Repons Federal nan Efondreman Bilding Surfside nan Florid

Release Date:
July 17, 2021

Nan 1:23 a.m. nan dat 24 Jen 2021 yon gwo seksyon nan bilding kondominyòm Champlain Towers South nan Surfside, Florid, te efondre. Nan dat 25 Jen, Prezidan Biden te siyen yon Deklarasyon Ijans ki otorize asistans federal pou resous lokal ak eta.  Ajans Federal yo imedyatman te mobilize pou sipòte operasyon fouy, sipò pou sivivian yo, finansman pou operasyon ijans ak envestigasyon sou koz trajedi a.

Ekip Sipò Ensidan Ble Sekou & Rechèch Iben (US&R) FEMA

  • Kèk èdtan apre efondreman bilding lan, Sekou & Rechèch Iben (US&R) FEMA te mete plizyè gwoup travay annalèt pou prepare pou deplwaman.
  • Ekip Sipò Ensidan Ble (IST) te deplwaye avèk Gwoup Travay Indiana 1 (IN-TF1), Gwoup Travay Ohio 1 (OH-TF1), Gwoup Travay New Jersey 1 (NJ-TF1), Gwoup Travay Pennsylvania 1 (PA-TF1) ak Gwoup Travay Virginia 2 (V-TF2), yo chak avèk 70-80 manm.
  • Manm gwoup travay yo ki spesyalize nan efondreman bilding, rechèch ak sekou, idantifikasyon materyèl danjere ak alèjman, sipò medikal, jeni estriktirèl, manèv K9 ak operasyon ekipman lou. Yo deplwaye avèk ekipman espesyalize. 
  • IST a swiv Sistèm Jesyon Ensidan Nasyonal [National Incident Management System (NIMS)], kote premye sekouris yo te etabli objektif ensidan ak devwa travay yo.
  • Ekip yo te travay yon orè 12-èdtan nan yon sit operasyon 24 èdtan sou 24.
  • Anplis de ekipman lou, manm gwoup travay yo te enkòpore zouti pou men tankou mato-pikè, si-a-meto ak beton, pèl ak bokit pou dekole plizyè kouch debri sou sit la, pran anpil swen pou fè rechèch ak rekiperasyon viktim yo, rekipere efè pèsonèl pou fanmi sivivan yo ak konsève prèv pou envestigasyon an.  

Enstiti Nasyonal pou Estanda ak Teknoloji
[National Institute of Standards and Technology (NIST)]

  • Nan dat 25 Jen NIST inisyalman te deplwaye yon ekip ki gen ladan sis syantis ak enjenyè pou kolekte enfòmasyon imedyat sou efondreman an pou detèmine si yo ta fè yon envestigasyon teknik konplè daprè Lwa Ekip sou Sekirite Konstriksyon Nasyonal nan dat 30 Jen, ajans lan te anonse li ta sipòte yon envestigasyon teknik konplè.  
  • Espesyalis NIST yo ap travay avèk otorite lokal ak eta yo pou idantifye ak konsève materyèl ak  enfòmasyon yo ki kapab itil nan konprann poukisa efondreman an te rive.  
  • Travay avèk FEMA, Florida State University, Sekou Ponpye Miami-Dade, Fondasyon Syans Nasyonal, Kò Lame Enjenyè Etazini ak Sondaj Jeyolojik Etazini, NIST te fè kèk tele-dekteksyon nan pil debri pou detèmine kote eleman evidans yo te lokalize.  
  • Tele-deteksyon an gen ladan kamera avèk kapasite pou ajoute kowòdone jeyografik nan yon fotografi, dròn ak LiDAR, sa ki itilize pilsasyon rapid nan limyè pou kreye yon kat.
  • Plizyè santèn pyès evidans te etikete ak deplase soti nan sit la, enkli kolòn yo, pout ak pati mòso dal beton; yo te kolekte tout ak konsève pou etid. Syantis SIST yo ap itilize evidans lan  pou valide modèl òdinatè nan  Champlain Towers South, sa ki pral jwe yon wòl enpòtan nan detèmine koz pwobab efondreman pasyèl la.

Fondasyon Nasyonal Syans (NSF)

  • Fondasyon Nasyonal Syans te ede NIST nan itilizasyon LiDAR pou katografi 3D nan sit la.

Kò Enjenyè Ameriken [U.S. Army Corps of Engineers (USACE)]

  • Espesyalis an estrikti yo nan Kò Enjenyè Ameriken [ U.S. Army Corps of Engineers (USACE)] te kontwole yon pil debri pou asire sekirite ekip rechèch yo.
  • Ekip la te gen ladan enjenyè ki resevwa fòmasyon espesyal ki te bay sipò teknik ak konsèy pou chef gwoup yo evalye domaj, redwi danje, pèmèt antre ansekirite, ak asire mobilite nan tout sit la pou pèmèt operasyon sovtaj ak sekou.
  • USACE te deplwaye de espesyalis sou kesyon sa pou bay sipò teknik pou ede planifye pou operasyon retire debri. Administrasyon Avyasyon Federal [Federal Aviation Administration (FAA)]

Administrasyon Avyasyon Federal [Federal Aviation Administration (FAA)]

  • Te[Federal Aviation Administration (FAA)] pibliye restriksyon vòl tanporè (TFR yo) pou sit bilding ki te tonbe a, deplasman Prezidan an, ak egzansyon pou misyon dwòn/ Sistèm Ayeryen san Pilòt.
  • Aksyon sa yo te bay sipò nan efò rechèch katografi zòn katastwòf la, siveye chanjman nan pil debri, ak obsève  rès estrikti ki rete yo kidonk operasyon sa te kapab kontinye san entèripsyon. 
  • Enspektè sekirite lokal FAA yo te sou plas pou siveyans epi kowòdone avèk FEMA. 

Administrasyon Sekirite Sante ak Travay [Occupational Safety and Health Administration (OSHA)]

  • OSHA te patisipe imedyatman pou asire sekirite ak sante travayè yo.
  • Reprezantan yo te sou plas chak jou pou bay asistans teknik pou asire anplwayè yo gen ekipman pwoteksyon pèsonèl ak pwosedi yo anplas pou anpeche blesi/maladi pandan operasyon sekou ak rekiperasyon.  

Kot Gad Etazini [United States Coast Guard – Base Miami Beach (USCG)]

  • Kot Gad la te bay veyikil pou itilize nan operasyon ijans lan.

Ajans Jesyon Ijans Federal– Pwogram Asistans Piblik (FEMA – PA)

  • Anba Deklarasyon Ijans lan, Asistans Piblik FEMA te otorize pou bay ranbousman a otorite eta ak lokal yo pou travay ijans, enkli repons ijans ak retire debri (Kategori A ak B).
  • Espesyalis PA FEMA yo ap kontwole aktivite yo ant sit ensidan ak zòn transit la.
  • Nòmalman, retire debri nan pwopriyete komèsyal yo tankou kondominyòm pa elijib pou asistans FEMA paske konpayi komèsyal yo prevwa pou kenbe asirans ki kouvri retire debri.  Men, nan sikonstans ki limite anpil FEMA ka akòde yon eksepsyon.
  • FEMA te anonse li pral kouvri 100 pousan nan frè travay ijans lan pou premye 30 jou yo, apati 24 Jen 2021. 

Ajans Jesyon Ijans Federal- Asistans Endividyèl (FEMA – IA)

  • Deklarasyon ijans 25 Jen Prezidan an otorize FEMA to ofri Pwogram Endividyèl ak Fanmi li yo pou bay sivivan ak paran pwòch nan efondreman Bilding Champlain Towers South.
  • Pwogram Asistans Endividyèl FEMA (IA) fèt pou ede sivivan katastwòf yo avèk bezwen enpòtan debaz tankou plas fonksyonèl ak sanitè ak ansekirite pou viv pandanke sivivan yo ap chèche lojman alontèm.
  • Akoz nati inik trajedi sa a, FEMA ap travay avèk sivivan yo an pèson nan Sant Asistans Fanmi nan Surfside. FEMA te etabli tou yon ekip spesyal pou sipòte sivivan Surfside yo pa telefòn (800-621-3362).
  • Anplwaye IA kowòdone avèk ajans patnè volontè yo pou konekte sivivan yo nan resous pou rekiperasyon alontèm.

Administrasyon Ti Biznis Etazini (SBA)

  • Administrasyon Ti Biznis nan Etazini (SBA) se sous prensipal gouvènman federal nan fon katastwòf pou rekonstriksyon alontèm.  Ajans lan bay prè katastwòf a fèb enterè alontèm pou biznis tout gwosè, pwopriyetè kay, lokatè ak òganizasyon non-pwofi prive yo pou pèt fizik yo ki pa asire.  Ti Biznis yo ak òganizasyon non-pwofi prive yo ka aplike pou Prè Katastwòf Ekonomik [Economic Injury Disaster Loans (EIDL yo)] pou ede satisfè bezwen capital travay ki gen rapò avèk katastwòf.
  • Reprezantan sèvis kliyan SBA nan Sant Asistans Fanmi nan Surfside ap ede aplikan yo avèk aplikasyon pou prè nan ka katastwòf fizik. SBA a te etabli tou yon Sant Rekiperasyon Biznis pou ede pwopriyetè biznis yo.
  • SBA ofri EIDL nan konte Miami-Dade, Monroe, Collier ak Broward.  Yon espesyalis afè piblik SBA te vizite plis pase 100 biznis nan distri Surfside ak zòn katastwòf avèk enfòmasyon sou EIDL yo.
  • SBA te enfòme ajans federal yo, biwo kongrè, Gouvènè DeSantis, Depatman Opòtinite Ekonomik, otorite eli yo, chanm komès ak medya sou pwogram prè asistans katastwòf.

Biwo Envestigasyon Federal (FBI)

  • FBI Miami te ofri soutyen total li nan operasyon efondreman bilding Surfside.  Imedyatman ajans lan te deplwaye resous bay otorite lokal yo, sa ki gen ladan afekte yon ajan spesyal sipèvizyon nan pozisyon kòmandman ensidan, yon espesyalis  repons evidans nan sèn lan, yon kowòdonatè jesyon kriz nan sant kòmand santral la, ak espesyalis viktim pou ede avèk fanmi sivivan yo.

Depatman Afè Veteran yo

  • Depatman Afè Veteran yo te deplwaye yon Sant Mobil Veteran nan Surfside pou sipòte moun ki te afekte yo nan efondreman bilding lan. Sant Mobil Veteran an te bay resous sante mantal aksesib gratis ak konsèy pou moun yo ki nan kriz.

Depatma Deta

Yon reprezantan nan Biwo Misyon Etranje Depatman Deta te nan kowòdinasyon Surfside avèk ekip repons federal la. Depatman Deta a te travay pou fasilite viza pou manm fanmi viktim etranje yo.

Tags:
Dènye mizajou