Sant Sekou Mobil pou Katastwòf Pral Louvri pou Kat Jou nan Konte Marion ak Polk pou Sivivan yo nan Florida

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 029
Release Date:
September 29, 2017

ORLANDO, Fla. – De Sant Sekou Mobil pou Katastwòf (Mobile Disaster Recovery Centers, MDRC) pral louvri samdi 30 septanm nan Konte Marion ak Polk pou ede sivivan ouragan nan Florida. MDRC yo pral louvri ant 8 a.m. ak 8 p.m. jiska madi 3 oktòb a 8:00 p.m.

DRC yo, tankou sa yo se resous mobil pou katastwòf ki pèmèt ofisyèl leta ak ofisyèl lokal yo ogmante nèt kantite moun y ap bay sekou nan anpil zòn afekte ak sivivan yo otank posib. Yo ofri sipò fas-a-fas pou moun ak pwopriyetè ti biznis yo. Espesyalis sekou yo ki nan Administrasyon Federal pou Jesyon Ijans ( Federal Emergency Management Administration , FEMA), Administrasyon Ti Biznis Ameriken(U.S. Small Business Administration, SBA)  disponib pou bay èd pou nenpòt moun pou ranpli aplikasyon oswa pou modifye sitiyasyon yo. Gen òganizasyon volontè ki disponib epi ki ofri anpil kalite sèvis pou ede sivivan yo retounen nan aktivite yo.

MDRC YO nan adrès ki endike anba la a:

Marion County Public Library (Konte Marion)
2720 NE Silver Springs Blvd.
Ocala, FL 34470
Orè Fonksyònman: Depi 8 a.m. jiska 8 p.m.  
SANT SEKOU KI NAN ADRÈS SA A AP FÈMEN 3 OKTÒB.

 

Stuart Center (Konte Polk)
1702 US Highway 17 South
Bartow, FL  33830
Orè Fonksyònman: Depi 8 a.m. jiska 8 p.m.  
SANT SEKOU KI NAN ADRÈS SA A AP FÈMEN 3 OKTÒB.

Pandan plis sant yo ap louvri, sivivan yo ka chèche youn ki pi pre yo sou sitwèb https://www.fema.gov/disaster-recovery-centers, depi yo itilize Aplikasyon, oswa yo ka rele Liy Èd nan nimewo 800-621-3362, (TTY) 800-462-7585. Nimewo Liy Èd yo louvri depi 7 a.m. jiska 11 p.m., sèt jou pa semèn.

Pwosesis enskripsyon an se premye etap nan sekou a epi li egzije pou bay enfòmasyon tankou kontra asirans, ak enfòmasyon sou kont labank pou transfè posib lajan dirèk Nou ankouraje sivivan yo pou yo enskri anvan yo ale nan yon DCR.

Si ou gen telefòn oswa aksè nan entènèt, ou ka enskri nan youn nan fason sa yo:

  • sou sitwèb DisasterAssistance.gov.
  • Rele Liy Èd FEMA Helpline nan nimewo 800-621-3362 pou pale, 711 ak Sèvis Relè nan Videyo (Video Relay Service ,VRS). Si ou soud oswa  mal pou tande oswa si ou gen andikap pou pale epi w ap itilize yon TTY, rele nimewo 800-462-7585. Enfòmasyon sou pwosesis enskripsyon an disponib nan ASL sou sitwèb: fema.gov/medialibrary/assets/videos/111546.
  • Gen èd ki disponib nan pifò lang yo.
  • Tele chaje Aplikasyon Mobil FEMA  epi aplike.

Ou ka gen lòt bezwen pandan ou ale nan yon DRC:

  • Si ou bezwen yon aranjman rezonab tankou Langaj Siy Ameriken, Ekriti Bray, gwo lèt elatriye ou ka rele nimewo Liy Èd la pou jwenn sipò nan nimewo 800-621-3362.
  • Nou ofri tradiksyon lang nan Sèvis Entèpretasyon nan Telefòn nan 200 lang.

Ekip ap bay èd pou sivivan yo akòz katastwòf la pou(Disaster Survivor Assistance, DSA) ap fè sondaj nan zòn afekte yo epitou yo kapab enskri sivivan yo pou yo jwenn èd nan FEMA , si li nesesè. Lè rezidan yo bezwen plis èd ekip yo ka voye yo nan yon DRC.

Si ou enskri deja, li pa nesesè pou ale nan yon DRC, men ou ka toujou vle pale avèk yon Espesyalis sekou pou modifye sitiyasyon ou oswa pou jwenn èd nan lòt òganizasyon yo.

Ou pa oblije ranbouse sibvansyon FEMA bay yo Ou pa peye taks sou èd FEMA epi li p ap afekte kalifikasyon ou pou avantaj Sekirite Sosyal, Medicaid oswa lòt avantaj federal.

Sivivan Yo ta dwe enskri menmsi yo gen asirans. FEMA pa kapab double peman asirans yo, men aplikan ki pa gen ase asirans yo ka resevwa èd apre yo resevwa peman pou reklamasyon yo.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou sekou a, ale sou sitwèbwww.fema.gov/hurricane-irma.

Exterior of the Disaster Recovery Center in St. Augustine, Florida on Saturday, September 16, 2017. Photo by J.T. Blatty / FEMA.

###

 Misyon “FEMA” se pou sipòte sitwayen ak premye sekouris nou yo pou asire n ap travay ansanm antan yon peyi, pou devlope, sipòte ak amelyore kapasite nou pou prepare pou tout danje, bay pwoteksyon kont danje, bay repons pou danje yo, retabli nou apre yo, epitou diminye yo nèt.

Gen asistans pou reparasyon apre katastwòf ki disponib san konsiderasyon ras, koulè, relijyon, si ou se fanm oswa gason, laj, andikap, konpetans nan lang Angle oswa sitiyasyon ekonomik. Si oumenm oswa yon moun ou konnen te viktim diskriminasyon, rele FEMA gratis nan nimewo 800-621-FEMA (3362). Pou TTY rele 800-462-7585.

Asistans lojman FEMA pou yon ti tan ak sibvansyon pou depans transpò piblik, depans pou swen medikal ak swen dantè, ak depans pou sèvis finerè ak antèman pa egzije moun pou yo aplike pou yon prè SBA. Men, aplikan ki resevwa aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo ba ofisye kredi SBA pou yo kapab kalifye pou asistans ki garanti byen pèsonèl, reparasyon oswa ranplasman veyikil, ak depans pou amenaje ak depo.

Tags:
Dènye mizajou