Fè Fas ak Estrès Vakans yo Apre yon Katastwòf

Release Date Release Number
056
Release Date:
December 18, 2023

Vakans yo ka fè retounen nan lespri ou kèk moman ki te bay anpil kè kontan ki pa posib ankò apre yon katastwòf natirèl. Si w santi w panike, si w poukont ou oswa si w gen dout sou sa k pral rive demen, ou pa poukont ou. Ou ka jwenn èd. Vakans yo ka ogmante estrès yo, paske fèt tradisyonèl yo pral diferan akòz siklòn yo, sa ka yon moman ki espesyalman difisil.

Dapre Klinik Mayo a, estrès se yon reyaksyon sikolojik ak fizik ki nòmal anrapò ak egzijans lavi yo. Yon ti kantite estrès ka bon, li ka motive ou pou w fè bon bagay. Men, pil pwoblèm chak jou yo, tankou chita nan blokis, respekte delè yo ak bòdwo ou gen pou w peye, ka pouse ou pi lwen pase kapasite w genyen pou w sipòte a. Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon klike sou: Prensip debaz sou jesyon estrès 

Katastwòf yo ka sitou kite timoun yo nan yon sitiyasyon kote yo santi yo pè, yo nan konfizyon, ak ensekirite. Kit yon timoun te viktim pèsonèlman nan ravaj siklòn nan te fè, kit li te wè evènman an nan televizyon, oswa li te tande granmoun k ap pale sou sa, li enpòtan pou paran ak pwofesè yo okouran epi pou yo pare pou bay koutmen si gen reyaksyon estrès ki kòmanse rive. Dapre Enstiti Nasyonal Sante Mantal, sentòm depresyon yo ka gen ladan:

  • Difikilte pou konsantre, pou sonje detay yo, oswa pou pran desizyon
  • Fatig ak pèdi fòs
  • Santiman koupab, san valè, ak/oswa pa kapab, laperèz ak dezespwa
  • Pa ka dòmi, reveye bonè nan maten, oswa dòmi twòp
  • Chimerik, ajitasyon
  • Pa enterese nan aktivite yo te renmen

Liy èd 2-1-1

Moun Florida ki gen estrès akòz katastwòf la ka rele sant apèl eta a (352) 332-4636 oswa voye kòd postal yo a nan SMS nan 898-211 pou jwenn sipò. 

2-1-1 se nimewo telefòn espesyal abreje ki rezève kòm yon nimewo ki fasil pou sonje epi ki la pou bay enfòmasyon ak referans bay òganizasyon sante, moun ak sèvis sosyal yo.

Anplis gide moun k ap rele yo pou jwenn konseye sou kriz yo, mete sou sa, nimewo 2-1-1 an bay moun ak fanmi ki nan bezwen yo enfòmasyon sou kote yo ka jwenn sèvis sosyal tankou pwogram manje ak nitrisyon siplemantè, abri ak posiblite pou lojman, sèvis pou veteran, ak enfòmasyon sou swen sante.

Epitou, sant apèl yo fèt pou ede moun ki pa pale Anglè, moun ki limite nan fè lekti, ak moun ki nouvo nan kominote yo. United Way ap jere oswa finanse 70 pousan sant 2-1-1 yo.

Liy Asistans Nasyonal pou Detrès Apre Katastwòf

Liy Asistans Nasyonal pou Detrès Apre Katastwòf (National Disaster Distress Helpline, DDH), ki jwenn finansman Administrasyon Sèvis Sante Mantal ak Moun ki Dejwe (The Substance Abuse and Mental Health Services Administration, SAMHSA), bay tou konsèy ak sipò nan ka gen kriz ak moun ki viktim detrès emosyonèl ki gen rapò ak katastwòf natirèl oswa katastwòf moun pwovoke. Gen sipò ki disponib pou tout moun ki abite Ozetazini ki gen estrès oswa pwoblèm sante mantal ki gen rapò ak nenpòt katastwòf natirèl oswa katastwòf moun pwovoke atravè Liy Asistans Nasyonal pou Detrès la (rele oswa voye tèks nan 1-800-985-5990; pou Panyòl, peze "2"). Liy asistans lan disponib 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn.

Moun k ap rele yo ka antre an kontak ak konseye liy asistans DDH yo nan plis pase 100 lòt lang atravè sèvis entèpretasyon yon lòt pati bay. Moun ki soud oswa ki tande di yo ka itilize opsyon tèks la. Pou antre an kontak dirèkteman ak yon ajan nan Lang siy Ameriken, klike sou bouton "ASL Now" ki sou sitwèb SAMHSA a (anba) oswa rele 1-800-985-5990 nan telefòn ou genyen ki ka fè videyo a. Sipò ASL disponib 24/7. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou: https://www.samhsa.gov/

Lòt Resous pou Siviv

  • Crisis Text Line bay sipò gratis pou sante mantal, 24/7, ak entèvansyon pou sizoka gen kriz. Vizite www.crisistextline.org oswa voye tèks HOME nan 741741.
  • Sant Asistans Anliy pou Fanmi nan Lakwa Wouj Ameriken: Rele 833-492-0094.
  • Liy Dirèk pou Abi nan Depatman pou Timoun ak Fanmi nan Florida: Rele 800-962-2873.
  • Liy Dirèk Kont Vyolans Domestik: Rele 800-799-7233 oswa voye tèks START nan 88788.
  • Liy Asistans Nasyonal kont Agresyon Seksyèl: Rele 800-656-HOPE.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale sou floridadisaster.org/info ak fema.gov Suiv FEMA sou X, yo te konnen lontan sou non Twitter, nan FEMA Region 4 (@femaregion4) ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou