Fè FEMA konnen si Sitiyasyon Ou Chanje

Release Date:
November 16, 2021

Depi w fin aplike pou w resevwa asistans nan FEMA, li enpòtan pou w fè FEMA konnen si w chanje adrès, si w dekouvri siklòn Ida te fè plis dega lakay ou oswa si w gen yon lòt pwoblèm ki gen rapò ak katastwòf la. Asire w ou fè FEMA konnen si

Ou dekouvri Siklòn Ida fè kay ou ap anvayi ak plis mwazi 

Antanke pwopriyetè kay ki elijib pou l resevwa asistans nan FEMA, ou ka resevwa lajan pou w repare domaj mwazi dezas la te koze nan kad sibvansyon Asistans pou Reparasyon Kay ou. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w elimine mwazi nan Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon, vizite CDC.gov/mold/cleanup.

Ou te mande yon lòt moun pou l aji nan non ou

Si w mande yon zanmi oswa yon fanmi pou li aji nan non w lè w ap aplike pou w resevwa asistans nan FEMA oswa lè w ap rankontre enspektè FEMA a, ou dwe ekri FEMA pou w fè l konn sa. Soumèt konsantman w sou entènèt lè w konekte sou kont FEMA w la, nanDisasterAssistance.gov, oswa voye l pa lapòs bay FEMA National Processing Service Center, P.O. Box 10055, Hyattsville, MD 20782-8055. Ou ka voye konsantman w pa faks tou bay 800-827-8112. Yon lòt fason pou w fè FEMA konnen ou te idantifye yon moun pou aji nan non w: Ou menm ak reprezantan w ka vizite yon Sant Rekouvreman pou Katastwòf ansanm pou soumèt konsantman w. Jwenn Sant Rekouvreman pou Katastwòf ki pi pre w la anliy nan fema.gov/DRC.

Siklòn Ida andomaje founo w la

Si asirans ou an pa kouvri domaj Siklòn Ida te koze nan founo w la, ou ka kalifye pou w resevwa yon sibvansyon nan FEMA pou w ka ranplase l oswa repare li. Soumèt yon lèt apèl, yon resi oswa yon estimasyon pou w repare oswa ranplase fou a, epi asire w ke ou mete non kontraktè a ak nimewo telefòn li nan dokiman yo.

Ou chanje adrès oswa nimewo telefòn

Asire w ke FEMA gen bon jan enfòmasyon pou l kontakte w, sa ap ede w evite reta. Asire w ou fè FEMA konnen si w chanje adrès, menm si se pou yon ti tan. Asire w ke nimewo telefòn ou ak adrès imel ou ki nan dosye FEMA yo kòrèk. Sonje ke ou ka mete enfòmasyon w yo ajou sou entènèt lè w vizite DisasterAssistance.gov.

Dat limit pou w aplike pou asistans katastwòf FEMA a se Lendi 6 Desanm. Men ki jan pou ou aplike:

Vizite DisasterAssistance.gov, itilize aplikasyon mobil oswa rele nan liy FEMA a, nan 800-621-3362. Si w ap itilize sèvis relè videyo (video relay service, VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Operatè liy asistans yo disponib apati 8 è a.m. jiska 7è p.m. chak jou. Peze 2 pou Panyòl. Peze 3 pou w jwenn yon entèprèt ki pale lang ou an.

 

  • Ou kapab vizite yon Sant Rekouvreman pou Katastwòf epi rankontre ekip FEMA a ak reprezantan lòt ajans federal ak ajans nan eta a ki kapab founi w enfòmasyon sou èd pou katastwòf. Pou w jwenn yon sant sekou tou pre ou, vizite DRC Locator (fema.gov).

Pou plis resous anliy ak depliyan FEMA ak lòt èd ou kapab telechaje, ale sou DisasterAssistance.gov epi klike sou "Enfòmasyon.”

Pou dènye enfòmasyon konsènan efò rekiperasyon New York, vizite fema.gov/disaster/4615. Swiv FEMA sou Twitter nan twitter.com/FEMARegion2 epi sou Facebook nan www.facebook.com/fema

Tags:
Dènye mizajou