Ede Timoun Fè Fas ak Dezas

Release Date:
November 24, 2020

Dezas lakòz kokennchenn chanjman nan lavi moun ki siviv yo.  Paran ak responsab yo gen dwa vle gade ki fason pou apwoche pitit yo pandan y ap fè fas ak chanjman nan lavi yo, nan kay la ak nan lekòl akòz Siklòn Laura ak Delta.

Reponn avèk Enpak Emosyonèl yon Dezas

Pou timoun ki viv pèt ak destriksyon dirèkteman, oswa ki te gade li nan televizyon sa kapab boulvèse yo. Timoun gen dwa pèdi bèt yo, jwèt prefere yo oswa lòt byen pèsonèl yo te renmen. Timoun bezwen genyen asirans ke lapèn se yon bagay nòmal epi jwenn ankourajman pou yo pale de sa yo resanti.

Timoun gen dwa genyen enkyetid ke yo pa kapab esplike aklè. Reyaksyon yo gen dwa varye, selon laj, men genyen kèk repons ki komen fas ak estrès. Siy ou dwe veye lakay timoun ki gen dwa bezwen èd pou fè fas avèk chòk dènye siklòn yo genyen ladan:

Fèk fèt pou rive sis lane: Ti bebe ak timoun ki jèn anpil gen dwa vin pi iritab, kriye plis pase dabitid epi bezwen plis rekonfò pase anvan dezas la. Timoun laj preskolè ak kindègadenn kapab santi yo sanzespwa epi pè akoz separasyon avèk paran yo. Yo gen dwa rekòmanse souse dwèt oswa pipi nan kabann.

Sèt pou rive 10 lane: Timoun ki pi gran gen dwa vin enkyete poutèt dezas la epi vle pale sou sa toutan. Yo gen dwa pè pou dezas la rive ankò epi gen dwa genyen gwo santiman kòlè oswa tristès. Timoun ki reyaji yo gen dwa ap eksprime lapèn ak twomatis yo a. Yon timoun gen dwa konpòte li kòmsi li pa genyen okenn santiman. Angoudisman sa a se kapab yon pwoteksyon emosyonèl ki pwoteje timoun lan pou li pa santi doulè.

Onz pou rive 18 lane: Adolesan yo gen dwa reyaji avèk konpòtman riske, tankou kondwi san pridans oswa fè abi alkòl ak dwòg. Emosyon entans adolesan yo kapab twòp pou yo epi yo gen dwa pa kapab pale de yo.

Men kèk ti konsèy pou ede timoun yo reprann fòm kò yo epi fè fas avèk sitiyasyon pa yo:

  • Limite tan nan televizyon: Kouvèti entans medya sou dezas yo kapab fè timoun ki jèn yo pè epi twouble adolesan yo tou.
  • Kenbe yon woutin: Estrikti kapab fè yo santi yo pi alèz oswa bay yo yon santiman abitid. Lè lekòl ak gadri yo ouvè ankò, ede yo retounen nan aktivite nòmal yo, sa enkli retounen nan klas, nan espò ak gwoup jwèt.
  • Rezève tan pou yo: Ede timoun yo konprann yo an sekirite, pou sa pale avèk yo, jwe epi fè lòt aktivite an fanmi avèk yo. Pou ede timoun ki pi jèn yo santi yo an sekirite epi kalm, li yon liv prefere yo oswa jwe yon jwèt rilaks an fanmi.

 

FEMA logo

 

 

 

Poze yo kesyon sou kijan yo santi yo parapò avèk sitiyasyon pa yo ki chanje a. Pase tan pou pale avèk yo sou dezas la, fè yo konnen li bon pou poze kesyon epi pou pataje enkyetid ak reyaksyon yo. Li bon tou pou fè timoun yo konnen, san ou pa kouvri yo avèk enfòmasyon, kisa k ap pase nan fanmi a, nan lekòl yo ak nan kominote a.

Paran ak responsab yo ta dwe reponn kesyon yo yon fason kout ak onèt epi mande timoun yo opinyon ak lide pa yo. Ale sou nctsn.org/trauma-types/natural-disasters pou plis lide sou kijan pou rasire timoun ke yo an sekirite.

Lyen Itil pou Resous:

Sit entènèt Sant pou Kontwòl Maladi (Center for Disease Control, CDC) genyen enfòmasyon itil pou timoun sou https://www.cdc.gov/childrenindisasters/index.html

CDC kreye yon liv aktivite pou ofri paran ak edikatè yo yon fason entèraktif pou pale avèk timoun sou kijan pou fè fas ak yon dezas. Li kapab sèvi nan lekòl, kominote ak fanmi yo pou ede timoun yo pale sou santiman yo apre yon dezas epi aprann fason pozitif pou eksprime emosyon yo nan tan ensètitid. https://www.cdc.gov/phpr/readywrigley/documents/RW_Coping_After_a_Disaster_508.pdf

Ajans Federal Jesyon Ijans (Federal Emergency Management Agency, FEMA) genyen yon seksyon sou nouvo sit entènèt ajou li a https://www.ready.gov/kids ki dedye pou ede timoun konprann dezas, epi pare yo pou yon tanpèt avèk jwèt ak istwa, nan lang angle ak panyòl. Sit entènèt FEMA:  www.ready.gov/coping-with-disaster ak www.fema.gov/children-and-disasters.

Save the Children: ale sou www.savethechildren.org epi chèche “Tips to Help Kids Cope with Disasters”. (Ti Konsèy pou Ede Timoun Fè Fas ak Dezas)

Sosyete Ameriken Pedyatri (American Academy of Pediatrics) : ale sou www.healthychildren.org epi chèche

    • “Helping your Child Cope” (Ede Pitit ou Fè Fas)
    • “Talking to Children about Disasters” (Pale avèk Timoun sou Dezas)
    • “How Children of Different Ages Respond to Disasters” (Kijan Timoun Diferan Laj Reyaji fas ak Dezas)

 

Rezo Nasyonal Estrès Twomatik lakay Timoun (National Child Traumatic Stress Network): www.nctsn.org

 

Ajans Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protection Agency) ap resevwa yon seri atelye:

 https://www.epa.gov/la/public-meetings-and-events-louisiana.Pou plis enfòmasyon, kontakte Moraima Barron nan mobarron@tthusc.edu oswa nan 915-215-6110.

Pou jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Delta, ale sou fema.gov/disaster/4570. Pou jwenn dènye enfòmasyon sou Siklòn Laura, ale sou fema.gov/disaster/4559. Oswa, swiv kont Twitter FEMA Region 6 la sou twitter.com/FEMARegion6.

Tags:
Dènye mizajou