizite www.fema.gov/disaster/4513 ak www.covid19usvi.com.
Tags:
Dènye mizajou