TALLAHASSEE, Fla. – Tank rezidan Florida yo ap repare oubyen rekonstwi kay yo ki andomaje akoz Siklòn Michael, FEMA ak magazen renovasyon kay nan konte Bay ak Leon yo ap mete tèt ansanm pou yo bay enfòmasyon ak dokimantasyon gratis sou fason pou rann kay pi solid epi pi sekirize.
Jwenn plis enfòmasyon sou fason pou ranfòse pwopriyete ou sou sitwèbfema.gov/protect-your-property. Espesyalis FEMA yo ka bay konsèy jeneral konsènan règleman pou asirans inondasyon epi yo ofri asistans teknik pou ede nan rekiperasyon an.
Pou kontakte FEMA, rele liy asistans telefonik lan nan 800-621-3362 oswa 800-462-7585 (TTY). Operatè ki pale plizyè lang disponib pou ou. Operatè yo ap travay apati 6 a.m. rive 10 p.m. sèt jou sou sèt jouk yo ta di yon lòt bagay.
###
Misyon FEMA: N ap ede moun anvan, pandan epi apre katastwòf.
Pou jwenn yon lis resous ki disponib pou moun ak biznis ki afekte nan Siklòn Michael, ale sou sitwèb, www.floridadisaster.org/info Pou jwenn plis enfòmasyon sou Rekiperasyon apre Siklòn Michael, ale sou sitwèb www.fema.gov/ht/disaster/4399.
Swiv FEMA ak Divizyon Jesyon Ijans Florida sou Twitter nan @ FEMARegion4 ak @FLSERT. Ou ka vizite FEMA ak paj Facebook Divizyon an tou nan Facebook.com/FEMA ak Facebook.com/FloridaSERT .
| |||||||||||||||