NEW YORK – FEMA te ajoute Konte Dutchess nan deklarasyon federal katastwòf 5 septanm lan pou Siklòn Ida, ki fè vin gen nèf konte rezidan yo elijib kounye a pou aplike pou asistans pou katastwòf FEMA.
Moun ki abite nan konte Bronx, Dutchess, Kings, Nassau, Queens, Richmond, Rockland, Suffolk ak Westchester kapab aplike kounye a pou pwogram Asistans Endividyèl FEMA a. Dat limit pou aplike se lendi 6 desanm. Moun ki te deja aplike pa bezwen aplike ankò.
Siklòn Ida te frape New York 1 a 3 septanm. Nou ankouraje pwopriyetè kay ak lokatè nan nèf konte yo ki te gen domaj oswa pèt akoz tanpèt la dirèkteman pou yo aplike pou asistans. Asistans pou katastwòf ka gen ladan sibvansyon pou ede peye pou lojman tanporè ak reparasyon kay esansyèl ansanm ak lòt bezwen grav ki gen rapò ak katastwòf tankou depans pou swen medikal ak swen dan.
Ou ta dwe aplike nan FEMA menm si ou gen asirans, men avan fè yon reklamasyon ak founisè asirans ou. FEMA bay asistans pou kandida yo pou depans ak bezwen grav yo katastwòf lakòz ki pa asire oswa ki pa asire ase. Aplikan yo oblije enfòme FEMA sou tout pwoteksyon asirans ki gen ladan asirans pou inondasyon, pwopriyetè kay ak machin.
Kandida pou asirans yo dwe bay dokiman ki idantifye règleman asirans yo oswa avantaj yo anvan FEMA konsidere kalifikasyon yo pou kategori asistans asirans prive kapab kouvri.
Pou aplike pou asistans FEMA an, ale sou DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil oswa rele nan liy Asistans FEMA an nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè Liy Asistans yo disponib apati 8 a.m. jiska 7 p.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou jwenn yon entèprèt ki pale lang ou.
Epitou, ou ka vizite yon Sant Rekiperasyon Dezas tou epi rankontre fas-a-fas ak anplwaye FEMA ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans leta ki ka bay enfòmasyon sou asistans pou katastwòf. Pou jwenn yon sant retablisman pre ou, vizite DRC Locator (fema.gov).
Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò pou rekiperasyon nan New York lan, ale sou fema.gov/disaster/4615. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion2 epi facebook.com/fema.