BATON ROUGE, La. — FEMA ap travay osi rapidman ke posib pou plase fanmi elijib yo an inite lojman tanporè. Nan seri videyo kout YouTube sa yo, FEMA reponn kesyon sou Pwogram Asistans Lojman Dirèk apre siklòn Laura nan Louisiana.
Chak segman videyo reponn kesyon sou yon aspè spesifik nan efò Pwogram Lojman Dirèk.
Ou kapab wè videyo yo nan https://www.youtube.com/playlist?app=desktop&list=PL720Kw_OojlKw3tTD-G5UcenyG2Yq2bmk.
Tit segman yo se:
Repons FEMA: Kisa ki pase apre yo fin enfòme m ke mwen pral jwenn yon inite?
Repons FEMA: Kijan FEMA detèmine kote pou yo plase inite mwen an?
Repons FEMA: Kisa ki pase pandan vizit sou sit la?
Repons FEMA : Èske mwen pral peye pou inite FEMA mwen an?
Repons FEMA: Kisa mwen pral bezwen fè apre enspeksyon sou sit la?
Repons FEMA: Konbyen tan li pral pran pou yo enstale inite a?
Pou mande kesyon osijè rekiperasyon oswa soumèt enfòmasyon nan FEMA:
Rele Liy èd FEMA nan 800-621-3362 (TTY 800-462-7585); vizite www.DisasterAssistance.gov oswa telechaje Aplikasyon Mobil FEMA nan fema.gov/about/news-multimedia/app.
Pou w jwenn dènye enfòmasyon sou siklòn Laura, vizite fema.gov/disaster/4559. Oswa swiv kont Twitter Rejyon 6 FEMA nan twitter.com/FEMARegion6.