Ranpli Aplikasyon SBA Ou a

Release Date:
November 29, 2021

Si ou aplike pou asistans FEMA a apre w fin sibi domaj oswa pèt ki lye dirèkteman ak Ouragan Ida a, ou ka petèt te resevwa yon aplikasyon pou prè Administrasyon Ti Bizins nan Peyi Etazini (U.S Small Business Administration) an bay.

Ou pa oblije aksepte yon prè SBA. Sepandan, ou te ka pa t gen kantite lajan w ta dwe genyen an si yo mande pou aplike, epi ou pa ranpli ak soumèt aplikasyon an.

Gen Kèk alokasyon pou Asistans pou Lòt Bezwen (Other Needs Assistance, ONA) FEMA bay ki ka ede ou peye pou pèt ki pa asire pou mèb, aparèy elektwo-menaje ansanm ak lòt byen pèsonèl yo, veyikil prensipal, ansanm ak asirans kolektif pou ka inondasyon yo men yo p ap konsidere w pou ONA si ou pa retounen aplikasyon pou prè SBA a.

Gen kèk kalite ONA — depans ak lajan nan pòch ou ki pa asire pou swen medikal, dantè, finerè, demenajman ak estokaj, gadri pou timoun — ki pa depann de SBA a epi li pa obligatwa pou ranpli aplikasyon pou prè a. Poutan, se toujou yon bon lide.

Ou kapab jwenn detay anplis sou pwosesis aplikasyon pou prè a lè w rele Sant pou Sèvis Kliyan SBA a nan nimewo 800-659-2955 (800-877-8339) pou moun ki soud ak moun ki tande di) oswa lè w voye imèl nan disastercustomerservice@sba.gov. Pou jwenn plis enfòmasyon sou asistans SBA pou ka dezas la, ale sou go.usa.gov/xM8UQ.

Pou jwenn enfòmasyon ofisyèl sou efò pou retablisman an, tanpri, ale sou www.fema.gov/disaster/4626. Swiv nou sou twitter nan twitter.com/femaregion4 epi www.facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou