Dat pou fè demann Èd Piblik la pwolonje pou 9 jen

Release Date Release Number
DR-4709-FL NR-012
Release Date:
Jen 1, 2023

LAKE MARY, Fla. – Gouvènman Eta ak lokal yo, ak òganizasyon kominote ak benevòl, ak tout mezon adorasyon, ki te frape nan dat 12-14 avril la nan gwo siklòn, tònad ak inondasyon nan Konte Broward la gen jiska 9 jen 2023 pou voye demann pou resevwa finansman pou Èd Piblik FEMA bay eta.

 

Pwogram Asistans Piblik FEMA a bay sibvansyon pou gouvènman eta, tribi, ak lokal yo, ak sèten kalite òganizasyon prive ki pa pou pwofi, tankou mezon adorasyon yo, konsa kominote yo ka byen reyaji vit ak retabli apre gwo katastwòf oswa ijans.

Kandida yo ap travay ak FEMA pou ka elabore pwojè ak kaye detay la. FEMA peye Divizyon Jesyon Ijans Florida (FDEM)pou pwojè yo apre yo fin apwouve yo. Depi pwojè a fin apwouve, FDEM ap travay nan tèt-kole ak aplikan yo pou yo fini ak pwosesis sibvansyon an epi kòmanse fè pèman. FDEM mete anplas pwosedi ki fèt pou asire sibvansyon finansye kominote lokal yo bay byen rapid.

Moun ki ap panse pou aplike yo ka kontakte konte jesyon ijans oswa FDEM pou plis enfòmasyon.

 

Pou plis enfòmasyon sou rekiperasyon Florida, ale soufloridadisaster.org/info akfema.gov/disaster/4709. Suiv FEMA sou Twitter nan FEMA Region 4 (@femaregion4) / Twitter and at facebook.com/fema.

Tags:
Dènye mizajou