FEMA ka bay asistans finansyè pou rezidan nan konte Bergen, Essex, Gloucester, Hudson, Hunterdon, Mercer, Middlesex, Morris, Passaic, Somerset, Union ak Warren ki bezwen lojman tanporè paske yo te oblije kite kay prensipal yo poutèt lapli ak inondasyon apre Siklòn Ida.
Si ou te resevwa yon premye sibvansyon FEMA pou ede ak lwaye , FEMA ka bay Asistans Lojman Tanporè Kontinye pou aplikan ki kalifye yo baze sou bezwen epi jeneralman sèlman lè li adekwat, lojman altènatif pa disponib, oswa ou pa ka retounen nan kay prensipal ou an. FEMA voye yon rapèl ak yon aplikasyon bay kay yo apre yo fin resevwa premye sibvansyon ki ede peye lwaye yo. Si ou pa resevwa rapèl la ak aplikasyon an, rele Liy Èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY: 800-462-7585) pou mande aplikasyon an. Li enpòtan pou FEMA gen enfòmasyon kontak pou kote ou ye kounye a. Lokatè yo dwe rele Liy Èd FEMA a pou detèmine kalifikasyon yo.
Aplikasyon sa a dwe gen ak li dokiman sipò yo:
- Revni moun nan kay la anvan dezas la ak kounye a.
- Kopi kontra-lwaye anvan dezas la, bòdwo sèvis piblik, ak asirans lokatè
- Kontra lwaye ou menm ak pwopriyetè a te siyen
- Resi lwaye, chèk anile oswa lòd lajan ki montre asistans lokasyon an te itilize pou peye pou depans lojman.
- Ou dwe gen dokiman ki montre bezwen kontinye pou lojman, epi aplikan an dwe kontinye travay pou jwenn lojman pèmanan pou li rete kalifye pou Asistans Lojman Tanporè Kontinye.
Ou ka soumèt dokiman sa yo bay FEMA fason sa yo:
- Kreye yon kont nan DisasterAssistance.gov (Klike sou "Check Status" (Tcheke Estati) sou paj kay la epi swiv enstriksyon yo)
- Telechaje li sou Aplikasyon FEMA a pou telefòn entelijan
- Voye li pa lapòs bay FEMA National Processing Service Center, P.O. Box 10055 Hyattsville, MD 20782-7055
- Voye li pa faks nan 800-827-8112 , Atansyon: FEMA