FEMA ap bay travay nan FLORIDA

Release Date Release Number
103
Release Date:
October 5, 2023

LAKE MARY, Fla. – Vin travay pou FEMA epi ede kominote ou a rekipire nan katastwòf ki sot pase a.

FEMA ap gen 33 pòs ki disponib pou bay travay anndan Gainesville ak Lake Mary. Ajans lan ap chèche moun ki gen eksperyans nan analiz jewospasyal ak done, nan jesyon plèn ki kapab inonde yo, relasyon nan medya, redaksyon ak edisyon, konsepsyon kominote, fòmasyon ak resous imen, rediksyon risk, sipò administrativ ak enjenri ak achitekti, pami lòt kategori travay. Anplwaye yo pral sèvi pou demach pou rekiperasyon katastwòf pou Siklòn Ian, Siklòn Nicole, Siklòn Idalia ak inondasyon nan Konte Broward.

Se travay tout jounen (8èdtan), jiska 120 jou randevou, ki kapab plis tan si gen plis bezwen.

Anplwaye FEMA ki ap travay lokal yo kalifye pou avantaj sa yo:

  • Kouvèti asirans sante endividyèl oswa pou fanmi. Kontribisyon anplwaye se 75% prim. Moun yo anplwaye lokal yo kalifye pou anrejistre pou kouvèti asirans sante apati dat yo kòmanse travay oswa anplwaye nan FEMA
  • Kont depans fleksib
  • Asirans federal swen alontèm
  • Posibilite pou ganyen 4èdtan konje maladi pou chak tan y ap fè pèman.
  • Pèman jou ferye:
  • Konpansasyon travayè

Kandida yo dwe se sitwayen Ameriken, gen 18 lane oswa plis; epi yo dwe gen yon diplòm etid segondè oswa GED. Y ap fè yon ankèt sou pase endividi yo ki ap gen ladan l anprent ak verifikasyon kredi yo, yo dwe gen pwòp mwayen transpò yo pou ale ak soti travay epi dwe ap viv nan anviwon 80 kilomèt travay la. Ajans lan pa p kouvri oswa ranbouse lojman ak manje. Anplwaye yo gen obligasyon pou patisipe nan depo dirèk ki obligatwa/transfè lajan elektwonik pou peye salè.

Kòman pou ou aplike:  N ap ankouraje kandida ki enterese pou yo aplike souUSAJobs.gov. Toutotan katastwòf la gen bezwen larelèv, ap gen nouvo pòs ki ap louvri sou USAJobs. Y ap enfòme kandida yo lè gen pozisyon pou travay ki louvri nan FEMA. Ou kapab anrejistre yon rechèch pou sa kapab ede w chèche travay nan domèn ou enterese a sou USAJobs. Pou eksplikasyon tanpri ale sou: Sant Èd USAJOBS | Kijan pou anrejistre yon rechèch

Tags:
Dènye mizajou