Konprann Kondisyon Sitwayennete pou Asistans FEMA

Release Date Release Number
NR 001
Release Date:
October 26, 2020
Baton Rouge, LA –Antanke sivivan ki soti nan toulède siklòn Louisiana yo, epi kòm delè limit pou enskri avèk FEMA pou asistans apre Siklòn Laura se 27 Oktòb, gen kèk moun ki kapab evite chèche èd kòm yo pa konnen si li obligatwa pou w yon sitwayen Ameriken. Men règleman yo: Aplikan yo dwe sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa sitwayen oswa yon rezidan kalifye pou w kapab elijib. Men, fanmi yo ki gen plizyè estati imigrasyon bezwen sèlman yonsèl manm fanmi (pa egzanp, timoun minè) ki se yon sitwayen e ki gen yon nimewo Sosyal Sekirite pou aplike. Yon timoun minè dwe abite avèk paran/gadyen nan non l e li dwe anba laj 18 ane avan 5 Oktòb. FEMA pa p kolekte okenn enfòmasyon sou sitwayennete. Etranje kalifye defini tankou: • Moun ki rezidan Legal Pèmanan (Detantè Kat Vè [Green Card holders]); • Azile (yon moun kap chèche oswa yo akòde azil politik), refijye oswa etranje yo retni estati depòtasyon yo; • Etranje ki sou libète pwovizwa nan Etazini pou omwen yon lane; • Etranje ki benefisye yon antre • Antran Kiben/Ayisyen; oswa • Sèten etranje sijè a yon mechanste ekstrèm oswa ki te viktim yon fòm trafik imen grav, sa ki enkli moun ki ven viza “T” oswa “U”. Lòt asistans kapab disponib pou yon moun oswa fanmi kèlkeswa estati yo. Anplis, anpil ajans volontè non-pwofi ka bay èd kèlkeswa estati imigrasyon/sitwayènnte. Tout moun, kèlkeswa estati legal yo, ki afekte pa yon gwo katastwòf kapab elijib pou pwogram soulajman ijans an nati tankou swen medikal, abri, manje ak dlo. Pou wè si ou abite nan yon pawas ki deziyen pou asistans FEMA, vizite: https://www.fema.gov/disaster/4559/designated-areas. Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, vizite www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv kont TWiter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6
Related Links:
Tags:
Dènye mizajou