PANAMA CITY BEACH, Fla. – Corps of Engineers Fòs Lame Etazini ap kontinye ap enstale twal bach pou sivivan ki gen twati kay yo ki te domaje nan Ouragan Michael.
- Menmsi USACE pa aksepte demann yo ankò, li toujou ap fè reparasyon pou sivivan ki te aplike pou èd Twati Ble anvan dat limit 16 novanm.
- Pou tcheke sitiyasyon yon demann Twati Ble, rele nimewo 888-ROOF-BLU (888-766-3258).
- Moun ki te fè pèt nan Ouragan Michael epi ki potko enskri pou èd akòz katastwòf la ka fè sa sou sitwèbDisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nimewo 800-621-3362 ant 7a.m. ak 10 p.m., lè lokal sèt jou pa semèn.
Jiska prezan, yo te enstale plis pase 6,000 twati.
USACE avèti pwopriyetè kay yo kont moun k ap fè fwod ki ka pran pòz yo se reprezantan Operasyon Twati Ble.
Men kèk nan siy ki ka endike fwod:
- Pa gen evalyasyon asirans kalite USACE.
- Kontraktè USACE pa prezante avèk yon lòd travay ki valab.
- Gen demann peman ki fèt. (Pwogram nan gratis.)
- Demann ki fèt avèk aplikasyon sou papye.
Pwopriyetè kay ki ka sispèk yo viktim nan fwod ta dwe kontakte Liy Dirèk pou Rapòte Fwod nan Katastwòf nan nimewo
866-720-5721 (TTY 844-889-4357), USACE nan nimewo 888-766-3258 oswa lapolis lokal.
###
Imaj enstalasyon premye twati ble ki te fèt 19 oktòb disponib sou sitwèb: https://www.dvidshub.net/image/4836255/operation-blue-roof
Misyon FEMA: Ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.
Pou jwenn yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte nan Ouragan Michael, ale sou sitwèbwww.floridadisaster.org/info
Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, al gade nan www.fema.gov/disaster/4399.
Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 epi @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA akFacebook.com/FloridaSERT.