FEMA pran angajman pou l ede tout sivivan katastwòf ki elijib yo rekipere apre gwo tanpèt, tònad ak inondasyon ki te pase 12 – 14 Avril la, sa enkli sitwayen ameriken, sitwayen ki pa ameriken ak etranje ki kalifye.
Sivivan dezas nan konte Broward gendwa aplike pou asistans Pwogram FEMA pou Endividi ak Fwaye (Individual and Household Program, IHP). Oumenm oswa yon manm fanmi w dwe yon sitwayen ameriken, natif natal ki pasitwayen oswa yon etranje kalifye.
Si w pa ranpli kondisyon sitiyasyon sitwayen ameriken, natif natal ki pa sitwaye oswa etranje kalifye fwaye w gendwa toujou aplike pou sa epi jwenn akseptasyon pou asistans IHP si:
- Yon lòt granmoun nan fwaye w ranpli kritè kalifikasyon epi sètifye sitwayennte pandan pwosesis enskripsyon an oswa siyen fòm Deklarasyon ak Piblikasyon an, oswa
- Paran oswa gadyen yon minè ki se sitwayen ameriken, natif natal ki pa sitwayen oswa yon etranje kalifye aplike pou asistans nan non timoun nan, si y ap viv nan menm kay. Paran oswa gadyen legal la dwe anrejistre antanke ko-aplikan, epi timoun nan dwe genyen mwens pase 18 lane nan moman dezas la te fèt la.
Etranje kalifye
“Etranje kalifye” genyen ladann:
- Yon rezidan pèmanan legal (mèt yon "kat vèt").
- Yon azile, refijye oswa etranje ki genyen depòtasyon li an atant.
- Yon etranje ki genyen libète kondisyonèl nan Etazini pandan pi piti yon ane.
- Yon etranje ke yo bay antre kondisyonèl (daprè lalwa ki an efè avan 1ye avril 1980).
- Yon sitwayen kiben oswa ayisyen.
- Kèk etranje ki te sibi gwo kriyote oswa ki te viktim fòm grav trafik moun, ki genyen ladann moun ki genyen viza "T" oswa "U".
- Etranje timoun yo te abize ak timoun etranje paran yo te abize yo ki antre nan kèk kategori
Natif natal ki pa sitwayen
Yon natif natal ki pa sitwayen se yon moun ki fèt sou yon teritwa ke Etazini posede (egz. Samoa Ameriken) nan dat oswa apre Etazini fin pran posesyon teritwa a, oswa yon moun ki genyen paran l ki se natif natal ki pa sitwayen. Tout sitwayen ameriken se natif natal Etazini, sepandan se pa tout natif natal Etazini ki se sitwayen.
Timoun Minè Kalifye
Paran oswa gadyen yon timoun minè k ap viv nan menm fwaye gendwa aplike pou asistans nan non timoun nan, ki se yon sitwayen ameriken yon natif natal ki pa sitwayen, oswa yon etranje kalifye. Timoun minè a dwe genyen mwens pase 18 lane nan dat premye jou ensidan an, 12 avril 2023.
Resous
Gade Egzijans Sitiyasyon Sitwayennte ak Imigrasyon pou Avantaj Piblik Federal pou plis enfòmasyon nan plizyè lang sou fema.gov/assistance/individual/program/citizenship-immigration-status.
Si w gen dout sou sitiyasyon imigrasyon w, pale ak yon ekspè imigrasyon pou apann si sitiyasyon w tonbe nan kategori egzijans pou asistans dezas FEMA. Vizite nvoad.org/ pou aprann sou lòt òganizasyon volontè.
Aplike pou Asistans Dezas FEMA
Pou kalifye pou nenpòt pwogram Asistans Endividyèl FEMA, ou dwe aplike nan FEMA. Gen twa fason pou aplike: 1) DisasterAssistance.gov, 2) telechaje aplikasyon aparèy mobil FEMA, 3) rele gratis 800-621-3362. Èd la disponib nan pifò lang. Si w itilize yon sèvis relè, tankou relè videyo (VRS), telefòn ki gen soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo w pou sèvis sa a.
Pou yon videyo aksesib sou kòman pou w aplike pou asistans ale sou, youtube.com/watch?v=WZGpWI2RCNw.