Èd nan Moman Katastwòf yo ap Toujou Disponib menn lè Dat Limit lan ap Vanse

Release Date Release Number
019
Release Date:
Novanm 9, 2021

BATON ROUGE,La. –  Pandan Louisiana ap kontinye retabli apre Siklòn Ida a , FEMA ap enkouraje sinistre yo pou yo aplike pou èd apre katastwòf anvan li twò ta. Dat limit pou aplike a se Lendi, 29 Novanm.

Anpil fwa, pwopriyetè kay yo pa aplike paske yo panse domaj kay yo pa twò enpòtan, se apre yo ap dekouvri anpil domaj kache ki gen pou wè ak katastwòf la. Sinistre ki pèdi kay yo ak pwopriyete pèsonèl yo pandan Siklòn Ida a dwe aplike anvan 29 Novanm pou patisipe nan Pwogram FEMA pou Patikilye ak Fanmi.

Fema genyen anpil Sant Retablisman apre Katastwòf (Disaster Recovery Centers DRC) nan tout rejyon an. Poutan ou pa bezwen vizite yon DRC an pèsonn pou aplike nan FEMA. Moyen pi rapid pouw aplike pou èd yo:

  • Anliy nan DisasterAssistance.gov
  • Nan 800-621-3362 oubyen (TTY) 800-462-7585. Moun kI ap itilize yon sèvis relè tankou sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn avèk soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo a pou sèvis sa a.
  • Techaje aplikasyon mobil FEMA a. Chwazi Resous nan moman KatastWòf (Disaster Resources) epi klike nan Aplike pou Èd Anliy.

DRC yo se manm FEMA, Administrasyon Ti Biznis (U.S. Small Business Administration SBA) epi kèk fwa lòt ajans federal ak lokal epi sèvis piblik. Pou ou lokalize yon sant, ale nan aplikasyon FEMA oswa vizite sitwèb FEMA.gov/DRC. Tout sant yo ap pran prekosyon pou COVID-19 Mask yo obligatwa pou specialis FEMA yo ak viktim yo.

Tout moun ki bezwen yon lojman konvenab (ASL interpreting, Braille, large print, etc.)dwe rele nan 800-621-3362 pou ou mande èd bonè oswa mande responsab yo èd.

Tags:
Dènye Mizajou