Moun sinistre New Jersey konsekans Siklòn Ida Afekte yo Kapab Aplike pou resevwa Èd FEMA ki disponib kounyea

Release Date Release Number
NR 001
Release Date:
September 7, 2021

Trenton, NJ – Pwopriyetè kay ak lokatè New Jersey Siklòn Ida afekte yo ki ap viv nan konte yo fèk chwazi pou Asistans Endividyèl la kapab kalifye pou èd FEMA.

Konte yo chwazi yo se: Bergen, Gloucester, Hunterdon, Middlesex, Passaic ak Somerset.

Si ou genyen asirans pwopriyetè kay oswa lokatè, ou dwe depoze yon reklamasyon touswit. Dapre lalwa, FEMA pa kapab founi avantaj pou pèt asirans lan te kouvri plis pase yon fwa. Si ou pa genyen asirans oswa ou genyen yon ti asirans, ou kapab kalifye pou èd federal.

Fason ki pi fasil epi pi rapid pou aplike an se nan ale sou disasterassistance.gov/ oswa nan telechaje Aplikasyon FEMA an sou Apple App Store la oswa sou Google Play Store.

Si li pa posib pou aplike anliy, rele nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585). Nimewo telefòn gratis yo fonksyone apati 6 a.m. rive nan 10 p.m. (Lè Santral), sèt jou sou sèt. Moun ki ap itilize yon sèvis relè tankou yon videyofòn, Innocaption oswa CapTel dwe bay FEMA nimewo espesifik yo genyen ki asosye ak sèvis sa a.

Ajan Kowòdinasyon Federal Patrick Cornmill te di: "Misyon FEMA nan New Jersey epi toupatou nan peyi an se ede moun anvan, pandan ak apre katastwòf." "Moun ki rete nan konte Bergen, Gloucester, Hunterdon, Middlesex, Passaic ak Somerset yo te deja kòmanse anrejistre pou èd FEMA an epi nou ankouraje moun nan konte sa yo ale sou DisasterAssistance.gov pou anrejistre.

Lè ou aplike pou èd, ou dwe genyen enfòmasyon sa yo disponib tou pre w:

  • Yon nimewo telefòn aktyèl kote yo kapab jwenn ou
  • Adrès ou te genyen nan moman katastwòf la ak adrès ou rete kounya
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou, si li disponib
  • Yon lis jeneral sou dega ak pèt yo
  • Si ou genyen asirans, nimewo kontra oswa nimewo ajan ak/oswa non konpanyi an

Lè li posib pou fè sa san danje, kòmanse netwaye. Fè foto pou w idantifye dega yo epi kòmanse netwaye ak repare pou evite lòt dega. Sonje konsève tout resi depans ou fè ki gen rapò ak netwayaj ak reparasyon yo.

Èd pou katastwòf la kapab genyen èd finansyè pou lòjman tanporè ak reparasyon kay epitou lòt pwogram pou asiste fanmi yo pou yo reprann yo apre konsekans evènman an.

Rezidan nan Konte yo pa chwazi yo

New Jersey te lanse yon pòtay pou kolekte done nan objektif pou ranmase enfòmasyon nan men moun ki te sibi enpak andeyò sis konte kote FEMA te deklare yon Katastwòf Prensipal. Pòtay eta an pral anrejistre enfòmasyondebaz tankou non, lokalizasyon, dega ak depans ak bezwen rezidan ak antrepriz ki sibi enpak yo. Ou kapab jwenn li nan nj.gov/ida ak damagenj-njoem.hub.arcgis.com

FEMA ak Eta an ap kontinye evalye dega nan lòt konte yo atravè pwosesis Evalyasyon Dega Preliminè yo ak pòtay eta an pral fè si tout dega Ida te lakòz yo sou teritwa tout konte yo nan Eta an evalye pou gen posibilite jwenn èd FEMA an.

Prè nan kad Katastwòf Administrasyon Ti Antrepriz yo

Prè pou katastwòf ki genyen ti pousantaj enterè Administrasyon Ameriken pou Ti Biznis yo (U.S. Small Business Administration SBA) disponib pou pwopriyetè kay, lokatè, biznis nenpòt dimansyon ak anpil òganizasyon benevòl. Menm jan ak FEMA, SBA pa kapab founi avantaj pou pèt asirans lan kouvri plis pase yon fwa.

  • Pou ti biznis yo, sa ki angaje nan elvaj pwason ak majorite òganizasyon san pwofi yo: jiska 2 milyon dola disponib pou bezwen finansman pou fonksyonman menm si yo pa t sibi okenn dega nan pwopriyete yo, ak yon prè maksimòm 2 milyon dola pou nenpòt konbinezon dega nan pwopriyete ak bezwen finansman pou fonksyonman.
  • Pou pwopriyetè kay yo: jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal yo. Pou pwopriyetè kay ak lokatè yo: jiska $40,000 disponib pou ranplase byen pèsonèl yo, tankou machin yo.

Biznis ak Abitan yo kapab aplike anliy nan https://disasterloanassistance.sba.gov Pou kesyon ak asistans ranpli yon aplikasyon, rele nan 800-659-2955 oswa voye yon mesaj imèl nan DisasterCustomerService@sba.gov. SBA pral reponn kesyon espesifik yo sou kòman prè katastwòf yo kapab ede chak sinistre reprann yo apre dega katastwòf la

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4614. Swiv kont Twitter FEMA Region 2 a nan twitter.com/FEMAregion2. 

Tags:
Dènye mizajou