Resous pou Sante Mantal Moun ki Chape anba Iyenn

Release Date:
October 31, 2022

Siklòn Iyenn mete yon dènye nivo ensètitid ak fristrasyon nan lavi moun ki chape anba tanpèt la yo nan Florida. Pandan w ap debat anba estrès sa a, li enpòtan pou veye sou byennèt emosyonèl ou, ak fanmi ou, epi vwazen w yo. Men yon lis pou resous ki disponib ki kapab ede w.

SAMSHA Asistans Telefonik pou Detrès

 

Asistans Telefonik pou Detrès nan Katastwòf Administrasyon Sèvis pou Pwoblèm Dwòg ak Sante Mantal (SAMSHA, sig anglè) bay sèvis konsèy ak sipò nan kriz 24/7 pou sivivan ki soufri detrès emosyonèl ki gen rapò ak Siklòn Iyenn. SAMSHA se yon ajans nan U.S. Department of Health and Human Services (Depatman Etazini pou Lasante ak Sèvis pou Moun (HHS).

  • Rele nan 800-985-5990, ale sou www.samhsa.gov/ oswa voye SMS TalkWithUs pou Anglè oswa Hablanos pou Espanyòl sou 66746 pou ka antra an kontak ak yon konseye nan koze kriz.
    • Moun ki pale espanyòl kapab rele liy asistans telefonik la epi peze "2" pou yo jwenn èd nan lang pa yo. Moun ki ap rele yo ka antre an kontak ak konseye ki ka kominike nan plis pase 100 lòt lang gras ak asistans sèvis entèpretasyon lòt moun ap bay tou.

Ou kapab telechaje paj enfòmasyon ki ap vini la yo ki eksplike kèk emosyon ou ka atann ou pou santi tou:

Sipò Telefonik DCF Mete pou Fanmi

  • Florida Department of Children and Families (DCF) lanse Sipò Telefonik pou Fanmi, ki mete an kontak moun ki chape Siklòn Iyenn ak kamarad ki te sibi efè epi rekanpe djanm apre yon lòt siklòn ki te pase nan Florida avan sa. Moun volontarya ki soti nan Prèskil la yo ap fè eksperyans pèsonèl yo travay pou bay sipò, konsèy, epi bay moun ki chape yo yon kout men. Pou pale ak yon Kamarad ki bay Sipò pou Fanmi, ou ka rele nan 888-850-7935.
  • Florida Department of Health (DOH) ak DCF antre an kolaborasyon ak BetterHelp pou ofri sèvis sante mantal ki endividyalize, pwofesyonèl pandan twa mwa terapi sou entènèt pou moun ki chape Siklòn Iyenn. Pou jwenn sèvis sa yo, ale sou www.betterhelp.com/voucher epi antre modpas: HurricaneIan.

Lòt Resous pou Ede W Kenbe

  • Nimewo SMS nan Ka Kriz bay sipò sante mantal ak entèvansyon nan kriz atravè mesaj SMS 24/7.
    Ale sou www.crisistextline.org oswa Voye Mesaj HOME nan 741741.
  • Rezo 211 United Way la kolabore ak plizyè santèn òganizasyon, antrepriz, ak ajans gouvènmantal pou bay plizyè resous, tankou swen pou sante mantal ak sèvis sante lokal ak kominotè. Rele 2-1-1, ki disponib 24/24. Oswa ale sou www.211.org.
  • Florida Department of Children and Families Abuse Hotline (Asistans Telefonik Depatman Abi kont Timoun ak Fanmi Florida): Rele nan 800-962-2873.
  • National Domestic Violence Hotline (Asistans Telefonik Nasyonal kont Vyolans Domestik):
    Rele 800-799-7233 oswa voye SMS START nan 88788.
  • National Sexual Assault Helpline (Aistans Telefonik Nasyonal kont Abi Seksyèl): Rele nan
    800-656-HOPE.
Tags:
Dènye mizajou