Teritwa ak Patnè Federal yo Pèfòme yon Egzèsis Evakyasyon Abri nan yon Anviwonman Pandemik

Release Date Release Number
06
Release Date:
August 30, 2021

ST. CROIX, U.S. Virgin Islands – Van ak lapli toubiyon kòm yon siklòn Kategori 2 apwoche zile a epi moun yo ap evakye soti nan otobis Transpò Virgin Islands (VITRAN) epi apwoche nan Sant Rekreyasyon D.C. Canegata pou chèche abri.  Anpil nan moun ki evakye yo epwize, avèk fanmi pwòch yo kite dèyè.

Apeprè 10 evakye apwoche antre nan sant rekreyasyon an epi ankouraje sòlda Gad Nasyonal Zile Vyèj ke yo bezwen antre andedan abri kòm tanpèt la ap apwoche St. Croix. Gen yon fanm ki enkyete sou ki kote mari l ye, yon lòt gen enkyetid tou paske li nan yon abri avèk ka COVID-19 yo kap monte nan zile a epi yon gason ap mande pou manje ak dlo.

Sòlda Gad Nasyonal yo ap asire evakye yo, yon ofisye Depatman Lapolis Zile Vyèj, reprezantan ki soti nan Depatman Sèvis Imen ak Kwawouj Zile Vyèj.  Yo fè yon pre-seleksyon sou gason ak fanm yo, fè tès COVID-19, tcheke tanperati yo, epi trete nan refij la.

Travayè abri yo anonse pwotokòl epi yo di ke limyè yo ap etènn nan 10 p.m. Finalman, tout bagay te kòrèk. Evakye yo se te volontè nan Óganizasyon Volontè Aktiv nan Katastwòf Zile Vyèj (VOAD) epi pa t gen tanpèt ki ta pral vini. Ajans Jesyon Ijans Teritoryal Zile Vyèj ak Sèvis Imen (VITEMA), grasa sipò planifikasyon FEMA ak resous lojistik yo, te kondwi nan yon egzèsis abri sou teren an ki reyisi sou yon syèl ble.

Egzèsis sou teren an nan apremidi a te presede nan maten pa diskisyon sou eksplwatasyon abri rasanbleman nan kondisyon katastwòf, nan yon anviwonman pandemi COVID-19. Egzèsis Abri Evakyasyon Mass Care la chita sou kapasite teritwa pou ouvèti abri yo, premye operasyon, ak fèmti abri yo nan yon anviwonman pandemi te gen twa objektif.

  • Valide pati nan abri yo ki nan anèks Plan Enplemantasyon Pandemik Mass Care,
  • Evalye konwòdinasyon entè-ajans pou sipòte wòl ak responsablite enpòtan nan fonksyonman abri pandan yon anviwonman COVID-19 ak
  • Idantifye potansyèl sekirite, anplwaye ak defi lojistik nan fonksyonman abri yo ka rive pandan yon evènman ki gen danje nan yon pandemi.

Mark A. Walters, Kowòdonatè pou Biwo Rejyonal Karayib FEMA Virgin Islands, te konstaste difikilte yo avèk pandemi  COVID-19 la kòm yon opòtinite pou ogmante resous federal pou sipòte teritwa avèk planifikasyon egzèsis abri. “Mass care se yon fonksyon sipò ijans enpòtan avèk repons katastwòf. Ogmantasyon ka COVID-19 nan Zile Vyèj ak apwòch gwo sezon siklòn lan rann li esansyèl pou konsantre sou repetisyon repons nan domèn tankou etabli abri anvan tanpèt la devlope. Nou pral kontinye rete vijilan epi sipòte teritwa avèk preparsyon ak repons pandan tout sezon siklòn lan te deklare Walters.

Patisipan egzèsis yo te evoke plizyè senaryo anvan egzèsis sou teren an ki gen rapò avèk operasyon evakyasyon abri. Yo te abode plizyè sijè:

  • Kisa pou nou fè si evakye yo refize fè tès pou COVID-19,
  • Pwotokòl COVID-19 pou ajans teritoryal ak volontè yo ki ta sipòte operasyon abri yo,
  • Disponiblite enfimyè ak resous yo pou sipòte tès COVID-19 ak evakye yo ki te dyagnostike pozitif oswa ki montre sentòm kowonaviris,
  • Frekans tès la pou evakye yo, anplwaye adekwat ak disponiblite resous kominikasyon tankou tradiktè Panyòl ak Kreyòl Ayisyen ak entèpretè Lang Siy Ameriken.  

Komisyonè Sèvis Imen Kimberley Causey-Gomez te apresye anpil patisipan ki te sipòte egzèsis abri a epi li te di Mass Care operations mande efò tout kominote a. “Fason nou viv te chanje konplètman depi pandemi an, e sa gen ladan preparasyon katastwòf ak efò planifikasyon pou kominote Zile Vyèj nou an.  Mesaj piblik nou an depi sezon 2020 te abri anplas avèk sipò zanmi, fanmi, vwazen, ak òganizasyon ki baze sou lafwa,” te deklare Komisyonè Causey-Gomez.

“Li egalman enpòtan pou DHS prepare atravè kondisyon Mass Care nou an pou gen yon abri evakyasyon ki ansekirite pou w itilize, erezman kòm yon dènye rekou pou rezidan nou yo.  Nou konprann se pa tout moun ki anmezi pou gen abri anplas e egzèsis fòmasyon sa a te ede nou kontinye travay ansanm kòm yon ekip pou bay sekirite ak pwoteksyon pou ou lè ou bezwen l piplis,” te deklare Komisyonè Causey-Gomez.

“Nou rekonesan pou ajans patnè nou yo, ansanm avèk ekip FEMA ki te prè pou ede nan efò nou pou amelyorasyon.  Li enpòtan pou asire ke ou prepare endividyèlman epi kòm yon inite fanmi, tanpri jwenn tout pwovizon ou yo (sètadi., dlo, manje, preskripsyon medikaman, pil, elatriye) ki nesesè kounye a,” te deklare Komisyonè Causey-Gomez.

Egzèsis la pèmèt patisipan yo reflechi sou konsèp pou kenbe COVID-19 andeyò abri yo ak devlope plan pou ranfòse operasyon abri yo toupatou nan U.S. Virgin Islands.

"Nou nan piwo nivo sezon siklòn Atlantik 2021 la sa ki fonksyone apati 15 Out pou rive 15 Oktòb e li koni istorikman kòm genyen pi gwo chans pou fòmasyon siklòn. Egzèsis la te mete anfaz sou enpòtans pou ajiste pwosedi ouvèti abri nou yo pou kounye a enkli tès ak depistaj COVID-19,” te deklare Direktè VITEMA Daryl Jaschen. “Nouvo mezi sa yo ajoute plis tan pou trete moun yo men li fèt pou redwi chans pou pote COVID-19 nan yon abri,” te deklare Direktè Jaschen.

“Avèk sipò ki soti nan Kwawouj Ameriken, mask ak distans sosyal ranfòse tou nan abri yo, sa ki malerezman redwi kantite moun ki otorize nan yon abri. Anplis, nou te devlope ak pratike pwosedi yo ki bay aksyon sizoka yon moun montre sentòm COVID-19 oswa teste pozitif.  Pwosesid say o ta gen ladan karantèn tanporè, enfòme Depatman Sante, epi fè aranjman transpòtasyon pou abri non kolektif,” te deklare Direktè Jaschen.

“Pandanke nou mete anfaz pou refij nan kay, avèk vwazwen, ak zanmi yo, ka gen okazyon kote menas nan Teritwa iminan ke Gouvènè [Albert] Bryan pral anonse ouvèti abri yo, Lè moman sa vini, nap prepare pou ouvè abri yo ansekirite ak pwoteksyon," te deklare Direktè Jaschen.

Konsèp yo ki itilize nan egzèsis la ta gen rapò avèk evakyasyon abri yo ansanm avèk sou St. Thomas, St. John ak Water Island. Apade Sèvis Imen, VITEMA, Kwawouj Ameriken, VITRAN, Gad, VIPD, ak VOAD, egzèsis patisipan yo gen ladan:

  • Depatman Sante Zile Vyèj, Pò Otorite Zile Vyèj, Depatman Jistis Zile Vyèj ak Depatman Edikasyon Zile Vyèj.

Kòm sezon siklòn lan ap apwoche nan sezon ki piwo, rete vijilan, revize plan ijans fanmi w, epi konprann planifikasyon w ka diferan akoz bezwen pou pwoteje tèt ou ak lòt moun nan COVID-19.

Diskite dènye direktiv Depatman Sante  sou COVID-19 ak kijan li kapab afekte planifikasyon siklòn ou. Gen ase pwovizyon pou kay ou, enkli medikaman, pwodui dezenfektan, mask ak pwodui pou bèt kay nan twous pwovizyon katastwòf ou pou jiska 10 jou.

Enskri pou Alert VI pou resevwa enfòmasyon ijans. Sistèm vijilan VITEMA disponib an Angle ak Panyòl epi bay notifikasyon nan tan reyèl pou jiska senk adrès nan Zile Vyèj Etazini.

A volunteer acting as an evacuee checks in with the Virgin Islands National Guard during an evacuation shelter drill at D.C. Canegata Recreation Center on St. Croix.

Yon volontè kap aji kòm yon evakye ap enskri avèk Gad Nasyonal Zile Vyèj pandan yon egzèsis evakyasyon nan Sant Rekreyasyon D.C. Canegata nan St. Croix.  Egzèsis la konsantre sou valide kapasite teritwa pou ouvè abri yo, premye operasyon yo, ak fèmti abri yo nan yon anviwonman pandemik. FEMA/Eric Adams

A volunteer role playing an evacuee looks to register at the D.C. Canegata Recreation Center shelter during an evacuation shelter drill. Members of the Voluntary Organizations Active in Disaster role played evacuees during the field exercise.

Wòl yon volontè nan evakyasyon  se pou chèche enskri nan abri Sant Rekreyasyon  Canegata D.C. pandan yon egzèsis evakyasyon. Manm Óganizasyon Volontè ki aktif nan wòl evakye yo te jwe pandan egzèsis sou teren an. FEMA/Eric Adams

Tags:
Dènye mizajou