ST. CROIX, U.S. Virgin Islands – Septanm te yon mwa remakab nan direksyon pwojè rekiperasyon pou Teritwa a. Ajans Jesyon Ijans Federal [Federal Emergency Management Agency (FEMA)], atravè Pwogram Asistans Piblik li, te apwouve 48 obligasyon pou $83.1 milyon. Angajman sa yo pral ede ranfòse liy sekirite kominote a, tankou sante ak medikal, enèji, ak pwoteksyon ak sekirite pandan Teritwa ap rekipere nan siklòn Irma ak Maria.
Sekirite sanitè ak meikal te angaje nan $25 milyon pou pwojè yo ki gen ladan achèvman enstalasyon tanporè Lopital Gouvènè Juan F. Luis nan Christiansted.
Yo te atribye omwen $15.5 milyon pou fòtifye liy sekirite enèji pou rezo elektrik Teritwa a. Pwojè yo gen ladan ranbousman pou reparasyon distribisyon elektrik ijans nan St. Thomas ak St. Croix epi repare sou-estasyon elektrik Donald C. Francois ak Tutu nan St. Thomas ak sou-estasyon St. John.
“Rekiperasyon an ap avanse. Gen aksè nan fon sa yo nesesè pou Teritwa a kòmanse travay sou anpil nan enstalasyon sa yo ki nan move kondisyon,” te deklare Adrienne L. Williams-Octalien, Direktè Biwo Rekiperasyon Katastwòf. “Biwo nou an travay etwatman avèk FEMA ansanm avèk benefisyè lokal yo pou avanse pwojè enpòtan tankou sa yo epi garanti yo depanse lajan federal yo kòrèkteman.”
Yo te oblije ranbouse Depatman Lapolis V.I. plis pase $10 milyon pou mezi pwoteksyon ijans pou depans tankou kontwòl anpil moun ak rechèch ak sovtaj apre siklòn 2017 yo.
Reyalizasyon ekip Asistans Piblik nou an nan mwa “Septanm reprezante pwogrè enpòtan nan sipòte plan Teritwa a pou ranfòse liy sekirite kominote li a. Nou pral kontinye travay san pran souf pou rive nan rekonstriksyon yon Zile Vyèj ki pi fò,” te deklare Ofisye Kowòdinasyon Federal Coordinating Bill Vogel.
Yo te angaje plis pase $18 milyon pou reparasyon bilding piblik yo. Pwojè yo gen ladan ranplasman nan Anèks Bilding Alva A. Swan Correctional sou St. Thomas ak reparasyon nan Biwo Gouvènè a nan Christiansted ak Konplèks Arthur Abel nan Frederiksted.
Depatman Espòtif V.I., Pak ak Rekreyasyon te angaje $11.8 milyon pou pwojè yo ki gen ladan reparasyon nan Randal Doc James Racetrack ak Vincent Mason Coral Resort Park & Pool nan St. Croix, ak reparasyon nan Enstalasyon Pavilion/Town Center sou Water Island.
Yo te angaje plis pase $947,000 pou lojman, sa ki gen ladan reparasyon pèmanan nan Sant Kominotè George Simmons Terrace nan St. John.
Ekip Asistans Piblik FEMA pral kontinye fòmile pwojè rekiperasyon yo an kolaborasyon avèk Teritwa a pou pi byen reziste nan katastwòf ak fonksyone kontinyèlman.
Misyon FEMA se pou ede moun anvan, pandan ak apre yon katastwòf.
Swiv nou sou medyal sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands