Zile Vyèj Etazini ap Akeyi yon Misyon Fòmasyon Kò Enjenyè Lame Ameriken

Release Date Release Number
NR 03
Release Date:
Jiyè 22, 2021

ST. Croix, Zile Vyèj Etazini -- Garanti kouran ijans disponib pou enstalasyon kritik tankou lopital, abri evakyasyon ak santral elektrik se yon defi apre dezas tankou siklòn ak tranblemanntè -- espesyalman sou zile ki andeyò kontinan Etazini yo.

An jiyè, sòlda ki soti nan Konpayi Alpha batayon 249yèm Batayon Enjenyè nan Kò Enjenyè Lame Ameriken te pase yon semèn nan Zile Vyèj Etazini pandan yo t ap ranje evalyasyon konpetans kouran yo nan kad misyon antrènman an. Te gen 10 sòlda ak de ansyen ofisye ki pa komisyone nan batayon an ki te asiyen nan misyon fòmasyon an.

Plis pase sèt jou, kat ekip sòlda te reyalize 77 evalyasyon elektrik nan enstalasyon esansyèl ke Ajans Jesyon Ijans Teritwa Zile Vyèj te idantifye sou tout teritwa a. Yo te voye de ekip nan Distri St Thomas/St John a ak de ekip te ale nan Distri St Croix.

Evalyasyon yo te konsantre sou chaj kritik ak chaj plen pou kondisyon kouran ijans ak kote dèlko ijans ta dwe konekte nan enstalasyon an apre yon dezas.

"Egzijans evalyasyon kouran Enjenyè 249yèm' nan anpil enstalasyon gouvènman kle enfrastrikti ki lokalize sou tout kat zile yo enpòtan anpil. Enfòmasyon yo te rasanble yo te relanse pwosesis egzijans apre yon gwo dezas natirèl pou asistans federal ak jenerasyon kouran ijans. Alafwa gouvènman lokal ak federal yo gen yon lis komen, “ se sa Direktè VITEMA Daryl Jaschen te di. “Ansanm nou konnen kote etablisman kle yo ye sa ki genyen ladan yo lokalizasyon GPS, egzijans kouran yo, ak kondisyon dèlko aktyèl la oswa nan kèlke ka, konnen ke pral gen yon bezwen imedya, puiske p ap gen kouran sekou. Jaschen te di, finalman evalyasyon sa a ap itil anpil nan sove lavi ak kenbe gouvènman an operasyonèl.“

Sit yo te evalye yo te genyen:

  • Myrah Keating Smith Community Health Center ak George Simmons Terrace Community Center sou St. John,
  • Schneider Regional Medical Center ak Santral Elektrik Randolph Harley ak Santral Elektrik  Seven Seas Reverse Osmosis sou St. Thomas,
  • D.C. Canegata Multipurpose Recreation Center and Educational Complex sou St. Croix.

“Gen opòtinite pou vwayaje ak antrene nan yon anviwònman konplètman diferan pi byen prepare sòlda yo pou repons dezas reyèl. Mèt Sèjan Victor Walker ki te dirije misyon antrènman batayon an te di "sa a tou se yon gen pou teritwa a paske nou kwè ke sa a tou pi byen prepare teritwa a nan preparasyon pou yon dezas kote l ap pre-idantifye bezwen kouran pou enstalasyon kritik.

Yon evalyasyon elektrik te idantifye bezwen kouran yon etablisman, kote pano kouran yo lokalize, sa ki nesesè pou konekte yon dèlko nan enstalasyon an ak kote kote yo dwe mete dèlko a ansanm ak nòt ak foto referans.

“Misyon fòmasyon 249yèm Konpayi Alpha itilize enstalasyon aktyèl ke VITEMA te idantifye pou atenn objektif fòmasyon li yo. Chris Gallagher, Direktè Operasyon Sikisal Rejyon 2 pou Ekip Asistans Jesyon Ensidan te di "lè sa fèt anba syèl blea li redui dire pou evalyasyon pou enstalasyon si genyen yon egzijans pou kouran ijans tanporè." Gallagher te di: “genyen opòtinite pou mennen FEMA, USACE, VITREMA ak moun ki responsab enfrastrikti kritik nan Zile Vyèj Etazini ansanm bay yon opòtinite enpòtan yo pou pi byen prepare anvan ak apre dezas si kouran ijans tanporè nesesè.”

Gallagher ak Kevin Edwards, Chèf Seksyon Operasyon nan Rejyon 2 IMAT te dirèkteman sipòte batayon an pandan misyon li. Misyon fòmasyon an te anba kowòdinasyon Kowòdonatè Biwo Zòn Karayib FEMA Mark A. Walters ak Direktè VITEMA Jaschen.

Sgt. Drake Hupf, (from left), Sgt. Joe Aldana and Pvt. Cameron Depew, of the Alpha Company of the 249th Engineer Battalion of the U.S Army Corps of Engineers, conduct an electrical assessment of a critical facility on St. Croix during their training mission.

St Croix, Zile Vyèj Etazini - Sèjan Drake Hupf, (soti nan bò gòch), Sèjan Joe Aldana ak Pvt. Cameron Depew ki soti nan Konpayi Alpha 249yèm Batayon Enjenyè nan Kò Enjenyè Lame Ameriken te reyalize yon evalyasyon elektrik enstalasyon esansyèl nan St. Croix pandan misyon fòmasyon yo. Evalyasyon misyon an te konsantre sou chaj kritik ak chaj plen pou kondisyon kouran ijans ak kote dèlko ijans ta dwe konekte nan enstalasyon an apre yon dezas. FEMA/Mark A. Walters

Daryl Jaschen, Director of the Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, meets with soldiers from the Alpha Company of the 249th Engineer Battalion of the U.S Army Corps of Engineers outside VITEMA’s Emergency Operations Center in Christiansted.

ST. CROIX, Zile Vyèj Etazini – Daryl Jaschen, Direktè Ajans Jesyon Ijans Teritwa Zile Vyèj, te rankontre sòlda ki soti nan Konpayi Alpha 249yèm Batayon Enjenyè nan Kò Enjenyè Lame Ameriken deyò Sant Operasyon Ijans VITEMA nan Chistiansted. Plis pase sèt jou, kat ekip sòlda te reyalize 77 evalyasyon elektrik pandan yon misyon esansyèl nan enstalasyon esansyèl ke VITEMA te idantifye sou tout teritwa a. FEMA/Mark A. Walters

Alpha Company of the 249th Engineer Battalion of the U.S. Army Corps of Engineers team members (from left) Spc. Kodjo Akoloh, Sgt. Austin Peterson, Sgt. Adam Miller, Staff Sgt. Stephen Scott, Master Sgt. Victor Walker, FEMA's Chris Gallagher, Operations Branch Director for the Region 2 Incident Management Assistance Team, and battalion member Sgt. Eduardo Delacruz gather outside the Area Recovery Office in Yacht Haven Grande.

St. Thomas Zile Vyèj Etazini, 15 jiyè 2021-- manm ekip Konpayi Alpha batayon 249yèm Batayon Enjenyè nan Kò Enjenyè Lame Ameriken (soti agoch) Spc. Kodjo Akoloh, Sèjan Austin Peterson, Sèjan Adam Miller, Sèjan Pèsonèl Stephen Scott, Mèt Sèjan Victor Walker, Chris Gallagher, Direktè Sikisal Operasyon pou Rejyon 2 Ekip Asistans Jesyon Ensidan, ak manm batayon Sèjan Eduardo Delacruz reyini devan Espas Rekiperasyon nan Yacht Haven Grande. Moun ki pa nan foto se ekip evalyasyon St. Croix la ki genyen ladann Sèjan Craig Salmon, Sèjan Drake Hupf, Sèjan Joe Aldana, Pvt. Cameron Depew ak Kevin Edwards, Chèf Seksyon Operasyon nan Rejyon 2 IMAT. Sòlda yo te mennen evalyasyon elektrik nan enstalasyon esansyèl ke Ajans Jesyon Ijans Teritwa Zile Vyèj  ak sipò Repons Divizyon IMAT te idantifye sou tout teritwa a. FEMA/Eric Adams

Tags:
Dènye Mizajou