Ouvèti yon Sant Rekiperasyon Katastwòf tanporè nan Konte Gilchrist

Release Date Release Number
033
Release Date:
October 17, 2023

LAKE MARY, Fla. – Eta Florida ak FEMA ap jere Sant Rekiperasyon apre Katastwòf (DRC) ki nan Konte Broward yo.

Gen yon Sant Rekiperasyon apre Katastwòf Mobil ki ouvri nan Konte Gilchrist.

 Konte Gilchrist: Gilchrist County Fire Station #4, 6980 SW 70th Ave in Trenton. 

Lè Fonksyonman yo se: 9è nan maten rive 6è nan aprèmidi madi 17 oktòb pou samdi 21 oktòb.

Espas ki ouvri nan moman:

  •  Konte Citrus:  Crystal River Library, 8619 W Crystal St., Crystal River. Lendi-Mèkredi, 9è nan maten rive 6è nan aprèmidi, 9è nan maten rive 5è nan aprèmidi jedi-vandredi, fèmen samdi-dimanch (fèmen nèt apati 5è aprèmidi vandredi 27 oktòb.)
  • Konte Columbia 180 E Duval St. Lake City, 9è maten pou 6è aprèmidi lendi-samdi, fèmen jou dimanch
  • Konte Dixie: Dixie County Public Library, 16328 SE US-19, Cross City, 9è maten pou 8è aprèmidi lendi-samdi, fèmen jou dimanch
  • Konte Hamilton: 1153 NW US Hwy 41, Jasper, 9è maten pou 6è aprèmidi, lendi-samdi, fèmen jou dimanch
  • Konte Hernando Hernando Public Library Branch, 9220 Spring Hill Dr. Spring Hill, 9è maten pou 6è aprèmidi lendi-samdi, fèmen jou dimanch. 
  • Konte Jefferson: Jefferson County Library, 375 S Water St., Monticello, 9è maten pou 6è aprèmidi, lendi-samdi, fèmen jou dimanch
  • Konte Lafayette: Mayo Community Center, 150 NW Community Cir., Mayo, 9è maten pou 6è aprèmidi, lendi-samdi, fèmen jou dimanch
  • Konte Madison: Career Source North Florida, 705 E Base St., Madison, 8è maten rive 8è aprèmidi chak jou
  • Konte Manatee: Rubonia Community Center, 1309 72nd St. E, Palmetto, 9è nan maten pou rive 6è nan aprèmidi (fèmen nèt apati 6è aprèmidi 20 oktòb)
  • Konte Pasco: Rubonia Community Center,11611 72nd St. E, Palmetto, 9è nan maten pou rive 7è nan aprèmidi (fèmen nèt apati 7è aprèmidi 28 oktòb)
  • Konte Taylor: Steinhatchee Community Center, 1013 S. Riverside Dr., Steinhatchee, 9è nan maten pou rive 6è nan aprèmidi (fèmen nèt apati 6è aprèmidi 20 oktòb). Lendi-Samdi, fèmen dimanch

Pa gen randevou ki nesesè pou vizite yon Sant Rekiperasyon Katastwòf. Rezidan yo byenvini pou vizite nenpòt DRC ki louvri, ou pa bezwen ap viv nan konte sa.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo bay moun ki sinistre yo enfòmasyon ki soti nan ajans eta FLorida yo, FEMA ak Administrasyon Ti Biznis Etazini. Moun ki sinistre yo kapab jwenn èd lè yo aplike pou èd federal, aprann plis sou kalite èd ki disponib yo, aprann plis sou pwosesis apèl la epi jwenn nouvo enfòmasyon sou aplikasyon yo.

Apre ou fin vizite yon sant, ou kapab aplike lè w ale anliy sou disasterassistance.gov, itilize aplikasyon mobil FEMA oswa rele nan 800-621-3362, 7è nan maten pou 10è aprèmidi Lè Lès chak jou. Gen èd ki disponib nan plizyè lang. Si w ap itilize yon sèvis relè, tankou sèvis relè videyo (VRS), sèvis telefòn ak soutit oswa lòt sèvis, bay FEMA nimewo sèvis sa a. Dat limit pou aplike pou FEMA a se 29 Novanm 2023.

Sant Rekiperasyon apre Katastwòf yo aksesib pou moun ki gen andikap. Yo gen ekipman asistans teknoloji ki pèmèt moun ki sinistre nan katastwòf yo kominike ak manm pèsonèl yo. Gen sèvis Entèpretasyon Videyo Adistans ki disponib epi gen lang siy an pèsòn ki disponib si w mande sa. Sant yo gen pakin, ranp, ak twalèt ki aksesib pou moun ki andikape tou.

Èd Endividyèl FEMA a kapab ede nan depans pou lojman tanporè, reparasyon debaz nan kay ak lòt bezwen enpòtan ki lye ak katastwòf la. 

Pou gade yon videyo aksesib sou fason pou aplike pou jwenn èd, ale sou Three Ways to Register for FEMA Disaster Assistance - YouTube.

Pou dènye enfòmasyon sou rekiperasyon Florida apre Siklòn Idalia, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4734. Suiv FEMA sou X, ansyen non Twitter sou twitter.com/femaregion4 ak sou facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou