Prim FEMA Pa p Afekte Lòt Benefis yo

Release Date:
December 9, 2021

Rezidan Mississippi yo kap resevwa Sekirite Sosyal oswa lòt peman gouvènman pa gen rezon pou yo enkyete ke asistans FEMA pou katastwòf kapab afekte benefis yo.

Asistans FEMA pou katastwòf pa yon revni taksab.  Aksepte yon sibvansyon FEMA pa pral afekte benefis Sekirite Sosyal ou, Medicare, Medicaid, Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè [Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP)] oswa lòt asistans sosyal federal, rezo sekirite sosyal, ak lòt pwogram admisiblite.

Sibvansyon Federal pou katastwòf ap ede w peye pou lojman tanporè, reparasyon esansyèl nan kay, ranplasman byen pèsonèl ak lòt bezwen grav ki gen rapò avèk katastwòf ke asirans ou oswa lòt sou yo pa kouvri.

Dènye delè pou aplike pou asistans katastwòf se 22 Desanm 2021.

Si ou potko aplike pou èd FEMA, tanpri fè sa anvan delè limit lè ou vizite DisasterAssistance.gov, lè ou rele 800-621-3362, oswa lè ou itilize Aplikasyon mobil FEMA.  Si ou itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn sou-titre oswa lòt, bay FEMA nimewo pou sèvis sa a. Operatè yo sou plas sèt jou pa semèn apati 6 a.m. pou rive 10 p.m. CST.

Aplikan yo ta dwe mansyone nenpòt aksè oswa bezwen fonksyonèl yo ka genyen lè yap aplike. FEMA ka bay entèprèt, sou-titraj an tan reyèl, ak enfòmasyon nan lòt fòma yo tankou Bray, gwo karaktè, odyo, ak vèsyon elektwonik yo. Ajans lan bay tou sèvis gratis pou edde sivivan yo kominike avèk anplwaye yo epi konprann pwogram FEMA yo, sa ki gen ladann:

  • Enfòmasyon disponib nan fòma elektwonik ki aksesib sou sit entènèt FEMA ak medya sosyal.
  • Entèprèt Lang Siy Ameriken Kalifye.
  • Entèprèt plizyè lang Kalifye.
  • Enfòmasyon ki ekri nan plizyè lang.

Pou w jwenn dènye nouvèl sou efò rekiperasyon apre siklònn Ida, tanpri vizite www.fema.gov/disaster/4626. Swiv nou sou Twitter nan twitter.com/femaregion4 ak www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou