Twa Pawas Adisyonèl nan Louisiana Jwenn Asistans Endividyèl

Release Date Release Number
NR 020
Release Date:
September 13, 2020

BATON ROUGE, La. – Mèt kay ak lokatè nan Pawas Caddo, La Salle ak St. Landry gen dwa aplike kounye a pou asistans federal nan dezaz pou dega ak pèt Siklòn Laura ki pa t asire oswa pa byen asire.

Pou kalifye pou èd federal nan ka dezaz, domaj tanpèt ak pèt akòz siklòn ak inondasyon yo dwe te rive akòz Siklòn Laura sòti 22 pou rive 27 dawout.

Yo te mete18 pawas nan deklarasyon federal la anvan pou ede mèt kay ak lokatè. Se pawas Acadia, Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Grant, Jackson, Jefferson Davis, Lincoln, Morehouse, Natchitoches, Ouachita, Rapides, Sabine, Union, Vermilion, Vernon ak Winn.

Sivivan yo ta dwe fè konpayi asirans yo a yon reklamasyon  nan menm moman y ap aplike pou FEMA. Pa pèdi tan ou, si ou gen asirans, ou dwe fè yon reklamasyon.

Si ou genyen aksè ak telefòn oswa ak entènèt, ou gen dwa enskri, pou sa:

  • Ale sou entènèt nan DisasterAssistance.gov
  • Telechaje aplikasyon FEMA a
  • Rele nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585. Liy telefòn gratis yo fonksyone sòti 7 è nan maten pou rive 10 è nan aswè, 7 jou sou 7.

Pa tann pou kòmanse netwaye ak pou fè reparasyon. Pran foto tout dega epi kenbe tout resi.

Sonje asistans FEMA a pa kapab fè sivivan yo santi yo retounen na nòmal yo pou kont li. Pwogram asistans FEMA nan ka dezaz yo konsevwa pou ede grasa sibvansyon yo bay pou reparasyon debaz pou fè kay sivivan yo san danje, pwòp epi fonksyonèl epi pou founi yon espas tanporè pou abite pandan sivivan yo devlope plan retablisman yo.

FEMA pa kapab diplike peman asirans yo. Sepandan, sivivan dezaz ki pa gen asirans oswa ki pa byen asire yo gen dwa toujou resevwa èd apre yo te regle reklamasyon asirans yo.

Administrasyon Ti Biznis Ameriken an mete a dispozisyon mèt kay yo, yon prè pou ka dezas ki gen yon to enterè ki ba, ki reprezante jiska $200,000, a pou rezidans prensipal yo a. Mèt kay ak lokatè kalifye pou jiska $40,000 pou repare oswa ranplase byen pèsonèl ki domaje oswa kraze.

Biznis ak òganizasyon san bi likratif prive gen dwa prete jiske 2 milyon dola pou repare oswa ranplase byen imobilye, machin ak ekipman, envantè ak lòt byen biznis la.

Moun k ap aplike yo gen dwa aplike sou entènèt nan: disasterloanassistance.sba.gov.  Moun k ap aplike yo gen dwa rele tou Sant Sèvis Kliyan SBA a nan 800-659-2955 oswa voye imèl sou disastercustomerservice@sba.gov pou plis enfòmasyon. Moun ki soud oswa mal pou tande gen dwa rele nan 800-877-8339.

SBA mete sou pye yon Sant Vityèl pou Retablisman Biznis ak yon Sant Vityèl pou Bay Prè pou founi pwopriyetè biznis yo asistans epi ede mèt kay ak lokatè. Imèl FOCWAssistance@sba.gov oswa rele nan 800-659-2955. Liy yo ouvè chak jou sòti 8 è nan maten riv 8 è nan aswè (Lè Zòn Lès)

Pou jwenn toudènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou visit www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv FEMA Region 6 sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6.

 

Tags:
Dènye mizajou