Sivivan ki nan Konte Essex, Hudson, Mercer, ak Union yo Kapab Aplike pou Resevwa Èd FEMA ki Disponib Kounya la a

Release Date Release Number
NR 002
Release Date:
September 11, 2021

Trenton, NJ – Kounyea yo chwazi konte Essex, Hudson, Mercer ak Union pou Asistans Endividyèl. Konte sa yo pral fè youn ak konte yo te deja chwazi yo tankou Bergen, Gloucester, Hunterdon, Middlesex, Passaic ak Somerset.

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay oswa lokatè, ou dwe depoze yon reklamasyon touswit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab founi avantaj pou pèt asirans lan te kouvri plis pase yon fwa. Si ou pa genyen asirans oswa ou pa asire ase, ou kapab kalifye pou èd federal.

Fason ki pi fasil epi pi rapid pou aplike an se nan ale sou disasterassistance.gov/ oswa nan telechaje Aplikasyon FEMA an sou Apple App Store la oswa sou Google Play Store.

Si li pa posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362. Si ou ap itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, Innocaption oswa CapTel, bay nimewo FEMA nimewo ki asosye ak sèvis sa.

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib
  •  Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.

Rezidan nan Konte yo pa chwazi yo

New Jersey kontinye ap ranmase enfòmasyon nan men moun ki te sibi enpak andeyò dis konte kote FEMA te deklare yon Katastwòf Prensipal. Pòtay eta an pral anrejistre enfòmasyon debaz tankou non, lokalizasyon, dega ak depans ak bezwen rezidan ak antrepriz ki sibi enpak yo. Ou kapab jwenn li nan nj.gov/ida ak damagenj-njoem.hub.arcgis.com

Moun ki soumèt enfòmasyon sou dega sa yo nan sistèm sa dwe aplike pou èd FEMA an apa si yo chwazi konte yo ap viv ladanl lan pi devan.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo

Twa Sant Rekiperasyon apre Katastwòf te louvri jodia pou ede lokatè ak pwopriyetè kay rès Siklòn Ida te afekte yo.

Sant yo plase nan zòn sa yo:

Konte Middlesex

Middlesex Fire Academy, 1001 Fire Academy Drive, Cafeteria B, Sayreville, NJ 08872

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Samdi ak Dimanch soti 8 a.m rive 4 p.m.

Konte Passaic:

Civic Center. 19 Warren Street, Little Falls, NJ 07424

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Samdi ak Dimanch soti 8 a.m rive 4 p.m.

Konte Gloucester

Mullica Hill Library, 389 Wolfert Station Road, Mullica Hill, NJ 08062

Orè Fonksyònman: Louvri 7 a.m pou 7 p.m. ET, soti nan Lendi rive Vandredi

Samdi soti 10 a.m rive 5 p.m. ak Dimanch soti 1 p.m. rive 5 p.m.

FEMA ak NJOEM pran angajman yo pou louvri DRC nan chak konte yo chwazi yo. Lòt sant sa yo pral louvri pa twò lontan pou ede sinistre nan lòt zòn yo.

Reprezantan FEMA ak Administrasyon Ti Antrepriz Etazini yoBiwo Jesyon Ijans Eta New Jersey an ak lòt ajans eta yo disponib nan sant yo pou eksplike pwogram asistans lan pou katastwòf, reponn kesyon sou korespondans alekri yo epi bay dokimantasyon sou reparasyon ak rekonstriksyon pou rann kay yo plis solid pou reziste kont katastwòf.

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Region 2 a nan twitter.com/FEMARegion2.

Tags:
Dènye mizajou