Rezon ki Fè FEMA Ka Te Detèmine ou Pat Elijib

Release Date:
September 9, 2020

Si w te resevwa yon lèt nan men FEMA ki di ou pa elijib pou èd, sa se pa desizyon final la. Yon solisyon rapid tankou bay plis enfòmasyon, ka chanje desizyon FEMA a.

Sonje

  • FEMA pa kapab peye pou domaj asirans kouvri ni li pa ka bay double benefis yon lòt sous ap bay.
  • Sibvansyon FEMA yo fèt pou sèvi pou depans ki pou fèt pou rann kay ou yon kote ki an sekirite,  sanitè ak fonksyonèl. Sa vle di pou kay ou abitab. Domaj ki fèt nan espas ki pa esansyèl oswa sou pwopriyete ki pa esansyèl pa elijib selon pwogram FEMA yo. Si w gen kesyon sou tip domaj ki elijib selon pwogram FEMA yo, ou ka rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo kapab rele nan 800-621-3362.
  • Se pou domaj ki fèt nan kay ou a te fèt akoz Siklòn Laura e se pou yo te rive nan rezidans prensipal ou nan Pawas Acadia, Allen, Beauregard, Calcasieu, Cameron, Grant, Jackson, Jefferson Davis, Lincoln, Natchitoches, Ouachita, Rapides, Sabine, Vermilion, Vernon oswa Winn.

Li lèt ou a

  • Asire w ke ou li lèt detèminasyon FEMA a avèk atansyon paske li presize pouki rezon ou pa elijib epi li rekòmande mezi ki ka chanje desizyon an.

Rezon komen pou non-elijibilite

  • Ou asire. Kontakte FEMA si règleman asirans ou an pa sifizan pou satisfè bezwen w yo ki gen rapò ak dezas la oswa si w itilize lajan Depans Adisyonèl pou Viv la ke konpayi asirans ou a te ba ou.
  • Konpayi asirans ou refize reklamasyon w lan. Ou dwe soumèt dokiman ki idantifye refi oswa ekslizyon règleman asirans ou an anvan pou FEMA konsidere elijibilite w pou asirans.
  • Ou te rapòte pat gen domaj lè w te enskri nan FEMA. Si w te rapòte kay ou a pat sibi domaj men apresa ou vin wè kay la pa abitab ankò, kontakte FEMA pou fè yo konn sa. Sa ede lè w gen dokimantasyon pou sipòte demann kontestasyon w lan, tankou yon lèt yon kontraktè oswa yon otorite lokal ekri ki di ke kay la pa an sekirite pou abite ladan l. Yo dwe enkli tou depans apwoksimatif pou repare kay la.
  • Kay ou san danje pou rete ladan l. Asistans FEMA pou lojman jeneralman kouvri sèlman depans ki pou rann kay ou abitab. Damaj ki fèt nan espas ki pa esansyèl, peyizaj oswa manje ki gate jeneralman pa kouvri nan sibvansyon FEMA yo.
  • Prèv ou abite nan kay la. Lè FEMA pa kapab verifye ke w abite nan rezidans prensipal ou, ou ka bay FEMA dokiman, tankou bòdwo sèvis piblik, yon etadkont labank oswa kat kredi, bòdwo telefòn, souch chèk pewòl, yon lisans chofè, kat Idantifikasyon eta a emèt oswa kat enskripsyon elektè ki montre adrès rezidans ki domaje a.
  • FEMA pat kapab verifye idantite w. FEMA fèt pou l kapab verifye idantite w ak yon nimewo Sekirite Sosyal ki valid. Lè lap verifye idantite, FEMA evite fwòd epi asire l ke w resevwa asistans elijib pou dezas. Pou verifye idantite, ou ka bay FEMA dokiman, tankou yon kopi kat Sekirite Sosyal ou si ou bay li ansanm avèk yon idantifikasyon federal oswa eta, yon paspò ameriken, idantifikasyon militè oswa sèten dokiman ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal.
  • Pat gen yon premye asistans pou lwaye. Ou fè enspektè a konnen ke w pa dispoze pou demenaje pandan yap repare kay ki domaje w la. Sa vin fè w pa elijib pou asistans tanporè pou lwaye ke FEMA bay. Sepandan, antretan ou ka te vin dekouvri plis domaj nan kay ou ki ka nesesite pou w demenaje. Etandone bezwen lojman w yo vin chanje, kontakte FEMA leplito ke posib pou mete kondisyon lojman w ajou epi pou eksplike pouki rezon ou gen yon bezwen pou demenaje.

Lokatè

  • Si w abite nan yon bilding ki gen apatman epi pwopriyetè kay la egzije w pou kite pou yo ka fè reparasyon nan bilding lan, ou dwe avize FEMA sou estati ou. Ou ka elijib pou asistans.

Tout moun gen dwa pou yo konteste

Si w panse kantite oswa tip asistans lan pa kòrèk, soumèt yon eksplikasyon ekri e ke w siyen, ki detay pouki rezon ou panse desizyon FEMA a pa kòrèk epi soumèt kopi nenpòt dokiman ki sipòte kontestasyon w lan, ikonpri prèv sou sa w pèdi yo akòz dezas la.

Si gen yon moun apade oumenm oswa yon ko-aplikan kap ekri yon lèt, moun sa a dwe siyen lèt pou kontestasyon (apèl) an, epi li dwe bay FEMA yon deklarasyon siyen ki otorize moun nan pou l aji nan non w.

Ou dwe mete non w okonplè, nimewo aplikasyon FEMA w la ak nimewo dezas la, adrès rezidansyèl prensipal ou anvan dezas la, ak nimewo telefòn ak adrès aktyèl ou sou tout dokiman wap soumèt yo. Wap jwenn nimewo aplikasyon ak nimewo dezas yo nan paj 1 nan lèt detèminasyon w lan, anlè non ak adrès ou.

Enstriksyon pou soumèt dokiman kontestasyon w

Gen kat fason ou ka soumèt lèt ak dokiman w yo. Asire w ke ou ajoute lèt kouvèti ke w resevwa nan men FEMA a lè wap soumèt yo.

  1. Voye dokiman yo pa lapòs ansanm ak lèt ou a sou 60 jou apre w resevwa lèt detèminasyon w lan, nan adrès ki make pi ba a. Lèt wap voye ansanm ak dokiman kap akonpaye l la, dwe gen so lapòs la sou anvlòp la ki pa depase 60 jou apatide dat FEMA voye lèt sou elijibilite w la pou ou.

FEMA National Processing Service Center

P.O. Box 10055

Hyattsville, MD 20782-7055

  1. Fakse yo nan 800-827-8112.
  2. Telechaje yo sou entènèt la nan disasterassistance.gov si w gen yon kont FEMA sou entènèt. Pou etabli yon kont FEMA sou entènèt, ale sou sit la epi klike sou "Check Your Application and Log In (Tcheke Aplikasyon W lan epi Konekte W" epi swiv enstriksyon yo.
  3. Ale nan yon Sant Repriz Apre Dezas FEMA pou moun ki nan machin yo. Sant lan fonksyone selon pwotokòl rijid pou COVID-19 pou asire sekirite tout patisipan yo. Mask oswa pwoteksyon pou kouvri figi obligatwa pou antre nan sant lan ak pou resevwa sèvis. Wap rete nan machin ou. Pral genyen yon espesyalis, kap gen yon mask nan figi li, ki pral resevwa dokiman w yo atravè fenèt la e lap remèt ou dokiman yo apre. Rele liy asistans FEMA a pou jwenn sant ki pi pre w la, nan nimewo 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585, oubyen ale sou entènèt la nan disasterassistance.gov oubyen teledechaje aplikasyon FEMA a.

Si w gen kesyon oswa si w bezwen pale sou estati non-elijibilite w la, rele liy asistans FEMA a nan 800-621-3362 oswa TTY 800-462-7585. Moun ki itilize 711 oswa Sèvis Relè Videyo kapab rele nan 800-621-3362. Nimewo pou apèl gratis yo disponib chak jou depi 7 a.m. jiska 10 p.m. Gen operatè ki pale plizyè lang ki disponib.

Sivivan ki bezwen enskri yo ka fè sa sou entènèt la nan disasterassistance.gov oswa lè yo teledechaje aplikasyon FEMA a. Yo ka enskri tou lè yo rele liy asistans FEMA a.

Depanse Sibvansyon yo avèk Prekosyon

Ou pa dwe itilize sibvansyon poutèt dezas yo pou vwayaje, pou amizman, pou depans lavi nòmal oswa pou fè nenpòt depans ki pa esansyèl e ki pa gen rapò ak dezas la. Sivivan yo dwe kenbe resi yo pandan twa lane pou montre kijan yo te depanse sibvansyon FEMA yo.

Si w pa itilize lajan sibvansyon an jan yo endike sa nan lèt la, ou ka gen pou ranbouse FEMA epitou ou ka pèdi elijibilite pou jwenn lòt asistans federal ki ka vin disponib pi devan pou repriz ou apre Siklòn Laura.

Pou jwenn toudènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou visit www.fema.gov/disaster/4559 oswa swiv FEMA Region 6 sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou