TALLAHASSEE, Fla. – Vini travay pou FEMA epi ede kominote w la refè apre siklòn Helene ak Milton.
FEMA ap fè anbochaj lokal pou plis pase 600 travay nan Gainesville, Melbourne Beach, Sarasota ak Tallahassee, Florid. Anplwaye Lokal ke yo Anboche yo anjeneral se rezidan lokal ki ede nan rekiperasyon kominote yo epi ede vwazen parèy yo nan pwosesis rekiperasyon an. Anpil anplwaye FEMA te kòmanse karyè yo nan jesyon ijans lè yo te ede pwòp kominote pa yo refè apre yon katastwòf.
Pozisyon sa yo se nominasyon a plen tan pou yon dire 120 jou ke yo kapab pwolonje apresa depandaman de bezwen operasyonèl yo.
Anplaye Lokal Ke FEMA anboche yo elijib pou benefis sa yo:
- Asirans sante pou pwoteksyon endividyèl oswa fanmi. Kontribisyon anplwayè a se 75% nan pri asirans lan. Anplaye Lokal Ke yo anboche yo elijib pou enskripsyon pou kouvèti asirans sante apati dat ofisyèl anbochaj/dat travay ak FEMA.
- Kont Kouran Fleksib
- Asirans federal swen alontèm
- Kapasite pou resevwa 4 èdtan konje maladi peye nan chak peryòd peye
- Jou Ferye Peye
- Konpansasyon Travay
FEMA ap aksepte aplikasyon pou pòs sa yo:
- Yo ap aksepte yo pa pita ke 11:59 p.p. ET Samdi 26 oktòb:
- Espesyalis Nan Enfòmatik (IT): USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Kay Prefabrike : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Responsab Imobilye : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Kòmand: USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Lojistik: USAJOBS – Anons Pou Travay
- Ehp Espesyalis Anviwonmantal Plèn Inondasyon : USAJOBS – Anons Pou Travay
- EHP Espesyalis Revizyon Sou Konfòmite Anviwonmantal : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Yo ap aksepte yo pa pita ke 11:59 p.p. ET Lendi 28 oktòb:
- Jestyon Ijans 2: USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Afè Ekstèn : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Sektè Prive : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Liyezon Pwogram: USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Kominikasyon Dijital : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis nan Afè Entègouvènmantal/Kongrè /Sektè Prive: USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Prezèvasyon Istorik : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Administratif IRC: USAJOBS – Anons Pou Travay
- Yo ap aksepte yo pa pita ke 11:59 p.p. ET Madi 29 oktòb:
- Espesyalis Nan Administrasyon Gouvènman Local IRC CA : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Ekspè Nan Planifikasyon Kominotè : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Yo ap aksepte yo pa pita ke 11:59 p.p. ET Mèkredi 30 oktòb:
- Espesyalis Kreyatif Afè Ekstèn : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Nan Rekiperasyon Dezas Nasyonal : USAJOBS – Anons Pou Travay
- Espesyalis Planifikasyon: USAJOBS – Anons Pou Travay
Gen plis pozisyon ke yo pral mete anliy nan yon avni ki pwòch.
Yo ap fèmen tout pozisyon sa yo a 11:59 p.m. ET nan dat fèmeti oswa lè yo resevwa kantite maksimòm aplikasyon an. Yo ka ajoute plis pozisyon pita. Pou w wè tout pozisyon ki ouvè yo, vizite USAJobs.gov, tape "FEMA Local Hire" nan seksyon pou mo kle yo epi "Florida" pou kote an.
Pou jwenn konsèy, ki gen ladan kijan pou prepare rezime w la ak navige sou sitwèb la, vizite USAJOBS Help Center - Application Process.
Tout aplikan yo dwe sitwayen ameriken, ki gen 18 an oswa plis, epi ki gen yon diplòm lekòl segondè oswa yon diplòm ekivalans jeneral. Moun yo pral oblije pase yon envestigasyon sou background ki gen ladann anprent ak yon tyèk kredi. Anplwaye yo oblije patisipe tou nan depo dirèk oswa transfè lajan elektwonik pou peman salè. Si yo jwenn ke ou kalifye, yo ka rele ou pou yon entèvyou.
Pou jwenn dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Siklòn Milton, vizite fema.gov/disaster/4834. Pou jwenn enfòmasyon sou rekiperasyon apre Siklòn Helene, vizite fema.gov/disaster/4828. Swiv FEMA sou X nan x.com/femaregion4 oswa sou Facebook nan facebook.com/fema.