Vrè ou Fo: Mete dosye a dwat sou prè SBA ak Asistans FEMA

Release Date:
September 20, 2021

Aplikasyon prè Administrasyon Ti Biznis Etazini (US Small Business Administration SBA) genyen anpil avantaj pou sinistre siklòn Ida ki aplike pou èd katastwòf FEMA.

Vrè ou Fo:  Yo kapab oryante mwen sou SBA apre mwen fin aplike nan FEMA.

Vrè  Aprè ou aplike pou èd nan kad katastwòf pou moun sinistre yo, SBA kapab kontakte ou.  Si yo mande w pou soumèt yon aplikasyon pou yon prè SBA ki pa genyen anpil enterè, yo ankouraje w pou w fè sa. Aplike avèk SBA a asire tout opsyon ki disponib pou èd pou katastwòf yo rete louvri pou ou. 

Vrè ou Fo:  Aplikasyon SBA a kapab baz referans pou lòt pwogram sibvansyon yo.

Vrè  Soumèt aplikasyon an fè li posib pou ou genyen sibvansyon adisyonèl. Si ou aplike pou yon prè katastwòf SBA ki pa gen anpil enterè epi ou pa kalifye, sa kapab louvri pòt pou èd adisyonèl nan FEMA.

Si SBA refize aplikasyon prè a, ou kapab kalifye pou sibvansyon èd adisyonèl FEMA pou ranplase atik esansyèl nan kay la; ranplase oswa repare yon machin ki andomaje; kouvri depans depo oswa satisfè bezwen ki gen rapò ak katastwòf la.

Vrè ou Fo:  Mwen dwe aksepte yon prè SBA si yo aksepte mwen .

Fo: Si SBA jije ou kalifye pou yon prè, ou pa oblije aksepte li. Poutan, si ou kalifye pou yon prè SBA epi ou chwazi pa aksepte li, resous adisyonèl kabap pa disponib pou ou pou reprann ou apre katastwòf la.

Vrè ou Fo:  Prè SBA se sèlman pou biznis.

Fo: SBA ofri prè pou pwopriyetè kay yo jiska $200,000 pou repare oswa ranplase rezidans prensipal ou an. Yo pèsonalize prè yo swivan sikonstans ekonomik ou yo. Nan bezwen, SBA kapab ede pou refinanse prè ipotèk aktyèl ou an(yo).

SBA kapab ede lokatè ak pwopriyetè kay yo ranplase atik kay la (egzanp, rad, mèb ak aparèy elektwomenaje) ak machin, sa yo rele pwopriyete prive an.  Pwopriyetè kay ak lokatè yo kalifye pou jiska $40,000 pou repare oswa ranplase pwopriyete pèsonèl ki andomaje oswa detwi.

Vrè ou Fo: Mwen dwe chwazi ant sibvansyon Èd Endividyèl FEMA oswa yon prè SBA.

Fo: Kalifye pou yon prè SBA pa vle di ou gentan pa kalifye pou asistans FEMA. Genyen plizyè rezon enpòtan pou konplete epi voye yon aplikasyon SBA, menm si ou panse ou pa bezwen yon prè kounya. 

Pa egzanp, ou kapab dekouvri asirans ou pa ase pou montan travay reparasyon an bezwen an oswa pou ranplase kay ou. Yon prè pou katastwòf ki genyen yon ti pousantaj enterè kapab yon pon ant depans reparasyon ou an ak montan vèsman an. 


Vrè ou Fo: Prè SBA disponib pou biznis ak òganizasyon benevòl nenpòt gwosè.

Vrè  Biznis tout gwosè ak òganizasyon benevòl kapab prete jiska $2 milyon pou repare oswa ranplase byen imobilye, machin ak ekipman, estòk ak lòt byen komèsyal ki te andomaje oswa detwi. SBA kapab tou prete fon adisyonèl ak biznis epi pwopriyetè kay yo pou ede yo nan depans amelyorasyon pou pwoteje, evite epi minimize menm tip dega katastwòf la te lakòz nan lavni.

Pou ti biznis, ti kowoperativ agrikilti, ti biznis pwason ak anpil òganizasyon prive benevòl nenpòt gwosè, SBA ofri Prè Ekonomik nan Ka Katastwòf pou ede reponn ak bezwen fon katastwòf lan lakòz. Èd pou domaj ekonomik la disponib pou konpanyi yo kelkeswa dega a.

Vrè ou Fo: Genyen yon delè pou aplike pou ti prè SBA ki genyen ti pousantaj enterè yo. 

Vrè  Delè pou depoze dosye pou domaj sou pwopriyete yo se 28 Okt., 2021. Dat limit pou revoye aplikasyon sou reparasyon ekonomik yo se 31 Me 2022

SBA mete sou pye yon Sant Vityèl Sansibilizasyon pou Prè nan sitiyasyon Katastwòf  ki ap ouvè Lendi rive Vandredi, 7 a.m. pou 7 p.m. Sinistre yo kapab kontakte yon reprezantan sèvis kliyan SBA nan imèl nan mailto:FOCWAssistance@sba.govoswa nan telefòn nan 800-659-2955. Sinistre yo kapab aplike anliy nan https://disasterloanassistance.sba.gov.
 

Pou jwenn dènye enfòmasyon yo, ale sou fema.gov/disaster/4611. Swiv kont Twitter FEMA Rejyon 6 la twitter.com/FEMARegion6 oswa sou Facebook nan facebook.com/FEMARegion6/.

Tags:
Dènye mizajou