Resous ki Disponib pou Odyans Divès FEMA a

Release Date Release Number
R4 DR-4337-FL NR 036
Release Date:
October 2, 2017

ORLANDO, Fla. – FEMA angaje pou l ede moun ki te afekte nan Siklòn Irma a travè pwosesis sekou a. FEMA ankouraje w pou w fè demann pou w jwenn sa w bezwen.

Jiska jounen Jodi a, yo resevwa plis ke 2.1 milyon enskripsyon.

Mande ak resevwa asistans FEMA pa chanje benefis ou jwenn nan Sekirite Sosyal, food stamps, Medicare, Medicaid, sèvis veteran ak lòt pwogram federal yo.

FEMA travay ak sektè prive ak sektè ki pa pou pwofi yo pou ede w jwenn aksè nan etablisman, pwogram ak enfòmasyon.  Kolaborasyon sa yo fèt nan konjonksyon avèk patnè gouvènman lokal, tribi, eta ak federal.

Aksè inivèsèl se yon priyorite, e tout Sant Rekiperasyon Dezas yo gen pakinn ki aksesib, ranp ak twalèt.

Lòt Lang ki pa Anglè

Enskripsyon pou katastwòf la disponib nan plizyè lang swa nan entènèt oswa nan telefòn. Pwosesis enskripsyon an disponib nan lang Anglè, Panyòl nan DisasterAssistance.gov. Ou kapab rele nan (800-621-3362) pou w enskri kote ou gen yon opsyon langaj-Panyòl oswa ou ka pale avèk yon reprezantan ki pou fè w jwenn yon entèprèt ki pale lang ou. Sant Sekou pou Katastwòf yo gen telefòn ki telechaje ak òdinatè tablèt pou ede avèk tradiksyon langaj.

Pou moun Florida yo, FEMA tradwi enfòmasyon enskripsyon ak sekou a nan 12 lang: Panyòl, Arab, Chinwa, Alman, Kreyòl Ayisyen, Italyen, Koreyen, Polonè, Pòtigè, Ris, Tagalog ak Vietnamyen. Vizite FEMA.gov/disaster/4337 pou afichaj. Anplwaye FEMA yo ap kouvri katye yo avèk yon zouti pou idantifye lang ou epi yo ka ede w tradwi materyèl yo kòmsadwa.  Bibliyotèk enfòmasyon FEMA nan sit entènèt plizyè lang li a, Resources for Other Languages, gen feyè, bwochi, kominike laprès ak anons sèvis piblik ki pale sou preparasyon pou katastwòf, repons, sekou ak diminisyon.

Moun ki Soud, Tande Di oswa ki Gen Difikilte Pou Pale

Moun ki soud, tande di oswa ki gen difikilte pou pale, ak itilize yon TTY, ka rele 800-462-7585 pou asistans. FEMA bay resous ki annapre yo tou nan Sant Sekou Katastwòf yo oswa nenpòt lè nan pwosesis sekou a:

  • Entèprèt langaj-siy
  • Materyl Bray ki gen gwo karaktè
  • Telefòn Anplifye
  • Aparèy pou Tande ki Anplifye
  • Loup pou lekti

Pou moun ki itilize langaj siy yo, FEMA gen yon seri videyo ki dekri pwosesis enpòtan sou enskripsyon ak sekou nan Langaj Siy Ameriken.  Ale nan FEMA.gov epi  chache tèm “sign language video” pou w wè yo.

Resòtisan ak Etranje ki Kalifye

Resòtisan oswa etranje ki kalifye yo ka elijib pou resevwa asistans dezas nan FEMA. Pou plis enfòmasyon sou kondisyon kalifikasyon yo vizite Ready.gov epi chache tèm citizenship oswa immigration. Resòtisan yo ap resevwa menm asistans avèk sitwayen Ameriken yo anba Pwogram Endividyèl ak Fanmi an.  Anplis, ajans volontè yo bay tout moun èd kèlkeswa kondisyon imigrasyon ak sitwayènte yo.

Patisipan nan Evenman Lokal

Si  FEMA ap patisipe nan yon evenman lokal ou ta renmen asiste, ou gen dwa pou w mande akomodasyon ki rezonab pou w sipòte bezwen kominikasyon ou genyen. FEMA ka bay entèpretasyon langaj siy, tit ak lòt sèvis si yo mande sèvis la nan reyinyon an oswa moun k ap resevwa moun nan evenman an.

###

Misyon FEMA se pou sipòte sitwayen ak sekouris nou yo pou asire ke nou travay ansanm kòm yon nasyon pou nou bati, kenbe ak amelyore kapasite pou nou prepare, pwoteje kont, reponn nan, rekipere ak minimize tout danje yo.

Asistans rekiperasyon dezas disponib sans konsiderasyon pou ras, koulè, relijyon, nasyonalite, sèks, laj, andikap, pèfòmans nan lang Anglè oswa kondisyon ekonomik. Si ou menm oswa yon moun ou konnen sibi diskriminasyon, rele nimewo gratis FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY nan 800-462-7585.

Asistans pou lojman tanporè FEMA ak sibvansyon pou depans transpò piblik, medikal ak dantè, ak depans antèman ak antèman pa mande pou moun yo aplike pou yon prè  SBA.  Sepandan, aplikan ki resevwa yon aplikasyon prè SBA dwe soumèt yo bay yon ofisye SBA pou yo ka kalifye pou asistans ki kouvri  pwopriyete pèsonèl, reparasyon machin oswa ranplasman, ak demenajman ak depans pou depo.

Tags:
Dènye mizajou