OPERASYON TWATI BLE U.S. CORPS OF ENGINEER AP KONTINYE [https://www.fema.gov/ht/press-release/20230425/us-corps-engineers-operation-blue-roof-program-continuing] Release Date: Novanm 19, 2018 PANAMA CITY BEACH, Fla. – Corps of Engineers Fòs Lame Etazini ap kontinye ap enstale twal bach pou sivivan ki gen twati kay yo ki te domaje nan Ouragan Michael.   * Menmsi USACE pa aksepte demann yo ankò, li toujou ap fè reparasyon pou sivivan ki te aplike pou èd Twati Ble anvan dat limit 16 novanm.   * Pou tcheke sitiyasyon yon demann Twati Ble, rele nimewo 888-ROOF-BLU (888-766-3258).   * Moun ki te fè pèt nan Ouragan Michael epi ki potko enskri pou èd akòz katastwòf la ka fè sa sou sitwèbDisasterAssistance.gov oswa yo ka rele nimewo 800-621-3362 ant 7a.m. ak 10 p.m., lè lokal sèt jou pa semèn.   Jiska prezan, yo te enstale plis pase 6,000 twati.   USACE avèti pwopriyetè kay yo kont moun k ap fè fwod ki ka pran pòz yo se reprezantan Operasyon Twati Ble.   Men kèk nan siy ki ka endike fwod: * Pa gen evalyasyon asirans kalite USACE. * Kontraktè USACE pa prezante avèk yon lòd travay ki valab. * Gen demann peman ki fèt. (Pwogram nan gratis.) * Demann ki fèt avèk aplikasyon sou papye.   Pwopriyetè kay ki ka sispèk yo viktim nan fwod ta dwe kontakte Liy Dirèk pou Rapòte Fwod nan Katastwòf nan nimewo 866-720-5721 (TTY 844-889-4357), USACE nan nimewo 888-766-3258 oswa lapolis lokal.   ###   Imaj enstalasyon premye twati ble ki te fèt 19 oktòb disponib sou sitwèb: https://www.dvidshub.net/image/4836255/operation-blue-roof Misyon FEMA: Ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf. Pou jwenn yon lis resous ki disponib pou moun ak  biznis ki afekte nan Ouragan Michael, ale sou sitwèbwww.floridadisaster.org/info [http://www.floridadisaster.org/info] Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Michael, al gade nan www.fema.gov/disaster/4399 [https://www.fema.gov/disaster/4399]. Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @FEMARegion4 [https://twitter.com/FEMARegion4]epi @FLSERT. [http://www.twitter.com/flsert] Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan   Facebook.com/FEMA [https://facebook.com/fema]akFacebook.com/FloridaSERT [http://www.facebook.com/floridasert].