Efò pou Repare Bilding Piblik yo Akselere

Release Date Release Number
182
Release Date:
November 12, 2020

ST. CROIX, U.S. Virgin Islands – Misyon pou repare domaj siklòn Irma ak Maria nan bilding piblik yo te mennen nan afektasyon $3 milyon atravè Pwogram Asistans Piblik FEMA (PA) pou plizyè pwojè rekiperasyon nan Teritwa a nan mwa ki sot pase a.

Yon obligasyon nan $890,169 pou Virgin Islands pou restore Sant Jistis Alexander A. Farrelly nan St. Thomas retounen nan achitekti li te genyen anvan katastwòf la, kapasite ak fonksyon l anvan katastwòf la pami pwojè ki apwouve yo nan Oktòb. Sant Jistis twa etaj la nan Veterans Drive loje sal tribinal ak biwo yo.

“Sant Jistis Alexander A. Farrelly se yon etablisman enpòtan pou moun Virgin Islands yo. Anplwaye FEMA yo kontan epi fyè paske yo te travay avèk kolaboratè USVI yo pou angaje lajan pou yon etablisman ki enpòtan anpil epi pran yon lòt etap Delavan nan pwosesis rekiperasyon an nan siklòn devastatè 2017 yo,” te deklare Direktè Rekiperasyon pa Entèrim FEMA John Covell. 

Lapli ak van siklòn Maria te andomaje twati sant jistis la epi te lakoz dlo te antre andedan konplèks la nan mwa Septanm 2017. Satirasyon dlo te efondre plafon andedan tribinal yo epi li te satire klwazon sèch, enstalasyon limyè, mozayik plafon ak tapi.  Gwo van te soufle nan fenèt yo e li te andomaje andedan plizyè biwo.

Jidisyè a pral jere konsepsyon ak chwa kontraktè yo, pèmi ak konfòmite avèk kòd règlemantasyon  yo ansanm avèk estanda Teritwa a pandan restorasyon sant jistis la.

“Resan obligasyon yo pou reparasyon bilding piblik sa yo ki bay sèvis enpòtan pou Teritwa a siyale pwogrè kontinyèl nan bi pou restore enfrastrikti nou an,” te deklare Direktè Biwo Rekiperasyon Katastwòf Adrienne L. Williams-Octalien. “Avèk finansman sa a travay la kòmanse kounye a avèk demann pou yon kontraktè pou pèfòme reparasyon ki nesesè pou etablisman sa yo. Teritewa a apresye sipò kontinyèl FEMA.”

Lòt pwojè bilding piblik obligatwa yo gen ladan:

  • Yo te atribye $384,093 pou Biwo Koreksyon Alva A. Swan Jail Annex ak kontni Franklin Building. Enfiltrasyon dlo te detwi ak andomaje plizyè kontni nan bilding  yo pandan siklòn 2017;
  •  Yo te atribye $151,928 pou Sèvis Ponpye V.I. pou reparasyon Estasyon Ponpye Emile C. Berry sou St. Thomas. Gwo van ak van lapli te koze domaj nan ponpye Dorothea. Gwo debri te andomaje twa anlè pòt, epi bloke drenaj twati yo, lakòz dlo akimile sou koridò prensipal, epi koule sou do kay ki pi ba;
  • Yo te atribye $107,852 pou Biwo Gouvènè a pou jesyon depans nan St. Croix;
  • Yo te atribye yon total $1.5 milyon pou lòt pwojè yo ki gen ladan retire debri pou depans jesyon ak Konsèvasyon Nati pou St. Croix Landmarks Society.

Gwoup Bilding Piblik USVI FEMA pral kontinye konsantre sou pwojè yo pou restore etablisman ki te andomaje nan  kondisyon anvan katastwòf la epi ranfòse rezistans Teritwa a kont katastwòf yo.

###

Misyon FEMA se pou ede moun anvan, pandan, ak apre katastwòf yo.

Swiv nou sou medya sosyal nan twitter.com/femaregion2 ak   www.facebook.com/FEMAUSVirginIslands

 

 

 

Tags:
Dènye mizajou