Batiman Surfside Anfondre: FAQ sou Asistans Endividyèl

Release Date:
July 5, 2021

Repons Dezas se yon jefò kolektif komintote a kidonk FEMA ap travay kòtakòt ak patenè l yo nan leta, sektè prive a avèk òganizasyon benevòl e relijye yo pou ede sivivan batiman Champlain Towers South ki te efondre ansanm ak fanmi moun ki pèdi pwòch yo.

Kesyon Anpil Moun ap Poze (Frequently Asked Questions)

Kilès ki elijib pou jwenn asistans FEMA?

  • Men kondisyon yon mound we ranpli pou kalifye pou resewa Asistans Endividyèl & Tout Kò Kay FEMA a (FEMA Individuals & Households Assistance):
    • Domisil prensipal aplikan an avan dezas la te nan Champlain Towers South, 8777 Collins Avenue.
    • Aplikan an dwe yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan men ki pa sitwayen, oswa yon etranje kalifye.
    • FEMA dwe kapab verifye idantite aplikan an.
    • Asirans aplikan oswa lòt fòm asistans dezas aplikan an ap resevwa pa ranpli bezwen yo dezas la koz.
    • Depans avèk bezwen esansyèl aplikan an dirèkteman koz pa anfondreman batiman Surfside la.

Ki kalte asistans FEMA ki disponib pou sivivan Anfondreman Batiman Surfside yo dapre deklarasyon ijans Prezidan an?

  • Deklarasyon Ijans Prezidan an 25 Jen an otorize FEMA ofri Pogram Endividyèl & pou Tout Kò Kay (Individuals and Households Program) li genyen an bay sivivan ak fanmi ki pèdi pwòch yo nan anfondreman batiman Champlain Towers South. Asistans yo ka kouvri:
    • Ranbousman Depans Lojman – Ranbousman depans otèl pou aplikan asirans pa kouvri epi ki gen kay yo vin envivab nan peryòd ensidan an. Kenbe kopi resi yo pou depoze ansanm avèk aplikasyon ou.
    • Asistans pou Repare/Ranplase Kay yo – Fon pou pwopriyetè kay repare domaj dezas la koz asirans pa kouvri ni ki pa responsablite asosyasyon kondominyòm lan.
    • Asistans Lwaye – Gen dwa gen fon disponib pou lwe lojman altènatif pou aplikan ki gen kay yo vin envivab swit ak dezas la. 
    • Asistans Fineray –Asistan finansyè pou ede avèk depans ki kalifye yo, lòt sous tankou asirans pa kouvri, ki anrapò ak yon lanmò dirèkteman ou endirèkteman lye avèk anfondreman batiman Surfside.
    • Asistans Gadri Timoun – Asistans finansyè kapab disponib pou kay ki kalifye pou jere depans gadri timoun ki ogmante nan kad dezas la.
    • Asistans pou Bezwen Esansyèl – Yon peman $500 payment k ap bay yon sèl fwa pou kay ki elijib ki gen bezwen esansyèl imedya paske yo bije soti nan espas kay prensipal yo. Bezwen esansyèl imedya se sa k nesesè pou sove lavi avèk sa k endispansab a lavi a tankou, men ki pa limite ak, dlo, manje, atik premye swen, preskripsyon, manje ti bebe, kouchèt, founiti medikal ki ka konsome, ekipman medikal dirab, atik swen ijyenik pèsonèl, avèk gaz pou transpò.
    • Asistans Pwopriyete Pèsonèl – Fon pou aplikan yo repare oswa ranplase pwopriyete pèsonèl esansyèl ki andomaje nan dezas la epi asirans pa kouvri.
    • Lòt Atik – Fon pou yon seri atik ki bije achte akoz dezas la.
    • Asistans Transp¡ò – Fon pou machin prensipal anfondreman batiman an andomaje ki pa kouvri pa asirans.
    • Asistans Medikal ak Dantal – Fon moun san asirans bezwen pou medikal ak dantal oswa pou pèt anfondreman batiman an koz.
    • FEMA pa ka ranbouse w pou manje ki gate akoz blakawout. Sepandan, li posib pou òganizasyon benevòl nan kominote w la ede nan sa.

Kisa m dwe fè si kay prensipal mwen ak tou sa k ladan andomaje oswa detwi nan anfondreman batiman an?

Kisa Asistans Lojman Tanporè FEMA a ye?

  • Asistans lojman tanporè FEMA a ka disponib pou pwopriyetè kay oswa lokatè pou yo ka lwe yon espas pou yo viv si yo pa gen kouvèti asirans pou Izaj espas la ki Pèdi a epi kay la vin envivab akoz anfondreman Champlain Towers South.
  • Asirans Lojman Tanporè kapab dire jiska 18 mwa apati dat deklarasyon ijans lan, 24 jen 2021 an.

Se si m ap chache jwenn Asistans Fineray pou yon manm fanmi a nou pèdi?

  • Li posib FEMA kab ba w yon don si ou genyen oubyen pwal genyen depans finerè swit ak anfondreman Champlain Towers South selon pwovizyon Lòt Kalte Asistans (Other Needs Assistance provision) Pogram Endividyèl ak pou Kò Kay la (Individuals and Households Program).
  • Aplikan an (moun ki gen depans yo) dwe yon sitwayen Ameriken, yon resòtisan ki pa sitwayen, oswa yon etranje kalifye.
  • Ou pa bezwen rete nan Miami-Dade County pou w kalifye pou asitans finerè a.
  • Asistans Finerè limite rive jiska $7,500 pou chak desede.
  • Pou lanmò plizyè manm fanmi an, FEMA ka bay asistans rive jiska $36,000 prim maksimòm nan kad Asistans pou Lòt Bezwen (Other Needs Assistance).
  • Men sa ki konsidere kòm depans elijib:
    • Transfere kadav la
    • Sèkèy oswa vaz finerè
    • Tè antèman oswa espas pou boule kadav la
    • Makè oswa tonm
    • Transpò pou jiska de moun pou idantifye desede a si ofisyèl eta lokal, tribi, oswa otorite teritòryal yo  mande pou idantifikasyon sa a fèt
    • Antèman
    • Sèvis fineray
    • Sèvis klèje oswa ofisyan
    • Kou ki asosye avèk pwodiksyon ak sètifikasyon jiska senk sètifika desè, epi/oswa
    • Depans siplemantè kèlkeswa lwa oswa òdonans valab leta lokal yo mandate
  • FEMA pa kab bay asistans nan kad sa yo:        
    • Avi desè
    • Flè
    • Enprimri materyèl tankou bandwòl, pogramasyon, oswa kaye rejis
    • Sèvis tretè ansanm ak bay manje
    • Transpò aplikan oswa lòt moun pou al nan lokal sèvis fineray yo oswa nan simityè
    • Poubwa

Kouman pou m fè demann asistans FEMA a?

  • Pou aplike avèk FEMA, vizite lokal Family Assistance Center nan Sea View Hotel ki chita nan 9909 Collins Avenue epi ouvri apati 12 p.m. pou 5 p.m. chak jou. Genyen resous eta, lokalite, ak volontè sou plas nan sant lan pou ede avè bezwen siplemantè yo.
    • FEMA ap travay avèk plerèz sou ti chèz ba yo pou akomode tout nesesite lojistik patikilye.
  • FEMA, American Red Cross, avèk patenè lokal ak eta yo ap mennen kanpay sansibilizasyon tou onivo sivivan ak fanmi yo ki rete nan otèl zòn yo pou ede yo demare pwosesis asistans lan.
  • Si w pa ka aplike an pèsòn, rele FEMA nan 800-621-3362 oswa TTY: 1-​800-462-7585 pou aplike.

Eske gen asistans pou mwen si mwen evakye Champlain Towers North volontèman?

  • Endividi ki evalkye lòt batiman yo volontèman, yo ankouraje yo vizite lokal Family Assistance Center a nan Sea View Hotel ki chita nan 9909 Collins Avenue pou pale ak youn nan plizyè òganizasyon oswa ajans k ap bay kominote Surfside la asistans.
  • Family Assistance Center a nan Sea View Hotel la ouvri apati 12 p.m. pou 5 p.m. sèt jou pa semèn. Nimewo telefòn pou jwenn asistans (hotline) pou Family Assistance Center se 877-777-4066 epi lè ouvèti yo se 10 a.m. pou 5 p.m. Lendi rive Vandredi Friday epi 12 p.m. pou 5 p.m. Samdi ak Dimanch.
  • Si w pa kapab ale nan Family Assistance Center, yo ankouraje w antre an kontak avèk City of Surfside.

Kisa pou m fè si mwen pa yon sitwayen Ameriken epi m te sibi pèt nan anfondreman an?

  • Resòtisan ki pa sitwayen yo kapab elijib pou jwenn asistans kot anpil nan òganizasyon relijye, filantwopi k ap bay èd nan kad anfondreman batiman Surfside building collapse, gen ladan yo k ap sou plas nan Family Assistance Center.  
Tags:
Dènye mizajou