Trenton, NJ – Yo konseye rezidan Louisiana Siklòn Ida te frape ki pa t ko fè sa yo kontakte konpayi asirans yo an epi depoze yon reklamasyon pou dega an relasyon ak katastwòf la. Moun sinistre nan konte yo chwazi pou Asistans Endividyèl ki gen pèt ki pa t asire oswa pat asire ase yo kapab kalifye pou asistans FEMA nan objektif pou fè yo ale viv nan kay yo ankò.
-
-
- Ki Pèt FEMA Kapab Kouvri
-
Asistans FEMA an pa fonksyone menm jan ak yon aisrans paske li sèlman satisfè bezwen debaz pou rann yon kay san danje, pwòp epi fonksyonèl. Asistans FEMA an pa p ede w retounen jan w te ya anvan an men li ap ba w yon kout men pou w kapa leve kanpe ankò. Èd FEMA nan kad katastwòf pou moun sinistre an kouvri bezwen debaz sèlman epi li p ap dedomaje w pou tout pèt ou yo.
Dega ki gen nan kay yo dwe an relasyon ak Siklòn Ida. Enspektè FEMA yo kapab kontakte moun sinistre ki aplike yo pou pran yon randevou enspeksyon.
-
-
- Reparasyon San Danje, Pwòp epi Fonksyonèl pou Fè yon Kay Apwopriye pou viv ladan l:
-
- Pwopriyete: FEMA kapab asiste nan ranplasman oswa reparasyon sistèm chofaj, sistèm vantilasyon ak sistèm klimatizasyon ki kraze nan katastwòf la ansanm ak frijidè epi fou. Lòt reparasyon FEMA kapab posib kouvri se sèvis piblik tankou sistèm kouran, plonbri ak gaz yo. Atik ki pa esansyèl tankou sistèm lavaj veso ak ekipman son ak imaj yo pa p kouvri.
- Dega nan Plafon oswa Twati: Sibvansyon FEMA yo kapab ede nan reparasyon yon twati ki vin koule pandan katastwòf la ki kapab lakòz gen lòt dega nan plafon epi menase eleman elektrik yo, tankou limyè nan plafon yo, men yo p ap peye pou tach senp ki se rezilta twati koule a.
- Sòl: Asistans FEMA an kapab itilize pou reparasyon yon sousòl ki kraze nan moman katastwòf la nan pati ki gen moun nan kay la, men li p ap konsidere sòl ki kouvri ak seramik oswa kapèt.
- Fenèt: Pèman FEMA yo kapab ede nan fenèt ki kraze pandan moman katastwòf la, men li p ap repare pèsyèn oswa rido.
Lòt asistans FEMA kapab bay yo se depans tanporè ki dwe peye pou lojman si kay yon moun sinistre pa kapab abrite moun sa, oswa asistans pou atik ki esansyèl nan yon kay yo.
Paske sitiyasyon chak moun sinistre diferan youn ak lòt, kalkil FEMA sou kisa li dwe kouvri yo varye. Depans pou reparasyon ki pi plis pase kondisyon pou fè yon kay san danje, pwòp epi fonksyonèl yo pa kalifye. Depanse Sibvansyon yo ak Sajès
Sibvansyon katastwòf yo pa dwe itilize nan kad vwayaj, amizman, depans regilye chak jou yo oswa depans volontè ki pa gen pou wè ak katastwòf la. Moun sinistre yo dwe kenbe resi yo pandan twa lane pou montre kijan yo te depanse sibvansyon FEMA yo.
Si lajan sibvansyon an pa itilize nan fason ki ekri nan lèt ou resevwa an, ou kapab gen pou ranbouse FEMA epi ou kapab pèdi kalifikasyon w pou lòt asistans federal ki kapab vin disponib pi devan pou w leve kanpe apre katastwòf la.
Kijan pou w Aplike pou Èd FEMA an
Si ou pa genyen asirans oswa ou pa asire ase, ou kapab kalifye pou èd federal.
Fason ki pi fasil epi pi rapid pou aplike an se nan ale sou disasterassistance.gov/ oswa nan telechaje Aplikasyon FEMA an sou Apple App Store la oswa sou Google Play Store.
Si li pa posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362. Si ou ap itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, Innocaption oswa CapTel, bay nimewo FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.
-
-
- Asistans lan Pa Ase pou Repare Kay ou Nan Kondisyon Li te ye Anvan an:
-
Aprè ou aplike pou èd nan kad katastwòf pou moun sinistre yo, yo kapab transfere w devan Administrasyon Ti Antrepriz yo nan Etazini (U.S. Small Business Administration, SBA). SBA kapab kontakte w pou ofri w yon prè a enterè ki ba nan kad katastwòf la. Pwopriyetè kay ak lokatè yo te refere bay SBA dwe ranpli aplikasyon pou prè an menm si yo deside pa pran li nan objektif pou rete kalifye pou lòt pwogram adisyonèl FEMA. Prè SBA yo kapab gen ladan yo:
- Pou antrepriz tout dimansyon ak majorite òganizasyon san pwofi yo: jiska 2 milyon dola pou dega nan pwopriyete yo.
- Pou ti antrepriz yo, ti antrepriz ki angaje nan elvaj pwason ak majorite òganizasyon san pwofi yo: jiska 2 milyon dola pou bezwen finansman pou fonksyonman menm si yo pa t sibi okenn dega nan pwopriyete yo, ak yon prè maksimòm 2 milyon dola pou nenpòt konbinezon dega nan pwopriyete ak bezwen finansman pou fonksyonman.
- Pou pwopriyetè kay yo: jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo.
- Pou pwopriyetè kay ak lokatè yo: jiska $40,000 disponib pou ranplase byen pèsonèl yo, tankou machin yo.
Biznis ak Abitan yo kapab aplike anliy nan https://disasterloanassistance.sba.gov Pou kesyon ak asistans ranpli yon aplikasyon, rele nan 800-659-2955 oswa voye yon mesaj imèl nan DisasterCustomerService@sba.gov. SBA pral reponn kesyon espesifik yo sou kòman prè katastwòf yo kapab ede chak sinistre reprann yo apre dega katastwòf la
Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Region 2 a nan twitter.com/FEMAregion2.